vendredi 14 octobre 2016

DOMINIKEN ACHETE AYITI AK 500 KAMYON MANJE.-

Me travay gouvènman LAVALAS, PITIT DESSALINES, VERITE ak MOPOD kitap bloke peyi-a fè vyolans de 2012 a 2016. —- Devan katastròf politik tranzisyon de facto kote pèp la reyalize se yon bann demagòg, blofè, kowonpi, magouyè, piyajè, pwofitè san prensip ki tap pale anpil nan radyo fè manti sou TETKALE, nèg yo rele patron dominken yo voye solda pou yo ka kenbe pouvwa epi chache enflyanse eleksyon yo. Makiyaj èd imanitè a se pou fè pèp la dòmi. Privert, Bellerive ak majorite minis nan gouvènman sa se tchyoul dominiken ki leve anbago sou 23 pwodi pou yo, sispann pale de aysyen yap maltrete Sendomeng, antere dosye kontestasyon kont desizyon retire nasyonalite dominiken ki gen san aysyen yo. Jodia moun ki konn ap pale lame d’Ayiti mal, akeyi nan peyi d’Atiti solda dominiken ki konn ap maltrete Aysyen lakay vwazen. Mwen wont pou tout jounalis aysyen ki paka denonse sa paske yo gen lajan dominiken ak lajan Privert nan men yo.

Cyrus Sibert, Okap, Ayti
14 oktòb 2016
reseaucitadelle@yahoo.fr
@reseaucitadelle

Aucun commentaire: