dimanche 24 décembre 2017

@ReseauCitadelle ap tann KARAVANN CHANJMAN blayi sou tout peyi-a, avan li fete.-

@ReseauCitadelle pa nan fèt ! Nap tan 7 fevrye 2018 pou nou fete lòske KARAVANN CHANJMAN va blayi sou tout peyi-a.

Gouvènman pa ONG. Ki vle di reyalize 2 ou 3 pwojè tankou travay nan vil Kanperen, sou wout Pòdepè, oubyen netwaye kanal nan Latibonit pa ka fè siksè li. Se sitiyasyon ekonomik jeneral tankou kantite djòb ki kreye, nivo pri sou mache-a, kapasite pèp la pou achte san mande charite, sekirite, nivo swen sante, kòman lopital yo ap fonksyone, lajistis, respè dwa pwopriyete, ledikasyon, envestisman elatriye k’ap ka di si Prezidan ak Premye minis lan reyisi w si yo echwe.

Pami tout previzyon analyz nou te bay pou lane 2017 la, gen 2 ki malerezman reyalize:

1- Nan mwa mas, nou te di Prezidan Jovenel atansyon ak gwo vil yo ak katye popilè yo. Nou te mande pou pwogram sosyal yo relanse prese prese pou evite politisyen itilize fristrasyon pèp la epi simen latwoublay.

2- Nou te di tou : Youri Latortue se yon trèt k’ap chache kapote Prezidan Jovenel Moise. Nou te di atansyon ak politik bay palmantè tout bagay epi kite pèp la ak baz yo san anyen.

Ebyen tout moun ka wè nou te gen rezon.

Opozisyon tanmen chofe gwo vil yo, menm vil Okay kote prezidan konsantre anpil resous leta.

Anpil palmantè ke prezidan t’ap bay anpil mwayen pa ezite rantre nan konplo kont li.

Si pat gen yon travay kominikasyon GRATIS pou ede pèp la konprann manèv yo, pouvwa sa tap gen anpil pwoblèm.

Nou dwe rekonèt ke nan fen lane 2017 la, prezidan Jovenel pote anpil koreksyon sou teren an. Anpil moun santi gen yon travay jesyon politik kap fè nan objektif chache sipò plis baz popilè. Yon bagay ki afebli opozisyon-an anpil.

Malgre sa, n’ap di Prezidan Jovenel ke pouvwa li a rann peyi-a vini pi plis santralize. Yon reyalite ki depaman ak devlopman rejyonal, paske li klè ke se santralizasyon lopikasyon meriken ki kraze ekonomi peyi d’Ayiti.

Nou swete ke 7 fevrye pral pèmèt gen bèl travay tout kote nan peyi-a. Nou swete sa pral fasilite devlopman nan tout rejyon yo. Nou swete ke yo chwazi pwojè ki pou fèt yo an fonksyon de analiz enpak yo sou devlopman ekonomik global. Paske yon pwojè ka bèl pou fè pwopagann pandan li pagen gwo enpak reyèl sou ekonomi peyi-a.

Detèminasyon prezidan Jovenel, kouraj ak fèmte li, se gwo avantaj pou nou reyalize anpil bèl bagay. Ayiti te bezwen yon prezidan ki pap laloz ni fè bak lè li pran yon desizyon. FADH, Bijè, se gwo prèv ke peyi-a gen yon gason djanm kap dirije’l. Men sa dwe chita sou bonjan desizyon ekonomik ki ka transfòme ekonomi peyi-a. Fòk prezidan Jovenel pa kite yon seri moun pran woulib sou tanperaman li pou regle zafè pèsonèl yo.

N’ap avèti pou’n di ke mwa desanm 2018, pwomès yo pap gen okenn efè ankò. Se sèlman reyalizasyon k’ap ka fè pèp la kontinye chwazi boude “opozisyon kraze-brize” a epi kontinye sipòte pouvwa #NegBannanNan


Se domaj ke premye minis Lafontant pa make pasaj li ak bonjan aksyon nan sektè sante-a.

Cyrus Sibert, Okap, #Haiti
24 desanm 2017
WhatsApp : 509-3686-9669
@ReseauCitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr

Aucun commentaire: