lundi 17 juin 2019

Prezidan Jovenel paka kite PHTK al mete mande konstitisyonèl li-a sou kont manifestasyon lari.-

Mwen tande pale de manifestasyon Patizan #PHTK yo pou demen madi 18 jen 2019. Daprè mwen, mouvman sa se yon erè. Prezidan @MoiseJovenel pa dwe al mete manda li sou kont lari. Li dwe chita sou agiman legal ak konstitisyonèl. Sepa tout moun kap sipòte’l ki pral pran lari.

Map swiv sa depi kèk tan an #Haiti. Anpil moun ki pwòch pouvwa gen enterè pou lari cho. Sa pèmèt yo fè kòb sou do baz ak militan. Dezòd opozisyon bon pou yo. Sa kreye panik nan Palè, epi milyon desann. Se pou rezon sa, olye yo fè prevansyon, yo kite tout ti bagay pouri.

Gen 2 erè @MoiseJovenel pa dwe komèt: 1-Krache sou revandikasyon lejitim pèp la ki grangou; 2-Minimize revandikasyon kont koripsyon ak #Petrocaribe.
Si li enpòtan pou denonse manèv politisyen kòwonpi ak boujwa salòp yo, Palè nasyonal paka kanpe anfans revandikasyon sa yo.

Paske,
1- Lè w ale nan lari-a, w mete lejitimite’w sou kont manifestasyon. Kidonk, si li echwe w dwe demisyone.
2- Manifestasyon pouvwa pa fasil. Sonje w gen nan men'w, moun pa'p soti konsa.
3- Pandan anplwaye leta ak polisye poko touche, pèp grangou wap depanse pou mifestasyon? #LeReCit


https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1140737601147678722?s=21

Aucun commentaire: