mardi 1 mai 2018

Youri Latortue oblije rekonèt ke gaz lakrimojèn nan soti andedan konferans lan.-

Youri Latortue panse depi li kontrole kèk ti jounalis kap fè bri, li tapral pase sou pèp la vye eksplikasyon TET ANBA li yo. 

Ebyen depi samdi, misye ap chanje pawòl. Jounal “Le Nouvelliste” fenk rapòte ke misye rekonèt ke se andedan Cafe Trio yo voye gaz la. Kidonk, vye montaj pou akize sekirite delege a pa kenbe. Youri konfime deklarasyon la Police ak #DDN/PNH Castro : “Se moun ki te ka rantre san fouye ki pote gaz la." Kidonk, VIP yo.

#LeReCit kwense Youri ak bonjan analyz deklarasyon li yo ak tout lòt endis ki kapab eksplike sa’k pase nan Cafe Trio.

Nan @ReseauCitadelle nou gen fòmasyon sou “scène de crime”. Apre 8 lane travay ak plizyè gwo firm avoka meriken, nou konnen anpil ti bagay, san konte fòmasyon IRE (Investigative Journalists and Editors) ak SPJ (Society of Professional Journalists) sou zafè ankèt ak analyz evidans.

Anplis de deklarasyon Direktè PNH nan Nò, paragraf sa anbarase Youri anpil :

“Café Trio n’a pas de fenêtre, d’après ce qu’on rapporte. Donc, le chauffeur du délégué que Ti Frantz accuse, ne pourrait pas lancer le gaz de l’extérieure. De plus, tenant compte des explications de Monsieur Latortue sur la trajectoire des bonbonnes, elles ne pouvaient être lancées que de l’intérieure pour atterrir directement aux pieds du Sénateur.“

Youri chaje problèm pou’l jistifye sa li di yo.

Antouka, Jacques Dubois paka mouri tankou chen. Fòk li jwenn jistis. Epi tou, nap gade pou nou wè si Youri pap ale nan lantèman an ak ki sipò li pral pote pou lantèman viktim lan.

N.B.: Lè Youri t’ap detri Lamothe pandan 2 lane ak MANTI nan tout radyo, nou te di n’ap tann li fini pou nou demaske’l ak VERITE, agiman lojik ak analyz. Kidonk, dezyèm mitan se pou nou li ye. Nou pap kite okenn enpostè vin fè kapital yo sou inyorans mas pèp la.

Sa w wè nap fè la se misyon nou. 24 sou 24 n’ap reflechi kòman pou nou libere Haiti de demagòg ak tout enpostè kap blofe pèp la. Demagoji se pi gwo problèm Haiti. Menm nan rèv nou, n’ap travay pou dekonstri demagòg yo nan lopinyon piblik la. Fòk bagay sa yo fini!

Yo paka achte nou, nou pa pè, nou pap pran presyon, e Bondye pap kite yo trennen kadav nou nan pousyè.

Nou te di yo bat chen an tann mèt li. N’ap demaske yo san rete, n’ap dekonstri yo san pran souf.

#LeReCit

Cyrus Sibert,
WhatsApp : 509-3686-9669
@reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr

Aucun commentaire: