dimanche 25 août 2019

Cyrus Sibert, reprann emisyon li sou Radio Kontak Inter, nan vil Okap.-

#LeReCit : Jodi dimanch 25 dawout 2019, mwen reprann emisyon “Avec L’Opinion” sou Radio Kontak Inter nan vil Okap.

Anpil moun t’ap plenyen di nou abandone yo, lage yo sou kont emisyon zenyèz akizasyon distraksyon tout jounen pou anpeche lepèp konprann kòz pwofon pwoblèm li yo.

Jodi dimanch 25 dawout la nou rekòmanse.

Nou eksplike lepèp sous pwoblèm ki fè leta paka peye anplwaye li yo ni finanse pwogram sosyal:

1- Boujwa salòp kap fè kontrebann refize peye tax; 2- Lèt de kredi gwoup blakawout ki otorize yo rantre nan Bank Santral al touche kòb resèt leta san yo pa pase pa okenn ministè.

Se bagay sa yo ki lakòz boujwa salòp yo finanse jete PM Laurent Lamothe ak pwopagann manti kont li pou mete dosye dosye #Petrocaribe a sou do’l pandan yo refize aksepte ankèt sou konpayi ak fim boujwa ki tap resevwa lajan #Petrocaribe direk direk nan Bank Santral.

Si an 2014 te gen lèt kredi gwoup blakawout, jodia gen lèt kredi Boulos pou traktè li te vann Prezidan Jovenel, genyen tou lèt kredi konpayi #Petrol kap achte gaz yo.

Se kòb kap fèt pandan pèp la ap soufri, moun ap mouri grangou, pagen sante, men sikilasyon nou paka jere, aksiden tout jounen; polisye pa touche.

Kidonk, ak koze kontrebann kap agrave chak jou, nou foutu.

Anyen pap janm chanje tout tan yon lidè ki gen grenn pa egzije boujwa salòp yo peye tax ak dwann nòmalman epi anpeche koze boujwa salòp ak lèt de kredi rantre nan BRH al chache lajan chak fen mwa. Reyalite a, boujwa salòp yo pran leta kont pèp la. Aloske, leta ta sipoze ap pwoteje moun ki pi fèb yo. #LeReCit

Cyrus Sibert ap sou Radio Kontak Inter chak dimanch midi pou 2 è,
Apre sa de lendi a jedi 8 è pou 10 è nan aswè.


Radio: kontak-inter, 94.9, www.radiokontakinterht.com
8-10 heures AM.
Bonne écoute à vous tous.

Aucun commentaire: