vendredi 18 janvier 2019

Zen pete! Yo jwenn kote Patrick Norame konn depoze gwo lajan #BMPAD #PetroCaribe.-


Zen pete! Yo jwenn kote Patrick Norame konn depoze gwo lajan sou "Account" Nenel Cassy.— Dosye Patrick Norame a montre kòman analiz kont labank se sèl mwayen pou fè Bonjan ankèt #Petrocaribe.-

Daprè FJKL de Marie Yolene Giles, yo jwenn kote Patrick Norame te konn depoze gwo lajan Pou senatè Nenel Cassy. Selon yon rapò de 7 paj, Patrick Norame antre nan #BMPAD an avril 2016 li te gen 920150 goud oubyen $11722.71 US sou kont li, lè’l kite BMPAD li sòti tou anfle ak 62140.63 dola Ameriken nan yon kont Unibank e anviron 13 milyon goud sou yon kont BNC. Yo jwenn li ta gen plizyè kay li achte. Selon Rapò sa, yo site nom Evans Lainé ke Patrick Norame ta bal yon chèk de 1 milyon goud kote yo paka konn poukisa. Menm Evans Lainé sa gen yon Kont konjwen ak senatè Nenel Cassy ki se 16400001325. Avoka Patrick Norame se André Michel ki tap defann pou yo pa mete men sou Patrick Norame. Marie Yolenne Ap bay detay sou kijan mesye sa yo nan koripsyon 👇

Aucun commentaire: