vendredi 6 juillet 2018

Manti sou koze pri gaz nan peyi d’Ayiti.- #LeReCit

Manti sou koze pri gaz nan peyi d’Ayiti.-

- Eske se ti pèp la ki konsome plis gaz nan peyi d’Ayiti?

- Eske se ti pèp la ki gen gwo delco kap mache ak gaz lajounen tankou lannwit?

- Eske se mas pòv yo ki gen gwo machin kap boule gaz?

- Eske se mas pòv yo ki gen batiman ak chaloup, faktori kap boule gaz?

- Eske se mas pòv ki konn bwote gaz, mazout ak asfalt lè yo bon mache Ayiti paske leta sibvansyone yo epi pote yo al vann Sendomeng?

Verite a : Depi 30 lane, politisyen san konsyans ki mare nan tab reyaksyonè ap fè pwopogann manti sou gaz la yon fason pou leta kontinye sibvansyone gaz pou gwo zouzoun.

Lè leta sibvansyone gaz la se lajan li ta dwe ranmase, lajan li te dwe rantre nan kès li pou finanse ledikasyon, peye pwofesè lekòl, polisye, lasante, fè wout, agrikilti li pedi.

Lajan sa yo ale nan pòch gwo zouzoun kap boule gaz san rete.

Sa se verite sou gaz la.

Se menm jan ak dechoukaj tè. Gwo zouzoun ap mache di se malere ki ap volè tè. Depi kilè le pèp te konn monte kay, koule dal nan yon senmenn?

Yo sere dèyè politisyen raketè pou fè moun kwè se lepèp ki premye konsène nan gaz oubyen nan volè tè. Menm jan yo pran pòz se ti machann ki benefisye kontrebann machandiz sou fwontyè.

Fòk sa fini. Gwo zouzoun malwòp ak politisyen nan peyi d’Ayiti paka kontinye ap manipile pèp la.

Yo finanse gang nan Matisan pou bloke kapital la, yap chache destabilize prezidan Jovenel. Yo voye ansyen DGPNH al pale anpil nan radyo pou simen konfizyon, twouble lespri pèp Aysyen an. Tandiske chaje dosye dwòg ak kòwipsyon sou ansyen DGPNH ki ta dwe pale. Ki moun kite konn manje 75 milyon goud chèk zonbi ke aktyèl DGPNH la dekouvri?

Depi plis pase desan lane moun sa yo ap bay manti, manipile pèp la pou anyen pa chanje nan peyi d’Ayiti. Fòk sa fini !

Nou mande prezidan Jovenel pou li chache konprann ak rezoud pwoblèm mas pòv yo, men, fòk manti sa sispann. Moun sa yo kap peze peyi a depi plis pase desan lane paka pale nan non pèp.

#LeReCit

Aucun commentaire: