jeudi 16 mai 2019

Arestasyon Delege Antonio Jules, Gwo lit enflyans pou pouvwa nan Nò peyi-a.-


Fason Komisè gouvènman Okap la konbat demand libète Delege Antonio Jules te fè a, jistifye tout analyz #LeReCit te fè nan teks sa nou te piblye senmenn pase sou dosye CAFE TRIO a : « Lit enflyans ant zanmi Prezidan Jovenel ki bezwen Delegasyon Nò a, lakòz yo pyeje Delege Antonio. » 
Malè pou yon militan #PHTK #TETKALE ki panse yap ka fè fas kare ak Gwo zanmi prezidan Jovenel yo.

Sa fè kek ane depi analyz toujou tonbe jis. Bagay fè anpil moun rayi nou. #LeReCit


Sa se teks nou te piblye senmenn pase👇🏾👇🏾👇🏾
————-
Mwen sot li yon trak sou gwoup WhatsApp kote yon moun ap denonse pèsekisyon politik kont Delege Antonio Jules. Man trak sa, yo akize Youri, yon manb CSPJ ak yon jij enstriksyon Okap.

Bon, eske moun pouvwa sa yo pa wont?

TET KALE se dan pouri pou la jistis? Aristid ak Lavalas gen òdonans kont yo pou asasina Jean Dominique, pagen yon moun ki ka fouti arete yo ni mete entèdiksyon depa kont yo. Yo chaje dosye kidnapin, dwòg, asasina, trafik zam...men okenn moun pa ka mete yo nan prizon.

Nèg TETKALE yo telman konpòte yo tankou yon bann ti jwisè saf, moun ki pat kwè yo tap jann gen pouvwa ak lajan nan lavi, bagay sa lakòz yo pa fouti chita pou jere okenn dosye, ni planifye anyen.
Yo nan reyiniyon tout jounen ap pale de yon bann koze epi yo pa menm ka wè si yap konplote kont yo.

Youri Latortue pase tout tan nan mitan yo ap koute tout sa yo gen entansyon fè, chache konnen sa yap regle, epi fè montaj ak konplo kont yo.
Jodia li pran pòz AAA divize, yon fason pou li nan pouvwa ak nan opozisyon an menm tan.

Mwen menm Cyrus, depi oktòb 2013 mwen konprann mòd fonksyònman majorite moun TETKALE sa yo ki se yon bann kanibal san ideyolojii, ki pap ezite yon segond pou fè konplo kont moun kap defann yo pou kraze yo. Yap detri’w pa jalouzi pou pouvwa, pou lajan ak pou yon seri fanm fatige ki chanje kan apre ansyen nèg yo Lavalas pa kanpe sou anyen.

Se yon bann pate-kwè, arivis, moun kap chache relasyon boujwa salòp, ki refize chita pou planifye ni jere okenn dosye.

W gen pou’w tande yo rive akize prezidan Jovenel nan bagay Cafe Trio sa.. Paske nèg pouvwa sa jwe ak tout dosye, yo kite tout bagay trennen pouri, apre sa yap plenyen sou rezo sosyo oubyen nan radyo pi mal pase opozisyon.

Moun sa yo bay depi!

-Ansyen DGPNH Godson Aurelus ki tap ede konbat kidnapin, ensekirite ak anpeche anakopopilis kapote Martelly pran 3 mwa prizon, apre sa w tande li pa koupab. Sa rive sou pouvwa TETKALE li tap ede a. Menm lè se travay lapolis ke li tap fè, pouvwa TETKALE te benefisye twòp de devouman li pou kite yo fè’l enjistis. Kretin TETKALE yo pa konpran si se strateji entimidasyon lenmi yo ap fè, yon fason pou demontre tout ofisye PNH yo ka mete yo nan prizon lè yo vle, eke TETKALE paka defann yo.

Moun sa yo kite Youri pran kontwòl jistis la. Pandan yap danse nan bal Sweet Miky ak nan kanaval, Youri mete yon bann moun nan sistèm jistis la. Bagay sa yo pa ekri nan okenn liv politik... se TETKALE ki mal konsa.

Pou fini, w ka di sa w vle kont jij la, men kote Pakè a? Ki sa ki nan rapò ankèt préliminè a? Kote’m chita la mwen konnen enflyans Pitit Desalin, Lavalas, Bell Angelot, sou jistis Okap. Se pa san rezon yon seri nèg kap kraze brize nan depatman an, boule traktè, pa janm gen manda kont yo. Pouvwa a tèlman ap voye move siyal sou fòm insosyans, moun nan lajistis nan Nò pè pran reskonsabilite an favè li pou yo pa gen pwoblèm pi devan.

Jodia, y’ap vin plenyen. Yo chita, yo pap jere anyen politik, epi yo sezi lè yo rive sou yo. Depi 2011, yon pakèt nèg kap fè kòb nan pouvwa TETKALE plis flate Aristide ak Lavalas ak lide pou jere lè pouvwa tonbe tan pou yo jere militan ak pouvwa ki mete yo la. Anplis, gen yon obsesyon jere chimè ak chèf gang.

Mwen menm, depi apre moun TETKALE nan Palè nasyonal te fin fè konplo ak Justin pou antere’m tou vivan ak koze gaz nan lise Okap la, mwen pridan ak moun sa yo. Yo te prefere fè konplo ak Justin kont mwen ki tap di yo verite sou gagòt nan kit eskolè ak pwogram PSUGO. Yo telman pa wè lwen, yo pat ka konprann enpòtans travay mwen tap fè a. Yo te prefere detri’m pou kit skolè ak lajan lekòl gratis. Gen yon bann ipokrit ki anba anba tap tann rezilta konplo a ak lide si’m pa la ya jwenn yon lis espas.

Pa sezi si gen nan moun nan pouvwa sa ki kontan paske delege Antonio pran nan cho ak desizyon jij la. Yo plis ap goumen pou ti goud sal ak pouvwa leta pòv delagasyin ap jere a tan yo gade ki sa kap fèt, kisa ki ka fèt, kòman yo kontribye.

Sa nap gade la se negasyon politik!


#LeReCit

https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/videos/2382674025152299/

Aucun commentaire: