mardi 6 juin 2017

#Haiti : Refleksyon sou ensekirite ki blayi nan peyi-a! (Teks Cyrus Sibert)

#Haiti : Refleksyon sou ensekirite ki blayi nan peyi-a! (Teks Cyrus Sibert)

Mwen paka konprann kòman fè li enposib pou lapolis PNH yo mete yon fwen nan koze ensekirite sa.

Se pa jodi nèg ak zam ap asasinen moun kap souti labank, moun ki nan mache, sitwayen kap regle zafè pèsonèl yo. Etranje komanse ap mouri nan peyi d’Ayiti. Yon bagay ki pa bon ditou pou imaj peyi-a ak touris ki se pi gwo sektè pou kreye djòb pou pèp la.

Ki sa ki anpeche lapolis ak lajistis kwape bandi yo? Pouki sa Sekretè Sekirite piblik pa tounen yon veritab ajans ransèyman pou kolekte enfòmasyon, pataje ak lapolis, swiv travay DCPJ ak Gwo Chèf PNH yo, chache mwayen pou fini ak bandi yo?

Bagay sa grav!

Se chak jou bandi ap asasinen malere nan peyi-a. Yon menm di gen gwo chèf nan PNH ki gen gang pou fè lajan nan ensekrite; Anpil boujwa nan Pòtoprens ta va gen gang yo pou simen latwoublay, kenbe klima ensekirite a wo pou anpeche lòt moun vini envesti nan peyi d'Ayiti.

Si Prezidan Jovenel vle, li kapab kanpe dezòd ensekirite sa lè lap mete mwayen pou chache enfòmasyon sou bandi yo, kontwole travay lapolis, swiv tout dosye ki lajistis yon fason pou majistra kòwonpi ak Pakè pa lage bandi lapolis arete. Bagay sa tap mete sitwayen yo an konfyans pou yo bay plis enfòmasyon.

Ant 2012 ak 2014, lè Laurent Lamothe te Premye minis, anpil de zam ak machin blende pou lapolis, li te chache ekipman elektronik modèn pou ede DCPJ (cellule anti-kidnapping) swiv bandi yo epi arete yo. Bagay sa te pèmèt anpil moun pran kòd paske lè aparèy elektronik sa yo ap travay, yo konnen si bandi a se zanmi senatè, si li rele Cliford Brandt, oubyen si li se zanmi gwo zouzoun nan pouvwa.

SWAT ak CAT-Team te gen lòd mare tout moun yo detekte. Polisye DCPJ yo te gen bwa dèyè bannann yo lè yap aji. Okenn moun pat ka rele bay yo presyon paske PM Lamothe te kanpe deyè yo, li te di yo fè travay yo epi si yon moun fache di’l rele Primati. Politik sa te bay rezilta. E tout moun konnen ki konsekans li te gen sou Lauren Lamothe.

Moun ki te gen gwo zanmi nan pouvwa te fè konplo kont Lamothe. Jiska prezan sektè ki nan dwòg, nan kontrebann, nan trafik zam ak krim pa janm sispann pèsekite Lamothe, chache bare li yon fason pou’l pa janm retounen sou pouvwa, vini bay yo pwoblèm. Kòm se lamòd nan peyi lamerik latin yo, kòwonpi ap akize pwogresis de kòripsyon. Aprè demisyon Lamothe, yo revoke oubyen demobilize pifò moun ki tap konbat kidnapin.

Menm jan nou te wè ti amelyorasyon pandan Premye Minis Lamothe te nan tèt gouvènman peyi-a, peyi-a kapab gen sekirite. Men, fòk Prezidan Jovenel Moise sispann fè biwokrasi Lapolis la konfyans. Fòk li sonje deklarasyon li te di nan kanpay la : "Un président qui se respecte ne doit pas avoir d’ami”.

Ayiti paka devlope si pagen sekirite. Yon peyi moun paka ale labank se yon peyi kote gwo chèf lapolis echwe. Si yo paka bay rezilta, tout gwo chèf lapolis la merite pran retrèt, bay moun ki kapab fè travay la.

Otorite politik yo dwe detèmine pou bay rezilta ki vle di pa nan zanmitay ak bandi ni pati pri pou pèsonn, epi chache mwayen teknik, moun ki kapab ak lajan pou sekirite tabli. Yo dwe kanpe tankou Lamothe : Pito w demisyone tan pou’w nan pass-pou-ki, danse kole ak kriminèl. Listwa va bay w rezon!

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
5 juin 2017
reseaucitadelle@yahoo.fr
@reseaucitadelle
WhatsApp : 509-3686-9669

https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10153417078189478.1073741826.170678274477/10156333868584478/?type=3&theater

Aucun commentaire: