vendredi 24 février 2017

MEZANMI KOTE GOCH AYITI A? ESKE JANM GEN MOUN KI FÈ PLIS PWOJÈ SOSYAL PASE @LAURENTLAMOTHE???

Nan tout peyi sou latè, mouvman popilè toujou leve kanpe kont politik "Cash Management" ki se yon politik osterite bout di kote leta bouche zye ak zòrey li devan mizè moun ki pi pòv yo epi deside depanse sèlman sa li rantre nan resèt. Nou konnen kontreband fè peyi d'Ayiti pèdi plizye santèn milyon dola chak ane. Ki vle di leta pa rantre anpil lajan. Ki vle di, yon politik "Cash Management" nan peyi d'Ayti lakòz leta pa depanse anyen pou pèp la. Se rezon sa ki lakòz lopital fèmen, pwogram sosyal fèmen e latri, netwayaj kanpe e latriye.
Anpil moun ap di se paske mwen pa renmen Prezidan Privert ki fè map di se li ki lakòz bagay yo di konsa pou malere. Eske Prezidan Privert ak tout gouvènman li an pa toujou ap vante koman yo mennen politik bout di "Cash Management" ? Nan peyi d'Ayiti yo toujou panse yo ka anpeche w di verite, menm lè tout moun wè sa se verite.
Prezidan Privert vante tèt li deske li aplike politik bout di sa. Okenn moun pa janm di anyen. Okenn òganizasyon popilè, okenn mouvman sosyal, okenn òganizasyon dwa moun, okenn ONG alter-mondyalis, ni pati la goch pa di anyen. Radyo Kiskeya ki gen Lionel Trouillot, Madame Liliane Pierre-Paul ak Mavel Dandin, lòt gwo jounalis tankou Jean Mona Métellus, ki toujou ap reklame di yo se lagoch, pa di anyen.
Preske yo tout tap bat bravo pou politik bout di "Cash Management" ke mas pèp toujou ap konbat nan tout peyi tankou Grèce. Yo te kontan deske Minis finans Privert a retire lajan nan pwogram sosyal, nan bouch pèp la pou finanse pwojè politik kenbe pouvwa epi refè eleksyon ki vle di kòwonp palmantè ak senatè ki tap sipòte prezidan de facto Privert.
Yo genlè te wont denonse sa paske yo te konn ap kritike pwogram sosyal EDE-PEP ke Premye minis Laurent Lamothe te mete kanpe pou soulaje malere; Yo pat ka di anyen paske yo te konn kritike 1.5 dola sou transfè ak frè sou apèl ke leta itilize pou voye pitit malere lekòl nan pwogram PSUGO; Yo te konn kritike Ti-Manman cheri ak panye solidarite di se gaspiyaj. Pou tèt sa yo te oblije kore pwogram "CASH MANAGEMENT" FMI an.
Kidonk vrè goch Ayti a se Laurent Lamothe ki reprezante'l. Paske se li ki mete plis pwogram sosyal sou pye ak bon jan zanmitay ak peyi amerik latin.
Sa kap pase entelektyèl peyi d'Ayiti? Kòman yo fè pat ka konprann sansibilite sosyal Lamothe epi mete presyon pou pwogram sosyal yo byen fèt nan transpans, olye yo te konbat yo?
Menm lè yon moun dwat nan peyi rich li paka pa gen sansibilite sosyal lè li rive nan peyi pòv devan mizè malere kap soufri epi mouri grangou san laswenyay, san lopital, san edikasyon, nan chomaj. LePap legliz katolik ki se Pap François ke tout moun konnen tankou yo moun dwat blije ap defann malere, imigran, devan mizè li wè yap viv. Pap François rive menm di "lajan se kaka djab"
Koman entelektyèl nan peyi d'Ayiti fè pakab wè mizè malere jodia aprè plizyè ane kriz politik Simon Desras, 2 lane politik dilatwa, gaspiyaj lajan nan eleksyon epi yon politik "Cash management" ?
Cyrus Sibert, Okap, Ayiti // 24 fevrye 2017
reseaucitadelle@yahoo.fr // @reseaucitdelle // WhatsApp: 509-3686-9669

Aucun commentaire: