mercredi 3 janvier 2018

REFLEKSYON @RESEAUCITADELLE SOU DISKOU PREZIDAN JOVENEL NAN OKAZYON 214 LANE ENDEPANDANS PEYI D’HAITI.-

REFLEKSYON @RESEAUCITADELLE SOU DISKOU PREZIDAN JOVENEL NAN OKAZYON 214 LANE ENDEPANDANS PEYI D’HAITI.-

Nou pa konnen kiyès kap ekri diskou pou Prezidan yo, paske se pa premye fwa nou remake sa, men nou pa renmen jan de diskou ki ap blame nasyon an nan okazyon fèt nasyonal yo. Yon pèp ki pase 365 jou ap tande koman li pòv, koman li lèd, kòman li sal, kòman li mizerab nan laprès nasyonal ak entènasyonal, merite pafwa yon diskou pou ankouraje’l. Nou ka wè reyaksyon kontantman moun yo lè Prezidan Jovenel te di : “ vil Gonaïves pwòp”.

Pandan Etazini (USA), CARICOM, Venezuela ak anpil lòt peyi ap salye kouraj pèp aysyen ak sa li akonpli, nou bezwen yon diskou epope ki pou motive pèp-la kontinye leve defi. Prezidan Jovenel te kòmanse konsa, li te dwe rete nan liy sa.


Pawòl “lenmi peyi-a se andedan peyi-a” pa konfòm ak eleman langaj anpil zanmi Haiti k’ap reklame jistis pou peyi nou ki sibi anbago pou lendepandans li te pran ak obligasyon pou peye ranson lendepandans bay Lafrans.

Nou panse jan de diskou sa yo dwe fèt devan Asanble Nasyonal kote nap reflechi sou politik piblik ak aksyon pou devlope tèt nou.

Men, jou fèt lendepandans lan se vante pou nou vante tèt nou. Mete tout sa ki pozitif an valè. Mwen pa kwè ke blame pèp la pwal motive li. Epi tou, sepa konsa etranje yo pral respekte nou.

Tout Pèp gen pwoblèm yo. Etazini gen 146 milyon pòv oubyen moun ki pagen ase moyen pou yo viv. Se sistèm eksplwatasyon moun ak enjistis ki domine mond lan ki kreye tout soufrans sa yo.

Anpil pèp komèt krim kont limanite pou yo rive kote yo ye a. Yo patisipe nan esklavaj, yo touye endyen, yo detri lòt peyi ak lòt pèp, van zam, lage bonm pasi pale, vann moun kòm esklav.

Nou menm aysyen, nou pa janm fè sa. Kidonk, nou pa volè lajan ni lò onkenn peyi pou finanse tèt nou. Nou pat reklame pou dominiken peye nou dèt lendepandans. Okontrè, nou te ede lòt pèp ak lajan, zam, manje e menm sòlda pou yo libere tèt yo. Nou fè listwa a ti sa nou genyen ak tout difikilte sosyal, konplo, okipasyon, manipilasyon etranje pou afebli nou.

Dat Premye janvye, 18 me, tankou 18 novanm, dwe jou pou nou vante tèt nou.

1- Pagen lame etranje nan peyi-a ankò;

2- Nou gen 12 mil polisye, nou rekonstitye lame nou, ki vle di nou reprann dwa pou bay tèt nou sekirite ak defann peyi nou. Nou gen anpil jenn gason ak jenn fanm ki konn manyen zam ki vle di n'ap ka defann tèt nou si nou oblije;

3- Nou gen yon Palman k’ap vote lwa libe libè, yon gouvènman k'ap panse a reyalizasyon ekonomik e sosyal. Nou pa nan tim-tim bwa chèch ankò, nou pa nan diktati;

4- Nou gen lang rezistans nou kreyòl ki apre 214 lane devlope, vini dominan nan peyi-a, jiskaske y’ap itilize’l sou rezo soyo yo, tankou “Google";

5- Nou gen yon kilti ki rete djanm. Nou gen anpil jenn diaspora k’ap briye nan mond lan fè rekonèt valè desandan #Haiti;

6- Nou gen yon pèp ki rekanpe malgre tranbleman latè kraze 80% ekonomi peyi-a, touye 250 mil moun, kraze tout biwo leta, touye 20 mil kad administrasyon piblik;

7- Ak tout entènasyonal la pa respekte promès èd li yo pou rekonstri Ayiti, malgre se ONGs gwo peyi yo bay depanse, 13 milya dola èd, san transparans, gras ak sipò Venezuela nan kad #Petrocaribe, nou retire Haiti anba dekonb.

Nou pa dwe kite okenn propagann oksidantal k’ap pale de kòwipsyon, san yo pa janm di anyen sou 13 milya dola gwo ONG yo gaspiye, fè nou bliye solidarite peyi Venezuela;

Jiska prezan lajistis etazini poko janm twouve moun ki dilapide 13 milya dola sa.

Epi menm ONG sa yo ak gwo peyi sa yo di’w se Ayiti ki gen kòwipsyon.

8- Nou gen yon pèp ki gen anpil kouraj pou kenbe peyi-a vivan. Nou pa dwe konplekse si gen jenn aysyen ki ap kite peyi-a. Meriken, Fransè, Ewopeyen an jeneral yo tout kite peyi yo sou fòm ONGs, expatrye pou al chache travay nan lòt peyi afriken, amerik latin, azi, elatriye. Jounen jodi, chinwa yo anvayi peyi afriken yo nan chache travay, lavi oubyen richès. Se akonpaye pou nou akonpaye jenn sa yo nan peyi kote yo ale yo, pandan nap kontinye travay pou lakay chanje.

Pèp aysyen gen pwoblèm tankou tout lòt pèp, men 214 lane aprè lendepandans, Haiti toujou rete yon peyi endepandan menm si nou rekonèt ke devlòpman fè tout peyi vini entèdepandan ki vle di peyi-yo depann yonn de lòt.

Ayisyen pa janm mande Lafrans fè peyi li tounen yon depatman fransè, nou pa janm mande Etazini fè nou tounen yon Eta meriken, menm jan dominiken yo te fè’l kelke 13 lane apre yo te pran endepandans yo.

Menm jan anpil moun toujou ap vante rezistans peyi “Cuba” ki reziste 50 lane anbago san li pa pliye ni fè bak sou revolisyon li, nou menm Aysyen reziste 214 lane anbago, konplo ak ipokrizi entènasyonal san nou pa renonse a endepandans nou. Pi gwo prèv ipokrizi blan yo, se silans lemond sitou Etazini devan gwo zak vyolasyon dwa moun Dominiken fè kont desandan Aysyen yo.

Kidonk, Ayiti kanpe la nan boul figi yo. 


Ayiti ap toujou egziste, se volonte Bon Dieu. Touye kochon kreyòl, ankouraje koudeta, kraze lame pou rasis dominiken gen monopòl militè sou zile a, fè okipasyon, enpòte kolera, finanse opozisyon kraze brize, ankouraje divizyon ak enstabilite, menm fenomèn natirèl tankou tranbleman latè “Goudou-goudou” ak siklòn ki kraze peyi nou pandan 214 lane ki pase yo, pap fè nou pliye ni fè bak.

Nou pap janm regrèt nou te pran endepandans nou!

Nou dwe evite manipilasyon ki alamòd kote blan k’ap fè kòwipsyon nan peyi nou depi 214 lane, fè aysyen san memwa sitou sa ki gen foli pouvwa yo ap repete ke se nou menm ki kòwonpi ki lakòz peyi-a pa devlope, se nou menm ki lenmi peyi-a ki lakòz nou gen pwoblèm. Paske Cumberland pa yon aysyen. Listwa rapòte ke mo Cumberland se non yon ofisye lame meriken ki te telman kòwonpi, pèp aysyen kenbe non li kòm senbòl tout rakèt ak magouy an Ayiti.

Si nou dwe rekonèt reskonsabilite nou nan move difikilte ak move lavi peyi nou, nou paka kite etranje yo ap blame viktim yo, epi fè nou tounen bouk-emisè, yon fason pou di sepa yo ki lakòz sa ki rive Haiti a, men se aysyen yo. Dayè gen otorite aysyen k’ap repete sa.

VIV AYITI !!!


Cyrus Sibert, Okap, Ayiti

3 janvye 2018
#LeReCit : @ReseauCitadelle
WhatsApp : 509-3686-9669

@ReseauCitadelle
Enregistrer un commentaire