samedi 30 septembre 2017

#Haiti : Eske Senatè Youri Latortue ap fè kanpay pou ranplase Prezidan J...




#Haiti : Eske Senatè Youri Latortue ap fè kanpay pou ranplase Prezidan Jovenel Moise???

Ebyen, sou Televizyon nan kapital la, Youri ap chache bay Prezidan Jovenel panzou sou objektif kouran 24 sou 24 la.

Pandan lari-a cho kont Prezidan Jovenel, Senatè Latibonit la ap mache di Prezidan Jovenel trò fèb pou rezoud problèm kouran an ki se yon nan pi gwo revadikasyon pèp aysyen an.

Youri Latortue deside pran woulib sou pwojè kouran Prezidan Jovenel ap pale depi lè li rive sou pouvwa.

Nan yon deklarasyon sou Televizyon Pluriel, Youri Latortue deklare ke Prezidan Jovenel sanble pè, li ap ezite sou dosye kouran 24 sou 24 la. Prezidan Sena menm rive di se li menm ki te pale avan de dosye bay pèp la kouran tout kote nan peyi-a, 24 sou 24.

Jounalis Marie-Lucie Bonhomme Opont sezi, paske pagen moun ki janm konn tande lè Youri te konn ap di sa.

Si pa’t gen televizyon ak rezo sosyo pou pèp aysyen an te gade Prezidan Jovenel k’ap vizite santral idwo-elektrik ak baraj nan tout rakwen peyi-a, Senatè Latortue t’ap rive fè kwè ke se li ki vini ak pwojè kouran 24 sou 24 pou tout peyi-a.

Sa mande anpil odas pou yon politisyen kanpe nan Televizyon ap di yon seri de bagay ki pa verite, pandan ke tout moun konnen se pa vre.

Anbisyon politik ak kanpay elektoral Youri Latortue a depase limit.

@CyrusSibert // @ReseauCitadelle // WhatsApp : 509-3686-9669

https://web.facebook.com/LeRecitHaiti/videos/10156794868009478/

Aucun commentaire: