vendredi 19 octobre 2018

Yon bon ankèt #Petrocaribe dwe gade lis konpayi prive ki resevwa kòb ak depans yo fè.-

Foto dam ki gen afich ki make : "San vyolans Nap Mande Kote Kob Petwo KaribeA“, se foto mwen pi renmen pou jounen 17 oktòb la. Li fèm gen plis senpati pou sitwayen inosan ki bezwen konnen #KotekobpetrocaribeA san movèz fwa. Sa map di : pou twouve kòb #Petrocaribe a, rechèch nou dwe kòmanse pa konpayi yo. 

Paske se yo ki resevwa lajan, apre sa gade dekesman konpayi sa yo... se la wap wè otorite ki resevwa lajan. Paske si yon kòb ale jwenn yon patikilye, li dwe jistifye. Yon konpayi paka debloke gwo lajan pou yon moun san li pa jistifye.

Apa sa, chita ap akize minis ki gen dwa pa menm konnen magouy yo, se politik. 

Mwen wè sou chansmas kòman yo expoze foto anpil ansyen minis, san yo pa mete okenn foto konpayi. W deja wè boujwazi oubyen sektè prive kontwole ekspozisyon sa yo.

Pasle li pa nòmal pou wap chache lajan #Petrocaribe epi entite ki resevwa kòb la pa ladan. Se yo ki pou resevwa epi bay dirijan nan leta, si yo pa resevwa, pagen moun kap jwenn kòb leta.

Louvri zye nou! Sispann kite yo manipile nou. #AlaPay!!! 

Pagen detounman gwo kòb konsa san konplisite antrepriz oubyen fim prive. #LeReCit #Haiti

Aucun commentaire: