lundi 18 décembre 2017

Prezidan Jovenel di boujwa ki ede achte ekipman pou KARAVAN CHANJMAN nan se zanmi pèp aysyen.-



#Haiti #LeRecit : Président Jovenel Moïse ap bay eksplikasyon sou 123 milyon dola ekipman li fè leta kòmande pou travay wout, baraj, pon ak konstriksyon fèt nan tout peyi-a. 

Kontrèman ak moun kap fè pale anpil sou kontra komand ekip man lou sa yo, Prezidan an di boujwa ki gen Autoplaza Haiti, Haytrac et AUTOMECA, deside ede peyi-a vanse.

Mèt konpayi sa yo tankou Reginald Boulos k’ap vann machin nan peyi-a se ZANMI PÈP AYSYEN paske yo aksepte pote kole ak leta pou ede’l komande rapid rapid ekipman sa yo a kredi. Leta ap gen pou peye yo sou yon peryòd 4 lane epi tou se yo menm ki pral reskonsab repare ak pran swen ekipman yo.

Yon kontra ki pral pèmèt rakavan nan blayi sou tout peyi-a.

@ReseauCitadelle /// WhatsApp : 509-3686-9669

Aucun commentaire: