lundi 10 octobre 2016

Haiti - Cyclone Matthieu : Où sont les fonds d’urgence du budget national???

Kote FONDS D’URGENCE ki te nan bidjè nasyonal la? Depi fevrye 2016, gouvènman de facto ap foure men nan lajan ki prevwa nan bidjè peyi-a pou leta ede viktim lè gen dezas. Se ak kòb sa li jere palmantè pou kore Privert. Yo menm mete yon ansyen Senatè nan ministè l’enteryè pou gen kontròl lajan sa. Yo rive foure men pran 600 milyon sou fòm KADO ANONYM yon fason pou finanse karavan nòstalji Aristide/Lavalas. Jodi-a malere viktim siklòn Matye paka jwenn sekou paske gouvènman de facto pa gen lajan. Lavalas nan lari ap mande charite, fè tan pase ak lide detounen tout èd imanitè blan ap pote pou pèp la. Eleksyon lib pa posib ak pouvwa tranzisyon fanatik. Viktim yo dwe mobilize pou lajan fonds d’urgence.

Aucun commentaire: