mercredi 24 janvier 2018

Pa blye deba sou Amandman Konstitisyon ak Refòm Kòd Penal peyi d’#Haiti. Sa mwen panse !!!

Gen 2 deba enpòtan kap fèt nan peyi-a ke anpil moun pa dwe inyore.

1- Amandman Konstitisyon.

2- Rèfòm Kòd Penal.

Sitwayen yo pa dwe minimize 2 dosye sa yo ki pral detèmine dwa ak devwa yo.

Sa se yon ti konsèy mwen te vle bay.

Epi tou, map pwofite pou’m di li enpòtan pou gen yon enstans nan lajistis, yon “juridiction” pou revize pèn yo. Paske si tout moun konsyan ke gen kòwipsyon nan lajistis epi pagen mwayen teknik pou chache prèv yo, nou dwe dakò ke gen anpil inosan nan prizon.

Moun ki etidye dwa pral di lalwa prevwa “fait nouveau”. Men nou konnen sa se blòf. Yon malere ki kondane avi, tout moun blye’l.

Ta dwe gen yon juridiksyon pou revize pwosè yo otomatikman. Mwen pa konnen si se OPC ki pou ta fè sa pou evite malere inosan al pouri nan prizon.

Mwen pa janm blye lè mwen te gen laj 17 lane, mwen te asiste kòman yo te kondane yon malere nan vil Okap : 1- san yo pat twouve kadav moun ki mouri a, 2- san prosevèbal konsta ni sètifika desè, 3- san menm okenn temwen kite wè li ap komèt zak la.

Jeneral Prosper Avril te Prezidan. Li te vle voye yon siyal fò. Konsa yo kondane malere sa pou tout lavi li san okenn prèv.

Akizasyon an te chita sou deklarasyon fanmi moun ke yo pa wè a ki di misye te ale sendomeng ak manb fanmi yo. Kidonk, si yo pa wè li, se paske li touye’l. Lajistis nan Okap te kalifye “non-présence” — pa menm “absence” paske li pat expoze a yon danje —de desè.

Mwen sonje lè sa, Dr Luc Colas t’ap fè estaj nan bawo Okap. Se li ki t’ap defann malere a paske li pat ka peye. Dr Colas te di : mesye sa n’ap fè la pa jis, nou paka voye yon kretyen vivan nan prizon pou lavi san okenn prèv. Dr Colas te mande ministè piblik la ranvwaye pwosè pou li ka apwofondi ankèt la.

Ebyen, yo pat okipe’l.

Nou plizyè elèv nan tribinal la ki tap swiv pwosè sa. Ebyen, yo te voye malere a nan prizon pou tout lavi li.

Mwen pa janm blye jou sa.

Se chak jou map panse a mesye sa. Map mande’m ki sa li devni.

Gen anpil soufrans ak enjistis nan peyi nou. Dwe gen yon mwayen pou korije yo. Yo kapab mete yon jij pou egzekisyon pèn menm jan sa ye nan peyi Lafrans.

Anpil majistra renmen frape lestomak yo pran pòz gwo jij pwofesyonèl paske yo voye moun nan prizon. Sa pa sifi. Lajistis pa la pou voye moun nan prizon nenpòt koman. Li la pou chache verite epi aplike yon pèn ki koresponn a krim ki fèt la.

Lè w fè inonsa mechanste, w se yon mechan.

Pa janm bliye ke Jesus te yon prizonye. Yo te mete anpil apot nan prizon enjisteman. Kidonk, w dwe evite voye inosan nan prizon, ann mete yon sistèm pou korije abi ak erè sa yo. Paske si ozetazini se chak jou yap dekouvri inosan ki nan prizon.....e peyi d’Haiti?


#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : 509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
But you can't fool all the people all the time."
 (
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: