dimanche 29 avril 2018

Des participants dénoncent les manoeuvres de Youri Latortue et témoignent.-

KOMINIKE.-

Pkatfòm Fòs Nò ap demanti ak tout fòs li rimè ki ta vle fè konnen ke se atake yo atake senatè Youri Latortue , nan Sant Kiltirèl Café Trio

Nou te plizye manm platfòm nan ki prezan nan ti kozri paske nou te resevwa envitasyon espesyal nan men on patizan senatè ki se Pierre POITEVIEN.

Nou te etone pandan entevansyon ke senatè a t ap fè a ke Mesye Poitevien te fè l on siy e senatè à te souke tèt nan sans pou di l wi, e se konsa mesye yo ta pral deside fèmen tout pot lokal la, avan kesyon yo kòmanse poze.

Nou menm nan platfom nan, nou te deside mete kap pou deyò e se pandan n ap sòti nou wè ak de nawè nou ke patizan senatè a lanse 2 gaz nan mitan asistans la.

Mwen mwen m Jaklen Ferdinand, m gen lavi sov paske Mesye Himler Rebu nan kad on fòmasyon te aprann nou Lè gaz se atè pou n plonje. Kòm 2 nan sekirite senatè yo te bourade nou nou te tou poze n kouche atè à.

Mwen men m, Jaklen Ferdinand ak tout manm kowodinasyon Platfòm nan,n api di se yon montaj bagay sa ye e fòk gen bon Jan ankèt ki fèt nan sans sa.

Si m gen garanti m pap pase alenfinitif map pale e map idantifye sekirite yo e 2 moun ki voye gaz yo

Jacquelin Honorat Ferdinand
Samdi 28 avril
Depi Cité Lescot

Aucun commentaire: