mardi 16 janvier 2018

Youri Latortue bay maniti jan li vle epi pran tout moun pou egare.-

Youri Latortue bay maniti jan li vle epi pran tout moun pou egare.- #LeReCit #Haiti

1- Misye di Guerrier Henry ke li te aksepte sipèvize pwojè #PetroCaribe Gonaives yo paske li te wè sa ki te pase nan Nòdwes ak nan Grandans kote anyen pa fèt.

Verite a:

Pat gen pwojè Nòdwès ni Grandans avan pwojè Gonaives yo. Se Gonaives ki te premye chantye lanse nan lane 2012, avan Nòdwès ni Grandans.

2- Youri Latortue di li pat kowòdonatè pwojè rekonstriksyon Gonaive. Li kouri shoute sou moun Laurent Lamothe, tout konprann ak ki moun l’ap pale.

Verite a:

Henry Guerrier fè misye sonje se nan jounal nouvelliste sa te ekri depi nan lane 2012. Li pa’t janm denonse sa. Epi tou Guerrier fè misye sonje deklarasyon li nan Gouvènman Lakay vil Gonaives kote li tap bay rapò egzekisyon pwojè yo.

3- Youri Latortue aksepte ke se li ki te gen reskonsabilite sipèvize tout pwojè Gonaives yo, li di Prezidan Martelly te bay pouvwa pou veye ke tout bagay fèt.

Verite a:

Eske travay sa yo ke Youri Latortue eksplike yo pa djòb kòwodonatè? Youri Latortue pran tout moun pou enbesil. Si Jacky Lumarque te bezwen dechaj paske li te nan yon komisyon refleksyon sou edikasyon, eske Youri Latortue ki te kòwodonatè komite rekonstriksyon sa pa merite dechaj tou?

a) Youri rekonèt ke li te konseye espesyal Prezidan Martelly; b) li rekonèt ke li te resevwa misyon sipèvize pwojè nan Gonaives; men li di li pat kowòdonatè paske li pat gen yon lèt ki di li se kòwodonatè.

Depi kilè konseye espesyal bezwen yon lèt espesyal pou’l kowòdone travay prezidan an? Youri Latortue panse se tout jounalis ki pa konnen ke w paka gen 2 djòb nan leta. W konseye espesyal, prezidan an gen dwa delege’w al sipèvize oubyen kowòdone nenpòt pwojè. W pa bezwen lèt pou sa. Depi w rekonèt ke prezidan an te voye’w fè travay la, w rekonèt ke w te fè travay la, w te responsab pwojè nan Gonaives. Tout jounalis pa enbesil.

De tout fason, sa parèt sispèk ke nan rapò Youri ak Beauplan sou PetroCaribe, yo pa di anyen de pwojè Gonaives yo.

Jan Youri renmen fè djolè! W panse si tout pwojè sa yo te fèt kòm sa dwa, li patap mete yo nan rapò a kòm gwo egzanp pou kondane lòt moun lap pèsekite yo? De tout fason Youri Latortue di Lamothe di li ke li pagen kontwòl moun li di ki ap ekri yo. Li kòmanse konprann ke lajan paka achte ni rete tout moun. Anpil lòt moun gen pou konprann sa!

Pase yon moun ap swiv li tankou lonbraj li !

@ReseauCitadelle /// WhatsApp : 509-3686-9669

Aucun commentaire: