mardi 23 janvier 2018

Politisyen tradisyonèl nan Nò yo pè Senatè Dieudonne Luma.-

Vye atak politisyen nan Nò peyi d’#Haiti ap fè sou Senatèz Dieudonne Luma se prèv ki montre kòman advèsè li yo vrèman pa kapab.

Kòmsi, apre plis pase 25 lane nèg yo pase ap fè politik nan depatman Nò, yo kite yon jenn fanm nan sosyete sivil la bat yo nan eleksyon jouk li tounen yon gwo lidè nan boul figi yo.
Bagay sa grav anpil.

Moun sa yo pa konprann ke akizasyon san fondman se ranfòse li ranfòse advèsè politik.

Depi se pawòl anlè, se kòve wap fè, sèvis w’ap rann advèsè a. Apre sa tout moun pral wè feblès politisyen tradisyonèl yo, yo pral konte plis sou nouvo lidè sa ke yo tout pè-a.

Dieudonne Luma dwe yon egzanp pou tout moun serye nan sosyete sivil la ki vle rantre nan politik.

Paske li klè ke politisyen tradisyonèl yo se pwazon kont peyi d’Haiti. Yo pap fè anyen, se chita bwase milyon pale anpil nan radyo, fè manti sou moun, pandan yon bann ti bezwen primè tankou dlo, fatra, swen sante, sekirite, travay, edikasyon elatriye ap fini ak pèp la.

Lè a rive pou sitwayen onèt ki konn travay, ki gen konsyans, moun ki sansib pou moun, ki gen bèl lide, ki modèn e ki pwòp pran kouraj yo epi rantre nan batay politik pou genyen.

Madan Dieudonne Luma se yon egzanp pou ede nou konprann kòman nou ka genyen batay politik kont politisyen tradisyonèl san bilan.


#BoudeYaBoude

#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : 509-3686-9669


Aucun commentaire: