dimanche 10 février 2019

Jovenel Moise dwe deside si lap pase nan listwa tankou yon JERAN PALÈ olye de yon PREZIDAN.- #LeReCit

Jovenel Moise dwe deside si lap pase nan listwa tankou yon JERAN PALÈ olye de yon PREZIDAN.- #LeReCit

Maten an mwen leve fache ak prezidan @MoiseJovenel. Paske misye chita anba bonda nèg Petion-vil yo, tout pouvwa nan men yo, epi se yo kap destabilize’l.

Li bay Youri #ONA ak yon bann pòs pou’l jwen lajan epi destabilize’l.

Misye fè’m fache paske nou te prevwa tout sa kap pase la.

Nou pap fè tankou @NicolasMaduro ki chita ap akize ameriken. Yon lidè dwe dirije, chache konsansus, pran desizyon pou rezoud pwoblèm.

@MoiseJovenel dwe dirije an #NegBannann. Foli grannèg kapital la pap mennen’l okenn kote. Li dwe koute pèp la, sispann pedi tan nan reyinion ak ipokrit.

Gen yon jan pou’w ye lè w prezidan! Yo dwe respekte’w oubyen krent w!

Nèg yo telman fè sa yo vle ak prezidan @MoiseJovenel ke yo pa respekte’l. Yo pase’l anba betiz ouvètman, yo menase’l ouvètman.

W paka fè kanpay ak yon gwo pwogram konsa epi w kite yap fè w echew sou li.

Prezidan @MoiseJovenel dwe sispann devlope konpleks nèg pwovens lè yo desann kapital, ki se : GRAN DIZÈ ak FOLI GRANDÈ. Li dwe rete egal a li menm. Epi sispann kite ti visye «Repiblik Pòtoprens» gagote pouvwa nan men li, fè’l soti lèd devan pèp la, devan litwa. Li dwe dirije!

Gen yon seri moun ki pran Jovenel pou jeran «Palè nasyonal», yap fè li pran desizyon pou’l sanble ak jeran Palè tout bon. Ebyen se @MoiseJovenel ki pou deside si lap pase nan listwa kòm jeran Palè «Nasyonal» oubyen kòm «Prezidan d’#Haiti».


Cyrus Sibert, Cap-Haitien, #LeReCit

https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1094639068078657538?s=21

Aucun commentaire: