dimanche 6 janvier 2019

#Haiti Dimitri Vorbe trete atis aysyen yo tankou se esklav li.— #LeReCit

Sa ki ekri nan foto nou piblye anba teks sa, se mesaj twitter @DimitriVorbe yon boujwa kap repwoche mizisyen, atis ak gwoup mizik #Haiti. Kòm dabitid, boujwa salòp sa yo awogan, yo pa respekte moun. Yo toujou panse se nan plantasyon esklav yo ye. W ta di Vorbe fache deske atis yo pa patisipe nan pwojè koudeta jete prezidan Jovenel Moïse

Epi tou, yon gwo konpayi tankou @sogenerhaiti kap bwote plizyè milyon chak mwa nan Bank Santral #BRH, pou se konsa kominikasyon li fèt. Kote jenn pwofesyonèl yo kap diplome nan kominikasyon fakilte "Sciences humaines”?

Kòm nou ka wè li, pagen separasyon ant fanmi ak antrepriz yo ke boujwazi salòp la konsidere tankou lakou lakay li, epi depann de koulè ki nan tèt manb fanmi li.

1- Pou yo, bay moun djòb se favè;
2- Yo konsidere anplwaye tankou timoun ki rete ak yo, pa tankou pwofesyonèl ki gen enpòtans nan pwodisyon sèvis ak byen, menmjan tankou lajan oubyen ekipman yo envesti; abitid yo se voye anplwaye achte sigarèt;
3- Daprè yo, atis ki fè pwomosyon pou yo se esklav mantal ki dwe swiv menm pozisyon politik ak yo.
4- Paske yo gen monopòl, yo panse yo pa bezwen piblisite. Si yo peye piblisite nan yon medya, yo panse sa bay yo dwa pou achte konsyans jounalis ak tout sa kap di nan medya sa.
Poutan, Coca-Cola pa janm sispann fè piblisite.

Yon veritab konsepsyon feyodal ak neo-esklavajis ki anpeche moun sa yo evolye epi tou lakòz yo bloke peyi-a pran li an otaj.

Moun #BoujwaziPlantasyon sa pa ka chanje #Haiti

#LeReCit


https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10153417078189478/10158255277524478/

Aucun commentaire: