jeudi 8 juin 2017

#Haiti : Reyaksyon pozitif plizyè jenn sou koze Nicolas Duvalier a.-

#Haiti : Reyaksyon pozitif plizyè jenn sou koze Nicolas Duvalier a.- (Teks Cyrus Sibert)

Sak ta di sa? Sepa 2 jenn gason ak jenn fanm ki ekri'm sou whatsapp: 509-3686-9669 pou mande enfòmasyon sou òganizasyon politik Nicolas François Duvalier. Jenn sa yo di yo vle patisipe nan batay politik Duvalier-a.

Yo rapòte'm kòman papa yo ak manman yo toujou di Ayiti pat mal konsa sou Duvalier. Te gen sekrite, moun te konn mache lanwit ale tout kote; pouvwa politik sete bagay serye ke anpil moun te respekte; blan pat konn vin pase lòd konsa nan peyi-a; bagay yo pat yon jwèt.

Nòmalman, mwem di yo ke se rapòte mwen rapòte aktivite Nicolas Duvalier nan yon lojik prevwa evolisyon "panorama" politik la. Mwen pa reskonsab anyen nan Duvalier, mwen pa Duvalieris.

Anpil nèg kap pale anpil nan Radyo ak sou rezo sosyo yo pa rive konprann ke absans ideoloji sou teren politik la kreye yon vid ke Duvalieris yo ka eksplwate fasil si yo byen mennen batay politik yo a. Si vid ideolijk la pèmèt anpil atis rive sou pouvwa ak koze fè espetak, fè piblik ri gryen dan, menm vid sa kapab atire ideoloji divalyeris la tou. Top Adlerman te vle alonje lis vedèt ki rive genyen eleksyon paske piblik la renmen yo.

Menm jan nasyonalis ap vale teren Ozetazini, nan peyi LaRisi ak lòt kote ekstrèm dwat ap monte, imilyasyon ke Ayiti ap sibi, ensekirite ak dezespwa ka kreye wout pou yon nasyonalis aysyen. Sou pwen sa Duvalieris yo ap sèl kòk chante. Desalin sete chwal batay François Duvalier.

Reyaksyon mwen resvwa de anpil jenn fè’m santi ke bagay yo pa klè pou pèsonn.

Anpil nèg panse y’ap ka bloke listwa pou yo rive prezidan; gen lòt ki panse yo sèlman bezwen detri moun kite bay rezilta pou yo ka pran plas yo; anpil nèg akote prezidan Jovenel ap tann ti pass kout; gen lòt ki panse yap ka refè'l menm jan. San konte pati politik tradisyonèl yo ki poko janm ka re-envante tèt yo, twouve jenn moun pou dirije yo. Moise Jean-Charles panse kontinye mache pale nan radyo pral chanje bagay yo pou li. Eksperyans pwouve etènel kandida pa janm reyisi an Ayiti.

Ebyen, atansyon! Menm jan pèp la te bouche zòrey li pou'l pran chans li ak yon mizisyen san eksperyans politik paske li te bouke ak politisyen tradisyonèl yo, li ka deside kase tèt tounen al jwenn Duvalieris yo. Papa Doc ak Baby Doc mouri, pagen moun kap ka di mas yo, Nicolas Duvalier te touye moun oubyen te vole lajan leta.


Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
8 jen 2017
reseaucitadelle@yahoo.fr
@reseaucitadelle
WhatsApp: 509-3686-9669

https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10153417078189478.1073741826.170678274477/10156346145799478/?type=3


Aucun commentaire: