lundi 29 octobre 2018

Men mesaj Godson Aurelus ekri pou pèp la, pou polisye yo...

Mezanmi frèm, sèm yo , mwen sot viv yon injistis kriyèl, mpap ret bèbè sou sa , mpral pale . Sa fè dezyem fwa , yon jij Senmak relem sou yon dosye kontrebann zam ki te pase Senmak nan mwa oktob 2017 , leu saa mwen pat chef lapolis ankò . Premye fwa mwen tal devanl lan , li te fè yon jounen ap poze m kesyon sou fonksyonman lapolis nan dosye zam, sou sekirite peyi a , se jis lè li pral fini , li prezantem yon otorizasyon achat zam aletranje pou yon kompayi sekirite ki rele Global Dinasty Corps SA. Li mandem si siyati ki ladanl bon ,eskel otantik , mwen dil , mwen paka konnen , se nan achiv cabinet DGPNH pou lal verifyel. 

Li te envitem jodia , mwen te ale ankò . Men fwa saa avanm ale mwen te ale , mwen te rankontre ansyen chef kabinè m nan ak chef kabinè aktyel DG a , yo te banm tout dosye sou kompayi a , e tout dosye yo te korek . Leu m rive Senmak , misye komanse tandem , li refè menm teyat yo ankò nan pozem kesyon sou plan sekirite mte genyen leum te chef lapolis , sou otorizasyon achat arme à feu lapolis te konn bay sou komandman m kom chef Polis, mwen reponn li te tout kesyon yo kanmem , men mwen korijel poum dil ke sekirite nasyonal se pa zafè polis selman li ye , se yon politik piblik sekirite ki implike tout enstitisyon pou leta genyen e lapolis ap fè pati de li . Li mande m koman m te fè bay otorizasyon achat zam ak yon kompayi sekirite Global Dinasty Corps SA ki daprè anket li mennen se yon kompayi ki fiktif , ki pap fonksyone vre . Mwen dil pou la Polis bay yon otorization , gen yon ansanm de pyes pou kompayi a depoze nan kabinè tankou piblikasyon nan monitè, otorizasyon Ministè komès, otorizasyon fonksyonman Ministè Interyè , ak tout lot korespondans ak pyes idantite reprezantan konpayi a .

Mwen ba li tout pyes yo pou pwouve li ke konpayi a te ranpli tout fomalite pou li gen otorizasyon an , mwen ajoute poum dil ke kesyon konpayi fiktif pa responsablilite lapolis paske se Ministè Interyè ak sekirite Piblik ki gen responsabilite pou kontwole fonksyonman konpayi sekirite yo , nou menm nou la poum jije sou pyes ki otantik selman . Mwen bali kopi korespondans Ministè Interyè te voye ba nou poul mande nou pou bay konpayi a otorizasyon pou achete zam poul fonksyone . Malgre response precise nou bali ak tout pyes ki apiye sa nou di yo , li kontinye poul dim koman nou te fè bay otorizasyon an sou nom yon moun , nou dil non se sou nom reprezantan konpayi pou kompayi a , epi nou montre l tout korespondans yon ki sou non moun nan . Lè li wè li pa gen kesyon poul pozem ankò , li di te tout fason se dezod nou tap fè , konpayi sa a pa menm ap fonksyone , lap aretem . Li pa janm pozem yon kesyon sou kontrebann zam yo kite pase Senmak la aloske se sou sa li te envitem. Gwo sezisman misye emèt yon manda pou krim transnasyonal , trafik zam ak asosyasyon malfektè kont mwen sans fondement . Albus saa pap pase konsa , Bondye ap banm jistis mwen .

Map konkli poum di nou kamarad nou an pa gen anyen poul wè ni de près , ni de lwen ak dezod ki te pase Senmak la . Mwen te fè travay mwen nan kad la lwa. Jij la mele ak dosye li , li gen nom tout moun ki nan dosye a , li paka cheche yo poul arete yo , se sou mwen li aji kom kobay paskem pa fè politik , kou sa a pap pase.

Aucun commentaire: