mercredi 12 juillet 2017

Pouki sa 151 pwojè kitap ekzekite sou Lamothe yo kanpe???

Na paj 5 arète 29 avril 2015 la, nou ka wè koman gouvènman Premye Minis Evans Paul ak Prezidan Martelly te deside retire 2,397,120.12 dola meriken ki te disponib pou konstriksyon MACHE FONTAMARA. Depi lè sa konstriksyon mache a kanpe.

Malgre sa, nan tout radyo, jounalis ap kritike Laurent Lamothe paske travay yo kanpe nan MACHE FONTAMARA. Sa’k pi grav la, Depite Arnel Belizaire fè yon ankèt, kote nan paj 30 dokiman rapò li a, yo fè bagay la parèt komsi se Lamothe ki reskonsab.

Alòs pouki sa jounalis aysyen yo, gwo radyo ak televizyon nan peyi-a, pat janm chache kopi arète sa kote yo dezafekte 244,130,135.45 dola meriken, PM Lamothe ak lòt minis ki te pase avan li te mete pou konstriksyon 151 pwojè.

Pandan jounen an n’ap piblye tout pwojè ki te oblije kanpe paske yo te retire lajan kite disponib pou reyalize yo. Nan chak komin ak chak depatman, w’ap ka wè kantite kòb ak pwojè w pèdi aprè Laurent Lamothe kite pouvwa depi 14 desanm 2014.

An atandan w’ap ka wè lis pwojè sa yo ki te oblije kanpe sou adrès intènèt sa :

Le (Moniteur du 27 avril 2015) — https://www.slideshare.net/reseaucitadelle/moniteur-du-27-avril-2015-gelant-les-chantiers-lancs-par-laurent-lamothe

Gen yon seri de moun ki mechan anpil nan peyi d’Ayiti.

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
12 jiyè 2017
@reseaucitadelle
WhatsApp: 509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr                        

Aucun commentaire: