vendredi 17 mai 2019

Cyrus Sibert ap reponn yon sitwayen ki di’l resezi’l nan dosye Antonio Jules la.- #LeReCit

Cyrus Sibert ap reponn yon sitwayen ki di’l resezi’l nan dosye Antonio Jules la.- #LeReCit

Monchè Jacky Andre, li mande anpil kouraj pou defann dwa moun. Sitou moun ke advasè politik ap denigre nan radyo ak opinyon piblik. Paske, se nan defann prensip sa yo nap ka defann dwa tout moun an jeneral.

Jodia nou pare pou aksepte ke yon jij enstriksyon gen dwa voye kelkeswa moun nan prizon nenpòt kilè, sitou paske li fache deske sitwayen an deside rekize’l. Demen nap viktim de sa, lè yon jij enstriksyon voye nou nan prizon paske li bezwen pran madanm nou, paske li bezwen pran pitit fi nou, oubyen paske li bezwen pran byen nou.

Nan peyi Lafrans kote yo te envante pòs jij enstriksyon sa, yo komanse refòme’l, kreye lòt pòs jij pou sipèvize’l kontwole, e anpeche deriv. Paske se yon kreyasyon 18e syèk kote lide otokrat, abitrè ak anperè, diktati tap domine lemond.

Nou tout konnen kòman bagay yo ye nan peyi d’Haiti. Si nan peyi Lafrans yo reyalize ke jij enstriksyon yo fè anpil derapaj, se pa an #Haiti kote mwayen prèv yo trè limite. Se yo di, li di, mwen tande, li te di’m, elatriye… Donk, se yon peyi kote li fasil pou monte dosye sou moun pou divès rezon.…jalouzi, rayisman, anbisyon, elatriye. Nan sans sa, tout moun ki gen bon sans dwe egzije ke otorite yo ki gen mwayen nan men yo, chache prèv solid avan yo detri lavi yon sitwayen tankou repitasyon li, byen li ak libète li.

Map di’w tou ke menm moun ki kondane a mò gen dwa. Nan sitiyasyon peyi a ye la tout moun ap mande trase egzanp… se sa tout moun ap repete. Ebyen, egzanp yo dwe trase san pasyon, san kòlè, san rayisman, san enflyans, nan respè dwa ak garanti lalwa.

Mwen pap okipe okenn moun kap kritike pozisyon’m. Paske mwen konnen, 1- Jezi te nan prizon paske yon ti gwoup moun te deside touye’l pou rezon politik,

2- pandan revolisyon fransèz la Robespierre fè anpil abi sou preteks lap defann libète pou pèp. Li kondane Rwa Louis 16 ak yon jijman trike, kote li monte yon tribinal ki deja konnen yo pral kondane Louis 16 ak fanmi li, kèlke swa prèv kontrè ke avoka li pote.

3- Mwen te chita Orlando, mwen tap koute nan radyo Vizyon 2000 Justin Metellus kap di mwen menm Cyrus Sibert te nan reyinion nan vil Okap tandiske mwen pat menm nan peyia.

Lemond gen yon istwa enjistis.

Se pou rezon sa, Cyrus Sibert ap toujou kanpe pou egzije bonjan prèv, ke lalwa respekte, ke lajistis tranche san pasyon ni rayisman ak enflyans politik.

Si yon moun gen pwoblèm ak Antonio paske li pran fanm li, paske li okipe yon pòs ke li anvye, moun sa dwe afwonte li sou lòt teren. Apre sa, si se pou akizasyon CAFE TRIO, mwen pa di li pa koupab, mwen sèlman egzije ke lajistis travay tèt frèt, san pasyon.

E, sepa sa mwen wè! Yo arete Antonio pandan li ale nan pakè Okap pou rekize jij entriksyon an. Kidonk, li tap egzèse yon dwa ke li genyen. Si rekizasyon an pat bon, lajistis te dwe sèlman rejete’l. Men arete’l pandan lap egzèse dwa sa, alòske pat gen manda kite lanse kont li avan sa, pa jis. Se yon zak gwo ponyèt.

- Arestasyon yon sitwayen kap egzèse dwa lalwa bay li pou rekize yon jij paka jis.

- Anpeche yon sitwayen defann tèt li paka jis, paske lajistis chita sou prensip dwa tout moun genyen pou defann tèt yo.

- Arete yon delege ke tout moun konnen kote li rete, ki pa menm eseye kite peyia ak tout yo mete entèdiksyon depa kont li, paka jis.

- Pou fini, fason komisè gouvènman konbat demand libète pwovizwa pou delege a, demontre a klè gen konplo politik. Mwen pa di li te dwe jwe wòl avoka li, men li ta kite se jij la ki tranche.

Mwen konnen Antonio Jules gen yon konpòtman ki ka lakòz moun pa renmen’l. Men, sepa ak lajistis pou konbat li.

Fason w wè’m ap koman dosye sa, se Cyrus Sibert, se konsa mwen ye : mwen toujou gen kouraj di sa’m panse, defann moun ki san vwa, kanpe akote moun kap sibi anba desizyon bout di otorite.

Eksperyans mwen kòm jounalis kap fè ankèt e ki konnen reyalite peyi d'#Haiti banm kouraj pou fouye, pa kouri vale sa tout moun ap di, pa gade bagay yo sou aparans, epi gen karaktè pou kanpe anfas pawòl san prèv tout moun ap repete.

Jodia se Antonio Jules, demen se pral tou pa tout moun w wè kap bat bravo yo. Paske #Haiti gen yon tradisyon zak gwo ponyèt chèf, nou mèt tann tou pa nou. Lè sa, Cyrus Sibert, @ReseauCitadelle ap toujou prè pou defann dwa nou, ak garanti lalwa bay nou.

Sonje se #Haiti nap viv ! Sitou Okap kote gen yon tradisyon yon ti gwoup moun gwo palto kap deside ki moun pou yo arete, sezi byen yo, pran kay ak tè yo, deposede yo, "yon fason fè yo kite frekan."

#LeReCit

https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1129078072362377217

https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10153417078189478/10158634069429478/

Aucun commentaire: