mardi 23 janvier 2018

#Haiti : Politisyen tradisyonèl yo poko prèt pou genyen batay kominikasyon ni politik la.-

Lè m’ap gade mesaj opozisyon politik sa ap konstri pou atake moun ki sou pouvwa #Tet-Kale a oubyen #PHTK, mwen gen pitye pou fèbles ak enkapasite yo. Paske si sete mwen menm ki te anfas #TetKale, sepa 2 pwen fèb mwen patap explwate. Bagay yo telman evidan.

Mwen sonje nan yon seminè sou kominikasyon politik ak jesyon kanpay, yon gwo estratèj politik meriken te explike nou koman yon pouvwa se tankou yon fize kap monte nan lespas. Tout tan l’ap monte, li pi frajil paske li expoze a tout sòt de presyon : atmosferik, pezantè, fòs pwopilsyon motè yo, fwotman li nan lè a, patikil ki nan lespas, elatriye. Kidonk, nenpòt ti pwen fèb kapab tounen yon gwo twou jiska lakòz li explwoze. Se kapasite pou w genyen ak pasyans pou chache ti twou sa.

Se yon katastwòf lè mwen wè yon seri nèg ap kreye vye koze tankou atake fanm sou devan yo, akize yo de vyòl di yo nan relasyon ak moun, pale de madanm moun, fè manti sou moun, yon seri de vye koze ki pap janm pote rezilta y’ap chache a.

Mwen vrèman gen pitye pou piti sa yo. Nèg yo panse politik se bwase lajan epi pale anpil nan medya ak rezo sosyo menm lè yo pagen anyen pou yo di.

Moun sa poko prèt pou genyen batay kominikasyon ni politik la.

Sèl bagay, kontrèman ak moun k’ap di prezidan tout bagay anfòm, yon pouvwa dwe toujou ap veye : “intelligence sociale”, “économique” ak “Politique” pou antisipe tout kriz. Se tankou yon lame ki ap avanse, li dwe gen moun k’ap veye devan “éclaireurs” , moun k’ap veye dèyè “arrière-gardes” , epi pwoteksyon sou flan goch, flan dwat ak anlè. Se pa bagay ki piti.


#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : 509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, But you can't fool all the people all the time." (Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.) dixit Abraham Lincoln.


https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10153417078189478.1073741826.170678274477/10157184978944478/?type=3

Aucun commentaire: