jeudi 20 décembre 2018

#Petrochallenge dwe pote Revolisyon ekonomik! Veye manèv kap pwoteje konpayi boujwazi piyajè!

Nan yon peyi kote timoun pagen inifòm pou ale lekòl,
boujwazi ap finanse inifòm manifestasyon divèsyon.
#Petrochallenge dwe pote Revolisyon ekonomik! Veye manèv kap pwoteje konpayi boujwazi piyajè!

Nan dosye #Petrocaribe a, djòb sal politisyen aysyen ak entelektyèl klas mwayèn tankou André Michel, Shiller Louidor, Moise Jean-Charles se jwe wòl ajan manipilatè pou kreye konfizyon epi fè divèsyon… Youri Latortue, Evalière Beauplan, Nenel Cassy ak Don Kato, se ajan rekiperasyon, ki vle di moun kap chache rekipere ankèt ak pwosè yon fason pou pa rive sou klas dominant ki manje lajan #Petrocaribe.

Yo pap janm pale de konpayi ki te resevwa kòb #petrocaribe a ! Si yo oblije pale de yo, yo toujou gen yon ti kòmantè pou defann yo :
1- Pou defann konpayi REPSA, Youri di’w : « Konpayi-a montre setifika…»;
2- Pou defann SOGENER, Beauplan di’w : « Genyen yon dèt kwaze »

Moun sa yo ap travay nan enterè boujwa ak ti gwoup moun ki kenbe ekonomi peyi d’#Haiti an otaj depi plis pase 200 lane. Yo pa janm denonse gwo konpayi ki vale kòb #Petrocaribe a. Aloske ke li klè ke pagen mwayen pou yon minis, direktè jeneral oubyen yon Premye minis resevwa lajan #Petrocaribe si se pa yon konpayi ki pran’l pou li.

Pa egzanp André Michel ki renmen akize prezidan Jovenel jiska bay fo chif ak itilize fo dokiman, pa janm di anyen sou lis konpayi ki resevwa lajan #Petrocaribe.

Se fason sa pou pèp-la evalye nèg sa yo :

Eske yo denonse gwo konpayi sa yo ki pou gwo boujwa 6 fanmi ki pran ekonomi peyi-a an otaj?

Mobilizasyon #Petrochallenge dwe sèvi pou kraze sistèm dominasyon ekonomik sa; kote yon ti gwoup moun toujou ap itilize tout manèv pou piye tout sa peyi-a genyen.

Li klè ke 1,8 milya dola sa pase andedan konpayi gwo boujwazi salòp la, se li ki pran kòb la pou fè pwojè. Moun sa yo dwe bay eksplikasyon sou #kotKobPetrocaribea. Tout enfòmasyon yo nan bank BRH, BNC, BMPAD, MINISTÈ FINANS.

Pèp-la pa dwe blye ke Dessalines mouri paske li te denonse konpòtman rafinè boujwazi sa. Moun sa yo touye Papa Dessalines paske li te di yo :

« Eske moun papa yo soti an Afrik pap jwenn anyen nan separasyon tè ak byen ekonomi peyi sa? »

Se te yon fason pou Dessalines te denonse tandans milat yo ki tap reklame tout byen ki nan peyi d’#Haiti; yo te vle fè ansyen esklav yo aksepte lide ke yo se eritye ansyen kolon, papa yo blan franse, kite kori kite lakoloni devan revòlt esklav yo.

Pitit ansyen kolon sa yo te mete anplas yon sistèm kowipsyon pou vole tout lajan peyi-a, pou yo pa peye taks ni dwan… Lajistis pa egziste pou yo. Jiskaprezan nou ka wè se malere sèlman ki pran prizon an Haiti.

Lè Anperè Dessalines wè yo derefize tande, li desann nan Sid al kraze tout depo machandiz kontrebann yo. Apre sa yo fè konplo, yo touye’l.

Aprè lanmò Papa Dessalines, klas dominant boujwazi sa peye ti entèlektyèl ak politisyen klas mwayen pou denigre Papa Dessalines. Se depi lè sa eleman klas mwayèn sa yo ki nan lekòl, inivèsite, jounal, radyo, laprès, legliz, pati politik, ap jwe wòl detounen atansyon mas pèp-la sou reyalite dominasyon ekonomik peyi-a, yon fason pou boujwazi salòp la kontinye vole resous peyi-a ak konplisite etranje.

Nan tout franse yo ekri, yo pa janm di si se kay Petion yo te touye Dessalines; yo prezante Christophe tankou yon sanginè ki sèlman ap touye moun nan Nò peyi-a. Chak fwa mas pèp-la leve kanpe kont lamizè, boujwazi salòp la ak entelektyèl klas mwayèn antann yo pou fè yon moun oubyen yon ti gwoup moun pote chay la. Sa w tande a, yo jete prezidan, yo dechouke moun, men sistèm lan rete rèd… anyen pa janm chanje.

Jodia ankò pèp-la mande #KotKòbPetrocaribeA. Yon mouvman ki ta dwe pote chanjman sistèm dominisyon ekonomik sa, ti nèg klas mwayèn, entelektyèl ak politisyen kontinye ap fè kominezon pou kreye konfizyon. Yo di’w se prezidan Jovenel ki manje’l paske li te gen yon ti kontra 36 milyon goud pou pèse wout Borgne/Anse-a-Foleur. Pandan tan sa yo pa di anyen sou gwo konpayi kap bwote milyon #petrocaribe depi 2008. Yo vle fè pèp-la kwè se kelke eleman klas mwayèn ki manje lajan #PetrocaribeA. Yo fè silans total sou gwo konpayi la boujwazi. RezoSitadel #LeReCit di non, li piblye lis konpayi yo.

Haiti rive nan yon kafou kote kat la dwe rebat. Jenn yo san espwa, yap kite peyi-a al pase mizè nan yon seri ti zile, oubyen nan peyi byen lwen tankou Chili, Brezil, elatriye. Yo bezwen travay, yo bezwen espwa, yo bezwen yon avni, anyen paka fèt ak konpòtman kolonyal boujwazi sa ki panse li dwe sèlman piye peyi-a ak konplisite kèk eleman klas mwayèn kap ede yo manipile pèp-la.

Dosye petrocaribe sa se okazyon pou kat la rebat. Pa kite yo manipile nou nan akize 2 ou 3 moun pandan anyen pa di sou sistèm kolonizasyon ekonomik ki anplas depi 1804.

Nou kapab fè Haiti kanpe tankou Sendomeng, Bahamas, Jamayik, Costa Rica. Pou sa rive fèt, nou dwe fini ak demagoji. Anyen pap janm chanje tout tan nou pa di bagay yo jan yo ye, epi atake pwoblèm nan rasin.

Tout gwo anketè nan mond sa konnen pou rive jwenn koupab kòwipsyon, se tras lajan pou’w swiv. Nan dosye #Petrocaribe a :
1- lajan te nan #BRH, #BNC…
2- BMPAD oubyen Ministè finans transfere majorite kòb la sou kont konpayi ;
3- BMPAD oubyen Ministè finans transfere yon pati nan kòb la sou kont ministè oubyen bwat leta;
4- A pati kont konpayi yo oubyen kont ministè yo, wap ka wè #KoteKòbPetrocaribeA ye.

Tout enfòmasyon yo sou kont labank yo!

Pa kite yo blofe nou, louvri zye nou, #NouPaEgare!


Cyrus Sibert, Okap, Haiti
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
www.reseaucitadelle.blogspot.com
20 décembre 2018

Aucun commentaire: