lundi 9 juillet 2018

REFLEKSYON SOU ZAK VYOLANS NAN PEYI DAYITI. KONSÈY POU PREZIDAN JOVENEL.- #LeReCit


REFLEKSYON SOU ZAK VYOLANS NAN PEYI DAYITI. KONSÈY POU PREZIDAN JOVENEL.- #LeReCit

#LeReCit pa bezwen tounen sou tout sa li te konn di. Paske tout moun temwen depi mwa avril 2017 nap di prezidan Jovenel “atansyon li pa kapab abandone gwo vil yo, li paka lage yo non plis sou kont majistra sèlman; fòs fè nwa pral pwofite de twou vid li kite.” Jodia nou wè kòman nèg yo manke jete prezidan-an.

Me sa nou panse :

1- Prezidan Jovenel dwe konsilte tout moun ki sensè avè’l, tout moun ki vle ede’l.

Pa egzanp : plizyè fwa nou rantre nan Kapital la ak #LL, misye toujou ap plenyen akòz de pil kakas machin ak pil vye kawoutchou yo kite nan tout lari. Li te toujou di : “lè nèg opozisyon yo paka mete moun nan lari, yo pral itilize bagay sa yo pou fè dezòd. Pouki sa gouvènman an pa fè SMCRS retire yo?” Gen anpil lòt moun ki sensè ak prezidan an. Li dwe koute yo. Men mwen pap pale la de “Etats Généraux sectoriels”

2- Nou te ekri yon teks pou denonse fason yap jere polisye yo. Si se #DGPNH la kap sabote Prezidan Jovenel nan refize prepare dosye pou polisye yo jwenn chèk, grad ak aryere, prezidan an dwe twouve yon fason pou regle sa. Se pou li denonse sa tou.

Pouwa sa manke kominike sou kontrent, difikilte ak sabotaj li ap rankontre. W gen enpresyon pòt pawòl yo vin repete men sa prezidan te di. Pa gen angajman ideolojik. Nan ki sa nou kwè? Yo paka selman de “annonceurs” — pou repete remak yon gwo jounalis fanm nan kapital la.
Gende erè kominikasyon w pa ka konprann. Li pa nesesè pou ofisyèl kap pale pou pouvwa a ap itilize teknik konfwontasyon.

Pa ezanp kòman w konprann nan mitan operasyon kraze brize Minis Kominikasyon a deklare : “Prezidan an pap demisyone.”

Ki sa bagay sa ye la? Pandan moun nan lari yo ap pale de gaz, pandan politisyen ap pale de chanje Premye Minis…pandan demisyon prezidan pa sou tab la, minis kominikasyon an deklare li “Prezidan pap demisyone”, kidonk, li mete demisyon Prezidan sou tab la.

Si laprès byen rapòte deklarasyon an, konnen Minis la komèt yon erè grav kite ka anplifye mouvman an.

Sou pwen sa prezidan an dwe integre #PHTK nan kominikasyon politik la. Paske gen bagay si pouvwa paka di yo, Pati a ka di yo.

An palan de Kominikasyon, eske nou konnen depi fen 2017 Stanley Lucas rele’m diskite previzyon gaz ki pral monte paske Trump anonse sanksyon sou Venezuela ak Iran, kidonk fòk gouvènman an jere bagay sa. Nan mwa janvye 2018, Stanley Lucas ekri yon pwopozisyon estrateji kominikasyon voye bay gwo zotobre nan Palè nasyonal. Ebyen, yo pa okipe’l, yo inyore’l. Yo pa fè anyen. Yo kite se ansyen Senatè Desras ak Schiller Louidor k’ap pale de pri gaz nan radyo.

3- Nou te toujou pa konprann fason y’ap jere militan yo. Nou te ekri yon teks sou sa lè nou te pale de “militants acquis” ak “Abolotcho”.
Nèg yo jere Abolotcho pandan yap meprize militan konsekan. Nan week-end nan tout abolotcho te gentan pare pou switch (chanje kan), anpil nan yo te gentan al fè piti devan bawon Lavalas yo.

W paka neglije òganizasyon ki pote’w sou pouvwa epi pou wap jere grenn moun. Ki estrikti ki pral defann w nan moman difisil.

4- Fòk gen bonjan jesyon RISK POLITIK; Epi tou prezidan Jovenel dwe konstri imaj yon Prezidan sansib pou malere.
Pèp aysyen renmen prezidan “Papa Bon kè” se konsa li ye jiska prezan. Prezidan an pa dwe janm rate okazyon pou ede malere yo epi fè swivi pwomès li fè yo.
Paske sa kap pase nan pouvwa sa : Lè Prezidan Jovenel mande yon seri moun fè yon bagay pou yon moun, otorite sa yo pwofite jere moun pa yo sou baz desizyon prezidan an, pandan malere ke prezidan te fè pwomès la ap soufri.

5- Gen yon seri bagay kap fèt, wap mande sa kap pase:
- Kòman yon prezidan ki nan difikilte lajan pou finanse devlòpman kapab kite gagòt nan ONA, raketè ladwann…elatriye. Pouki sa prezidan Jovenel ki gen tout difikilte lajan sa yo bay yon timoun yon machin paske li gouye? Pèp la ap swiv!

Eske pagen moun ki pou di prezidan-an bagay sa yo pa bon? Eske nou pa wè konsekans yo: Anpil machin boule. W gen enpresyon ke machin pa vle di anyen ankò.

- Kòman yon moun ka konseye yon prezidan pou kraze anpil kay vwazen malere jis pou sekirite Fanmi Prezidansyèl? Yon dezisyon ki afekte imaj “Prezidan Bon Papa” ke aysyen ap tann de yon Chèf leta.

Si gen problèm sekirite, pran yon desizyon ki politik, ki ka lakoz mwens dega.
Pa egzanp, chache yon kay pou Rezidans tout prezidan. Mete kay sa nan yon zòn ki respekte tout prensip sekirite yon prezidan.
W paka plase kay yon prezidan anba yon mòn epi mande pou kraze tout kay ki deja konstri nan mòn sa. Desizyon sa yo pap janm rete san konsekans politik.

Franchman, wap mande eske sepa 5e kolonn Lavalas anti-TETKALE ki toujou enfiltre pouvwa TETKALE depi Martelly, ki ap fè pouvwa a fè erè.

Chak fwa nou ekri bagay sa yo, yon seri nèg al monte tèt prezidan an di li se #LL kap frape kont li. Nou aprann nouvèl sa yo. Nou ka wè sou koze kraze kay yo nou te selman di atansyon, fòk gen yon pibon jesyon Risk Politik yo. Nou pat di plis pou yo pat al di prezidan Jovenel se #LL kap frape’l. Men sa pa anpeche konsekans yo rive.

Aloske pawòl nou yo, se pawòl
- moun ki vle pouvwa a reyisi;
- moun ki wè lwen, ki pa konsidere pouvwa sou baz yon “manda 5 an” selman;
- moun ki wè pouvwa kòm yon mwayen pou poze aksyon an eterè peyi-a, pa selman yon pozisyon pou byen mennen;
- moun kap planifye 10, 15, 20 lane pou wè kòman yo ka pote-kole pou Ayti chanje;
- moun GLOBAL ke limit yo se lemond, pa ti bagay mesken...opòtinis... trayizon pou lajan oubyen pou pouvwa;
- moun ki prefere konsève kilti yon ekip kap aji nan tradisyon fidelite, senserite, menm lè yap bay li kout kouto nan do;

6- Prezidan Jovenel dwe chanje fason lap pran desizyon.

Nou te denonse estrateji lage tout pouvwa ak resous leta nan men palmantè. Jodia nou wè li : lè 3 mare 4, tout palmantè nan sere. Epi y’ap pare pou pwofite de rezilta kraze brize yo, nan pran pòz yo pat konnen.

Aloske li klè ke si prezidan an kwense jis pou li al aksepte kontra FMI ak kondisyon monte pri gaz, se paske li bezwen lajan pou’l reyalize pwomès kanpay pandan li oblije jere palmantè voras kap gaspiye epi bwote lajan san rete nan kès leta. Se konsa yo te fèl nan PetroCaribe. Apre sa w tande yo nan radyo ap akize moun. Yo toujou bezwen bouk emisè.

Palmantè sa yo refize ranfòse enstitisyon leta pou erè yo pa repete. Yo selman ap chache pwofite de kraze brize yo pou ranfòse pouvwa yo. Kisa Depite Petion-ville janm fè pou vyolans janvye 2016 yo pat repete? Eske solisyon an sete al jwi pouvwa ak Jocelerme Privert kite planifye tout dezòd yo?

Se menm jan ak jodi-a. Depite Gary Boteau ap kritike egzekitif la pou pri gaz la. Eske tout moun pat wè delagasyon FMI an te nan Palman? Eske depite yo pat vote bidjè a? Sel sa yo te fè, yo te ogmante’l, mete lajan pou dimanch pak yo, jiska fè’l rive 7 milya. Senatè ap bwote lajan yon bò, depite ap bwote yon lòt bò…ki kote pou egzekitif la jwenn lajan sa yo?

Li ta twò fasil pou menm palmantè sa yo vin pran pòz yo pat konnen epi pwofite de tout kraze brize sa yo pou ranfòse pouvwa yo.

Prezidan an dwe jere Risk Politik yo. Dwe gen ransèyman oubyen entelijans. Mwen pa di lajan pou entelijans ke nèg nan pouvwa ap separe san travay la pa fèt. Mwen di bon jan entelijans.

Nou kite rès pawòl yo...

Pou fini, tout moun temwen ke nou entèveni bò kote prezidan-an nan moman kote anpil nèg tap rale kò yo pou si pouvwa tonbe. Sa se yon leson fidelite nou bay, ak tout nou konnen yo pa janm tande lè nou di atansyon. Nou pap chache djòb pèsonn. Nan jou kap vini la yo nou pral tande rezilta travay ke nap fè nan peyi sa. Nou pagen pou biwo ni pou seremoni ofisyèl “m’as tu vu?”. Sèl sa nou bezwen, se pou pouvwa fè bagay yo kòrekteman pou peyi soti nan sa li ye-a, pou yo sispann rele li #ShitHoleCountry

Prezidan an dwe evalye pil moun li te konte sou yo, pil moun kap mete baryè ant limenm ak militan epi ki pap regle anyen pou pouvwa reyisi paske yo pito ap regle zafè pèsonèl yo. Nan politik tankou nan lagè, yon solda paka gen agenda pèsonel.

Franchman lè nou gade mesaj prezidan Jovenel samdi swa, nou di : Prezidan sa manke politik paske sa li tap di yo pat gen anyen pou wè ak reyalite nan lari-a; men se yon nèg sensè ki ak tout kè li vle reyalize anpil bagay nan peyi-a, tout bon vre. Kelke swa sitiyasyon li twouve’l ladan, li kontinye ap repete menm bagay yo : wout, baraj, agrikilti, kouran 24 sou 24, Karavan Chanjaman... anfen... se nou ki pou ede’l ak politik la. Paske peyi-a pase anpil tan ak prezidan 100 pou 100 politik. Nou wè rezilta yo. Pètèt se sa pèp la konprann tou ki fè li pran distans li ak ti gwoup ki tap mache vole sou preteks yo kont ogmantasyon pri gaz.

#LeReCit @ReseauCitadelle
www.RezoSitadel.com

Aucun commentaire: