mardi 29 janvier 2019

“Timoun lari” jodi gen dwa tounen “Granmoun” demen !

“Timoun lari” jodi, gen dwa tounen “Granmoun” demen ! 

[ Menm lè yo te viiktim abi seksyèl, yo gen dwa granmoun tankou tout moun! ]

Depi laprès nan peyi Etazini fin anonse vandredi 25 janvye 2019 pase, yon antant avoka “Mitchell Garabedian” ak fim avoka “Simmons, Hanly, Conroy LLC”, jwenn ak yon pakèt gwo kongregasyon katolik Etazini tankou “Ordre de Malte”, kongregasyon Jesuites, pou dedomaje viktim Pwojè Pierre Toussaint ke Douglas Perlitz te abize seksyèlman nan vil Okap, sepa 2 mesaj n’ap resevwa.

Anpil moun, aysyen tankou etranje, ap reflechi koman pou lajan an pataje, kòman pou yo itilize’l, ki sa pou Cyrus ak avoka yo fè viktim yo fè ak kòb la, elatriye.

Sou paj Facebook mwen, gen yon ansyen anplwaye pwojè a ki di : “ Cyrus pran dosye a pou li sèl, li mete tout moun akote.’’

Pawòl sa yo demontre ke moun sa yo pa konprann anyen, oubyen yo bliye sa ki esansyèl nan dosye a. Se pou rezon sa nou deside piblye teks sa.

Paske, menm lè nou gen obligasyon sekrè ki garanti pa lalwa Etazini ki pwoteje tout enfòmasyon ki konsène travay avoka, nou deside fè ti piblikasyon sa pou evite pwopagann manti gaye nan plas verite.

Me sa nou dwe konnen sou pwosè sa :

1- Dosye a konsène granmoun. Viktim yo se ansyen timoun nan lari ki gen plis pase 21 lane jounen jodia. Kidonk, se yo sèl ki mèt dosye yo, se yo sèl ki dwe resevwa enfòmasyon sou li, se yo sèl ak jij la ki gen dwa deside sou dosye a;

2- Sa pa gade okenn lòt moun. Menm paran viktim sa yo pagen anyen pou wè nan dosye sa, si sepa yon viktim ki envite’l foure bouch…. alewè pou ansyen reskonsab pwojè, zanmi ak lòt moun akote.

3- Se pou rezon sa, Cyrus pa te ka ap mache rankonte moun sa k’ap pase nan pwosè-a. Se pa paske li t'ap pran tout bagay pou li. Dayè pwosè sa paka pou Cyrus, se pou viktim yo.
Sa tout moun dwe konprann nan koze “Obligation Confidentialité”, si wap travay pou yon fim avoka kòm ajan, epi w di yon bagay ki lakòz avoka yo gen pwoblèm nan pwosè y’ap mennen, yo ka rele’w lajistis pou mande'w reparasyon, domaj ak enterè.

Epi tou, nou pa anvi pedi kredibilite nou devan gwo avoka sa yo :
a) - “Mitchell Garabedian” ki se pi gwo avoka ameriken nan mòd dosye abi seksyèl. Yo menm fè yon film sou li ki rele “Spotlight” 

b) - Fim avoka “Simmons, Hanly, Conroy LLC” kouvri tout etazini, li defann moun nan yon bann gwo dosye tankou petwòl kite fè polisyon nan Golf Mexique apre pasaj Katrina, move pwodi famasi “Johnson and Johnson”, elatriye. 

Nan yon peyi tankou #Haiti kote lajistis ap pase viktim anba pye, nou bezwen gwo avoka ameriken sa yo pou entènasyonalize yon seri dosye, bay viktim Haiti yo chans jwenn jistis, epi tou fè bandi yo konprann ke menm si yo ka “vandalize dosye yo an #Haiti”, gen mwayen pou trennen yo lajistis kote pagen jij ak komisè kòwonpi kap pran lajan anba tab pou vyole dwa viktim yo. 

Paske depi w kite nou jwenn yon fason pou pwofite de “extra-territorialité” brigaday wap fè an #Haiti, w mele. Tout moun konnen, nan peyi Etazini, li preske enposib pou nèg al kòwonp lajistis. Jij nan peyi sa pran tèt yo oserye, menm prezidan Trump paka derespekte desizyon yo pran kont li.

4- Nap reprann enfòmasyon sa, paske se 6 lane nou pase ap sibi kritik san fondman sa :
Moun kap di "Cyrus pa janm di yo anyen sou dosye-a", "Cyrus kenbe bagay yo pou li sèl", yo dwe konnen ke se konsa sa fonksyone devan lajistis. Si mari w oubyen madanm w ap travay sou yon dosye, w dwe konprann ke li pa kapab eksplike’w anyen nan dosye sa, menm si nou dòmi sou menm kabann.

5- Viktim yo poko resevwa 60 milyon dola. Se jij la ki pral detèmine kòman yap resevwa li swivan pwopozisyon pati yo fè, epi tou daprè istwa sa kite pase avan…
Jij la pral deside nan kad lalwa pou gade si antant lan respekte la lwa, si li fèt nan enterè viktim yo ak lajistis, elatriye.

6- Li pa bon pou moun ap repete bagay yo pa konnen nan dosye sa. Paske anpil nan vye koze moun ap di, yo pa chita sou anyen. Tout dokiman yo nan Tribinal la, jij la okouran de detay sa yo, yon seri nan dokiman sa yo pibliye sou sit internet tribinal la, anpil nan yo afiche depi plis pase 6 lane…

7- Dosye 60 milyon sa pa konsène ansyen anplwaye Pwojè Pierre Toussaint, li pa konsène non plis tout moun ki te nan Pierre Toussaint. Li konsène sèlman moun ki viktim abi seksyèl swivan temwayaj yo bay, ankèt ki fèt sou temwayaj yo fè, depozisyon ak tout lòt prèv an Haiti tankou Etazini ke avoka yo gen nan men yo.

8- Nap tou di an pasan ke se avoka yo ki toujou deside ki moun yap reprezante nan pwosè-a pami tout moun ki pote plent. Se pa Cyrus Sibert. Se avoka yo ki toujou pran desizyon final sou dosye yo. Se pa ni Cyrus ni lòt viktim.

9- Nan zafè abi seksyèl, moun pa janm fin konnen sa lòt moun sibi. Paske se pa bagay ki fasil ditou pou rankonte. Gen dwa gen moun ki pa janm gen kouraj pote plent ak tout yo viktim. Moun sa yo gen dwa ap fawouche lòt moun ki viktim yon fason pou moun panse li pa viktim tou. W ka sezi wè, chak fwa li rantre lakay li, lap kriye pou sa li te sibi, men li pa janm ka di sa. Kidonk, nan dosye sa yo, se klwazonman total, ki vle di moun pa oblije konnen istwa lòt moun.

10- Si yon ansyen anplwaye Pwojè Pierre Toussaint te deside temwaye oubyen sipòte viktim yo, sete chwa pa li… epi tou se menm yon obligasyon. Paske, daprè lalwa Etazini e menm an Haiti, si wap travay yon kote, w konnen yap abize timoun, yo gen obligasyon pou rapòte sa. Si w pa fè sa, w konplis, lajistis kapab pousib w.
Aktyèlman, gen yon Evèk katolik nan vil Lyon, peyi Lafrans ki ap jije paske li pat rapòte abi seksyèl yon pè tap fè nan pawas kote li te reskonsab la;
Nan vil Okap, Douglas pase 10 lane ap vyole timoun libe libè, si li pat benefisye konplisite aysyen ki fèmen zye pa di anyen, abi sa yo pa tap ka dire tout tan sa.

11- Viktim Pwojè Pierre Toussaint yo ap tann desizyon jij la, tankou tout moun. Se viktim sa yo ki mèt dosye yo, se yo ki gen dwa deside sou kòb yo pral resevwa, menm si yo te timoun nan lari lè yo te viktim abi seksyèl anba men Douglas Perlitz, jodia yo granmoun, yon gen dwa deside an granmoun.

12- Pwosè sa te fèt pou dedomaje viktim, se sèl viktim kap jwenn dedomajman apre desizyon jij la.
60 milyon dola y'ap pale de li-a, pral separe ant 133 viktim pou pi piti. Pèsonn poko konnen kòman viktim yo ap touche kòb sa. Tout bagay depann de ki sa jij ameriken ki sou dosye a deside. Li ka valide antant ke pati yo twouve, konsa tou li kapab egzije chanjman nan antant lan.

13- Pa pèdi tan nou nan bay Cyrus presyon pou lajan viktim yo. Se yo sèl k’ap gen pou deside sou lajan dedomajman y’ap gen pou resevwa, lè jij la fin deside.

SEMPER FI !!!


Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
www.reseaucitadelle.blogspot.com
29 Janvier 2019

Aucun commentaire: