Follow by Email / Suivez nous par Email.-

jeudi 21 mars 2019


Ann defann karaktè Papa Dessalines.- #LeReCit

Apre midi-a, pandan mwen sot chache premye pitit fi mwen lekòl, map rankonte’l atrosite blan ewopeyen te konn fè nan karayib la ak nan amerik latin. Li reponn mwen, san ezite : “Jan moun sa yo renmen kritike Papa Dessalines pou masak fransè yo!”

Repons sa pouse’m pataje dekouvèt sa yo mwen fè nan liv pwofesè Sauveur Pierre-Etienne ki rele “Haiti, La République Dominicaine et Cuba”, nan chapit 2 ki gen pou tit : “La construction et la formation de l’État dans la Caraibe.” p.47 —58.

Ebyen, sepa 2 krim, piyaj ak masak, moun sivilize sa yo te konn fè…

Tou dabò, zòn karayib sa gen yon istwa pirat ak kontrebann. Nou pa dwe janm blye ke se kontrabandye ki touye Papa Dessalines. Map mande’m eske nou pa dwe konsidere karaktè antropolojik koripsyon ak kontrebann kap fini ak peyi d’#Haiti.

- An 1554, yon fransè yo rele François Leclerc ke yo te bay ti non Janm debwa, travèse lanmè atlantik ak 10 bato ak pou misyon piye tout vil ki nan karayib la. Li pran kontwòl vil Santiago Cuba kote anpil moun oblije al sere nan yon vil yo rele Bayamo pou yo pa touye yo, paske Francois Leclerc te bay lòd masakre yo. Menm mesye sa te bay lòd, yon lane apre, pou boule vil La Havane;

- Le 10 janvye 1568, yon “Corsaire” angle (ki se moun Roi bay dwa mache kraze brize pou li) ke yo rele Francis Drake antre nan vil Santo Domingo, piye, vole, boule, okipe’l pandan yon mwa;

- Nan ane 1591, yon kapitèn angle yo rele Christopher Newport atake, piye, boule, masakre moun nan vil Leogane;

- An 1652, yon kòsè anglè yo rele Christophe Myngs kite nan tèt 11 bato ak 1,300 bandi, debake Santiago de Cuba kote li piye, masakre, boule…menm klòch legliz katolik la li pa kite.

- An 1666 sou lòd gouvènè anglè Jamaique, yonn nan fiblisye kite pi kryèl ke yo te rele Mansfield atake, piye, boule, masakre moun nan plizè pò Cuba;

- De 1678 a 1685, blan fransè yo detri e masakre anpil moun nan Jamaique ak vil Santiago de los Caballeros (Sendomeng);

- An 1689, fransè yo sou kòmandman yon gouvènè yo rele Cussy detri vil Santiago de los Caballeros;

- Le 21 janvye 1691, espanyòl yo ak anglè detri konplètman ak touye tout moun yo twouve nan vil Okap,

- Le 24 me 1695, espanyòl yo ak anglè detri pou yo lòt fwa vil Okap. Pandan 2 fwa sa yo teknik yo itilize : yon sènen vil ak anpil solda ki soti Sendomeng epi yon flot bato sou lanmè ap bonbade vil la san rete avan solda yo rantre masakre moun epi piye tout sa yo jwenn. (Paj 53)

Nou pa menm pale de masak endyen yo…

Liv Pwofesè Sauveur Pierre Etienne sa demontre kòman vyolans, piyaj, masak, sete bagay kite konn fèt chak jou nan karayib la…yon seri atrosite kite planifye epi telegide depi nan metwopòl koloni yo : Espagne, Angleterre, Portugal, Hollande… 

Men, blan sa yo se Dessalines yo kontinye ap kritike pou sal imaj li ak memwa li; yo fè nou menm aysyen etidye “Le massacre des français”, nou fè disètasyon sou li, tandiske yo menm yo pa pale de tout krim ak masak yo fè… yo sèlman rakonte pitit yo bèl epope…

Aysyen louvri zye nou !!! Chache konnen pou’n konprann kote nou gad. Paske “Empire Rome” te domine latè pandan plis pase 1000 ane. Ki vle di 200 lane endepandans ke nou genyen pa anyen, li kapab yon ti rekreyasyon avan yo rekomanse toupizi nou. Yo ka toujou reprann kontwòl nou, si nou kontinye ranse betize.

Se chak jou dominiken ap repete sa Haiti te fè yo ki mal pandan 25 lane okipasyon. Eske yo janm pale de tout krim, tout masak, piyaj ak dife angle, espanyòl ak franse te fè sou bout tè yo a?

Tout masak, piyaj ak dife blan yo fè nan karayib, amerik di sid, afrik, azi, dizon nan mond lan, se pou yo volè byen lòt pèp, tankou lò, ajan, elatriye. Tandiske kòz Dessalines sete pou libète, pou retire nou nan esklav… me se li blan yo ap kritike…

Dwe gen yon travay ki fèt nan sans sa, pou louvri zye aysyen ak pèp dominiken, pou ede yo konpran jwèt kolon yo, ki jodia ap pran pòz sivilize… men ki pa blye metye yo.

Dayè, chak fwa gen lagè, yo refè menm bagay yo…bonbade vil, lage bonm sou vil ak inosan. San nou pa rasis, nap di : Kolon Blan yo te vyolan — menmlè jodia yo maske vyolans yo a ak teknoloji, yo toujou vyolan — e yo ka refè menm vyolans yo kont nou. Se nou menm ki pou konsyan de sa, pou nou sispann divize, kole zepòl, epi konstri avni nou ak defans nou.


Cyrus Sibert, Okap, #Haiti
#LeReCit @ReseauCitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr
www.reseaucitadelle.blogspot.com
21 mas 2019


Aucun commentaire: