jeudi 27 septembre 2018

Deklarasyon menas teroris lidè Lavalas Schiller Louidor ki anonse dechoukaj...



PAPA DOC TE GEN REZON ! —- ‪Tande menas Schiller Louidor kont vi ak byen moun an #Haiti. Se chak jou menas sa yo ap fèt nan yon sistèm politik nou rele demokrasi!

Dirijan #TetKale yo twò lach pou reprime konpòtman teroris sa yo.

An verite, #Haiti pap janm soti nan sa li ye la tout tan se dirijan lach #TetKale sa yo kap dirije’l.

Depi yon dirijan se ti boujwa ki renmen kòb, jwisè ki renmen plezi, wap pè koresponn ak vakabon sa yo : arete yo, jije yo, fè yo kouri kite peyi a, mete yo yon kote pou trase egzanp.

#TetKale pagen kouraj pou fè respekte lalwa, lòd ak disiplin.

Prezidan Jovenel pa menm gen kouraj denonse gwoup sa yo nan forum entènasyonal tankou l’ONU. Siman se 5e kolonn Lavalas kap ekri diskou a pou li.

Papa Doc te gen rezon ak vakabon politik sa yo. Peyi-a bezwen yon lidè ki gen kouraj pou fè tout moun pran men yo, respete lalwa ak otorite.

Sa kap pase nan peyi d’#Haiti a pa demokrasi. Se tirani oubyen diktati yon ti minorite delenkan ke #TètKale kite ap simen latwoublay nan fè vyolans politik tout jounen, atake byen moun. #TetKale pa menm ka pwoteje moun ki finanse kanpay li, ak moun kap defann li.

Pagen okenn peyi sou latè, lidè politik ka fè menas sa yo san yo pa sanksyone yo. Men nan peyi d #Haiti, nou twò inyoran pou konprann ke sa pa demokrasi epi denonse li.

Si #TetKale pa gen kouraj pran dispozisyon koresponn ak nèg sa yo, li dwe remèt pouvwa bay moun ki kapab.

Paske, pandan 12 mwa Jocelerme Privert te prezidan pwovizwa, pagen okenn moun kite ka pèmet yo monte nan radyo ak televizyon pou fè menas sa yo kont li menm ak moun kap sipòte’l.

Apre plizyè lane mwen pase ap kritike diktati Duvalier, mwen dwe rekonèt ke Papa Doc te gen rezon ak vakabon sa yo! Yo vyolan, se sèl dyalektik vyolans yo ka konprann, se sèl lè yo santi lavi yo ka menas yap rete trankil.

Kidonk, se yon reyalite “anthropologie politique” ke yon lidè responsab dwe konprann : Menm si nou nan demokrasi kote nou dwe fè bagay yo nan respè dwa moun, lajistis ak lalwa, bandi sa yo dwe konnen tout aksyon ilegal ak vyolans yo fè ap gen gwo konsekans kont yo.

#LeReCit

Aucun commentaire: