jeudi 21 mars 2019

Bon!!! ki sa Jean Henry Céant tap regle nan Primati .... ?

Bon!!! ki sa Jean Henry Céant tap regle nan Primati .... ?

1- Pou yon premye minis paka jwenn 10 depite vote afavè li nan yon asanble ki gen plis pase 100 depite?

2- Li chita ap repete lap desann nan Sena... epi li pa menm ka reyini kowòm nan Asanble Senatè yo?

Leson politik nan sak pase a ...se diferans ant
- fòs politik pou fè presyon nan lari,
- fòs pou pran pouvwa
ak
- fòs pou rete sou pouvwa.

Sa ki rive PM Céant demontre ke misye telman pase tan ak gaspiye lajan nan mete presyon pou chache rive prezidan, li neglije fòs ki ka ede’l rete sou pouvwa.

An 1991, prezidan Aristide te komèt menm erè sa. Li tap boulvèse lari-a, bay presyon kraze brize, revoke etamajò lame, tandiske li pat kontwole anyen nan fòs ki te ka ede’l rete sou pouvwa.

Prezidan Manigat te komèt menm erè sa.

Nan tan sa, apre Jean Claude Duvalier te fin kite pouvwa, sete lame, sektè prive, kominote entènasyonal...

Anpil nèg jounen jodia ke w wè kap fè bri nan radyo, kraze brize, fè vyolans, pagen okenn fòs politik pou pran pouvwa. Lidè sa yo ak patizan yo pral pase tout vi yo nan fè bri Jiskoubou, san yo pa janm rive pran pouvwa.

Apre sa, jan nou sot wè li-a, lè w fin pran pouvwa, w dwe travay pou ka rete sou pouvwa. Nan sans sa w dwe gen kontròl enstitisyon leta tankou Palman (paske se nan demokrasi nou ye), fòs sekirite PNH/FADH, jistis, ransèyman oubyen entelijans, administrasyon piblik, gwoup de baz òganize ki ka ede’w gen kontròl peyi-a, yon bon diplomasi pou mete blan an konfyans ki vle di fè’l konnen w pa la pou atake enterè jeyopolitik li, epi w dwe omwens divize sektè prive a, mete sa ki vle chanjman yo bò kote’w... tout bagay sa yo dwe chita sou yon bon kanpay kominikasyon kap pale ak pèp la eksplike’l jefò kap fèt ak difikilte wap rankontre.

Nan demokrasi w paka dirije Palman, ni Lajistis, direkteman. Se pouvwa endepandan yo ye, nan sans sa w dwe devlope bonjan kowoperasyon ak yo, enplike yo...itilize teknik yo rele “SoftPower” oryante yo dousman, kiltive enterè konpoze oubyen enterè konbine ki vle di chache tout tan konsansis, gade ki sa majorite moun ka dakò sou li.

Premye minis Laurent Lamothe te bon nan sa. Se pou rezon sa anpil retrograd ki pa eklere te toujou ap di li achte palmantè. Kreten sa yo te refize konprann ke nan demokrasi, w paka monte sou otorite leta kelkeswa pozisyon yo ye, w paka bouskike palmantè…yo pa timoun ki rete avè’w, se konsansis pou’w chache tout tan ak yo.

Pou fini, menmsi yon moun gen problèm ak Jocelerme Privert, w dwe dakò ke li konn kòman pou franchi 3 etap sa yo. Al gade fason li te pran pouvwa ak fason li te pran tout dispozisyon rapid rapid pou fè revokasyon ak nominasyon ki pèmèt li rete sou pouvwa aprè me 2016, jiskaske li fin reyalize eleksyon.

Prezidan René Préval, se yon gwo egzanp de koman w ka pran pouvwa nan eleksyon epi kenbe’l ak fòs jiskaske manda w fini, remèt li an pozisyon de fòs apre w fin reyalize eleksyon.

Cyrus Sibert, Okap, #Haiti
#LeReCit @ReseauCitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr
www.reseaucitadelle.blogspot.com
20 mars 2019

Aucun commentaire: