dimanche 2 juin 2019

2e Rapò Koudèkont sou #Petrocaribe retire dosye sa nan lari epi mete’l sou wout lalwa ak dokiman.

#LeReCit : 2e Rapò Koudèkont sou #Petrocaribe retire dosye sa nan lari epi mete’l sou wout lalwa ak dokiman. Pandan rapò sa yo demontre gen gagòt kite fèt nan #Petrocaribe, menm lè li gade yon sèl bò, li bay posibilite pou tout moun yo akize san prèv e pa erè yo egzije koreksyon.

Mòd rapò oryante sa yo pwouve kòman Palè Nasyonal pap jere anyen. #LeReCit te di yo atansyon ak mòd ankèt sa yo. Men yo twòp okipe nan reyinyon, gen nan yo kite panse se sèl @LaurentLamothe ki konsène, depi yo fèl pase pou koupab tout bagay fini. Jodia tout moun wè rezita yo.

Kontrèman a sa malveyan vle fè kwè, nou toujou di "si yon moun manje pwa, se nòmal pou’l bay lapire”. Lajan pèp la dwe respekte. Nan sans sa, si yon moun koupab, li dwe peye pou konfyans pèp ak konfyans nou menm nan #LeReCit li trayi.

Men, Lakoudekont rete yon tribinal administratif ak finans piblik. Ki vle di, lalwa bay moun li akize yo dwa ak delè pou demanti ak bonjan prèv oubyen plede koupab. Nap tann reyaksyon.
Epi tou, se moun ki ireskonsab ki reyaji sou yon rapò teknik 612 paj, san li pa li dokiman an.


https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10153417078189478/10158685660069478/

Aucun commentaire: