lundi 7 mai 2018

Sou dosye diaspora ki touye madanm li Jacmel: #LeReCit

Jeneralman mwen pa pale nan dosye sa yo paske se bagay ki konsène emosyon ak pasyon. Lè yo fin rive, tout moun ki pa konsène kapab toujou chita ap fè lojik. 

Sèl sa mwen toujou di, se trè danjere lè yon moun ap jwe ak emosyon oubyen pasyon yon lòt moun.

Se tankou yon timoun ki ap jwe ak yon bonb, li kapab eksploze nan figi li; apre sa, kelkeswa rezònman lojik ki fèt, dega ap deja rive.

1- Mwen pa dakò pou gason touye fanm; 2- lajan paka achte lanmou, 3- w paka kondane yon fanm pou rete avè’w si li pa vle.

Men, anpil fanm ap fè erè jwe ak pasyon gason, fè yo damou, krezy pandan yo konnen yo pap rete ak moun nan.

Sa rele jwe ak pasyon moun, manipile emosyon li. Pasyon ak emosyon pa konn fè lojik. Se kochon sovaj ki adedan lèzòm.

Paske, gen yon eta yon moun damou, li fou, li avèg… kidonk, yon fanm oubyen yon gason ka panse ke se yon avantaj pou pran kontrol moun nan…lè sa w fè erè.

Se kòmsi w t’ap elve yon sèpan adedan lakay w. Tout tan lap grandi se plis li ka fè’w mal. Lè li jennen, larezon pap ka ede’w jere’l.

Se menmjan ak yon moun ki pèdi papa’l, manman’l oubyen pitit li.

Tout moun ki vini nan lantèman ka fè lojik pou di “ki sa fi sa oubyen mesye sa gen lap rele konsa” oubyen “…lap frape kò’l atè konsa."

Rezònman sa yo chita sou larezon. Tout tan w poko nan sitiyasyon an, w pap janm konnen ni konprann sa k’ap pase nan tèt moun sa w’ap kritike a.

Kidonk, konsèy map bay : moun pa jwe ak emosyon moun ni pasyon lòt moun.

Si w pa vle yon fanm oubyen yon gason, pa bay li fo espwa. Si w konnen wap kite yon moun, planifye sa, jere emosyon, pasyon ak abitid w bay li, yon fason pou evite deblozay.

Sinon, lè passion ak emosyon pran lari ap fè dega, okenn lojik pa’p ka rete yo.

Gen yon filozòf anglè yo rele “David Hume” ki di : Se yon pasyon ki rete yon lòt pasyon. Misye di larezon se yon ekilib ant 2 pasyon.

Ò jeneralman, anpil moun ki gen pwojè kite yon lòt moun ki damou pou li, fè anpil jalouzi. Yo pa bay moun nan chans pou li devlope yon lòt pasyon pou retabli ekilib la. Moun nan li pa renmen an konn vin depann de li nèt. Yon depandans santimantal ki ka lakòz gwo deblozay fèt lè li konprann ke li pèdi tout sa li te genyen.

Moun pa jwèt. Pa jwe ak santiman yo, ni ak pasyon oubyen emosyon yo. Dayè, menm Bondye konnen koman lezòm ka fè deblozay ak tikal lespri li bay yo a.

Se pou rezon sa, sou WhatsApp mwen ekri kòm panse : “Un homme (ou une femme) devient dangereux quand on vient menacer le sens de son existence.”

Lekòl edike nou ak filozofi Descartes. Nou fè tout bagay chita pou larezon. Tandiske pasyon, emosyon, se bagay ki natirel lakay nou e se yo ki domine tout desizyon nou pandan tout vi nou.

Pou swiv filozof “David Hume”, menm lè nap rezone, se ekilib nap chache ant plizyè pasyon. Pasyon pou lavi, pasyon pou lasyans, pasyon pou sa ki reyèl, pasyon pou sa nou ka demontre, pasyon pou mas pòv yo, pasyon pou sitiyasyon travyè yo chanje, pasyon pou revolisyon, pasyon pou peyi nou…elatriye.

“David Hume" se yon lekòl refleksyon filozofi. Ka toujou gen lòt apwòch. Men atansyon ak foli nou gen pou nou inyore pasyon ak emosyon.

Nou fenk sot wè koman yon seri de jenn fanm ak gason deside mouri an Irak ak Siri paske yon gen pasyon pou relijyon yo.

Anpil bagay ki reyalize nan listwa, larezon patap janm deside yo. Kan larezon ap tranble, se pasyon ak emosyon ki pran kòmand epi avanse.

La passion fait partie de ce qui est réel; alors, soyons réalistes! Elle fait tellement partie de notre existence, que notre corps est conditionné à produire de l’adrénaline pour la suivre.

An konklizyon : Sa ki pase-a se yon dram. Pagen rezon pou gen tout pale anpil sa yo. Dam lan nan evolisyon li kòm moun rive gen lanmou pou yon lòt nèg, se dwa li. Men li te mal jere emosyon ak pasyon diaspora-a. Kidonk, malè rive.

Ann sispann jije moun yo. Kite lajistis ak Bondye jije yo.

#LeReCit

Aucun commentaire: