jeudi 14 février 2019

Nap krye lanmò Etienne Polycar. A Dieu Bèbè !!! --- #LeReCit

Etienne Polycar
Se ak dlo zye map ekri teks sa.- #LeReCit

Madi 12 fevrye 2019, lapolis Okap touye jenn gason sa. Non li se Etienne Polycar, yon bèbè ki soud. Sa pase nan katye popilè san Rezon. Mwen aprann ke li te sou tèt yon kay, lè lapolis debake. Malere a pat ka tande, li pa konprann sa kap pase. Sanble polisye yo pran Bèbè pou yon menas kote li te kanpe anlè kay la, epi yon polisye tire li.

Mwen pagen tout detay yo : Depi yon senmenn politisyen ap fè dezòd pou pouvwa, zam ap tire, wòch ap voye, polisye yo fatige, enève, tout bagay ka rive. Nap pwofite mande otorite #PNH yo pou pale ak polisye yo yon fason pou yo evite vide lwil sou dife lè yap touye inosan. Menm lè nou rekonèt ke polisye a se yon moun ki ka pè tou, anvan li tire sou yon moun sa mande anpil verifikasyon ak anpil jistifikasyon. Se sa politisyen yo ap chache menm pou mete lapolis anfas pèp la..

Bèbè sete yon timoun lari. Sete zanmi mwen menm Cyrus Sibert, pitit gason'm. Li pase tout lavi li ap pase mizè nan lari-a, lave machin pou’l manje. Blan pedofil Douglas Perlitz te vyole bèbè lè li te timoun.

Sa fè’m mal anpil deske li pap rive gen chans repare lavi li, menm lè nou konnen dega ke abi seksyèl oubyen vyòl koze sou lespri moun pap janm ka repare... lajan paka repare dega sa yo.

Pwosè fini 11 fevrye, bèbè mouri 12 pa erè. Bagay sa fè’m konsyan anpil limit nou menm lèzòm. Nou paka kontwole tout bagay. Se sèl Bondye ki gen twòl tout bagay. Kelke swa sakrifis w fè, gen reyalite ki pa depann de nou. Sèl sa, nan lavi, etive pou sepa w menm ki lakòz malè rive.

A Dieu Bèbè !!! Tout moun ki konnen'w ap sonje ke sete yon moun onèt, disipline, saj, ki renmen travay di.

Ke volonte Bondye fèt !!!


Cyrus Sibert, Journalis !
Cap-Haitien, Haiti
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
www.reseaucitadelle.blogspot.com
14 Février 2019

Aucun commentaire: