lundi 30 septembre 2019

Sepa nan moman prezidan @MoiseJovenel ap souke kòl, revolte kont sistèm ki kidnape'l la, pou nou abandone'l.-

Sepa nan moman prezidan @MoiseJovenel ap souke kòl, revolte kont sistèm ki kidnape'l la, pou nou abandone'l.-

Politik peyi d’#Haiti desann telman ba ke foul moun kap manifeste tounen machin lokasyon ke biznisman tankou Don Kato, Rene Monplaisir, yon seri de arivis ki toujou prèt pou mete moun nan lari pou defann enterè boujwa salòp depi yo peye yo.
#LeReCit

Imajine’w yon prezidan ki depi li monte sou pouvwa ap denonse lajan leta boujwa salòp ap fè nan move kondisyon:
- li denonse pri kilomèt wout,
- li fè leta pwodi pwop asfalt li,
- li rekipere plizyè santèn ekipman #CNE kite nan men gwo zouzoun,
- li refè kanal irigasyon Gonaives,
- li repare Pelig,
- li ap konstri baraj,
- li ap fè wout Jeremie,
- anpil travay fèt Okap,
- lap goumen ak wout Hinche ak wout Port-de-Paix, elatriye an 2 lane 8 mwa sèlman, tout bagay sa yo san lajan Petrocaribe, nan yon konteks kriz ekonomik ak politik grav.

Pandan tan sa, konplo ap fèt pou manifestasyon politik vyolan,

Boujwazi konplote ak FMI pou egzije pri gaz monte,

Yo menm rive fè konplo pou bloke asfalt prezidan kòmande,

Yo profite de presyon Etazini ki fè #Haiti oblije lage Venezuela pou yo monopolize komès gaz la epi kreye rate gaz pou fè pèp la soufri jis pou li rele aba,

Yo achte zame pou gang nan tout Pòtoprens pou touye pitit pèp la fè li revolte,

Palman an bloke tout akò ak Tawain ki ka ede amelyore koze kouran, rezoud pwoblèm blakawout la,
li refize vote bidjè,

Boujwa ki pi cho devan bann nan ap vann blakawout, tout moun konnen sa,

Boulos gen kontra leta, 30% lajan #ONA nan men’l… ( sou 8 milya goud ONA gen nan kès li, li prete 2 milya 430 milyon) epi li nan tout radyo ap chache fè moun kwè tranzaksyon li a bon.

Senatè ak Palmantè kap manje milyon depi prezidan Jovenel monte sou pouvwa, pran pòz fache jodia paske yo sispek manda yo pral fini, ki vle di yo pap ka bay prezidan presyon pou lajan ankò. Nan sans sa, yo bezwen tranzisyon pou yo banbile.

Boujwa salòp tankou Boulos, Vorbe se nan tranzisyon yo jwenn kontra. Sa pa yon sekrè pou pèsonn.

Chak fwa prezidan Jovenel denonse move kontra yo piblikman, boujwa sa yo al jwe domino kay prezidan @MichelJMartelly mande’l rele prezidan Jovenel pou di’l sispann sa, rezoud sa. Se toujou konsa. Chak fwa pou atake dosye sa yo, gen yon kout telefon pou mande gras pou atoufè yo.

Ansyen prezidan an tou, ap mete yon bann moun nan leta ki pap bay rezilta; Yo sèlman ap mache fè chelbè kale kò ak machin ofisyèl san okenn rezilta. Yo menm aprann nou ke ansyen delege Port-au-Prince pat menm gen tan pou’l chita an Haiti. Li te toujou nan peyi etranje.

Pandan tan sa, se @MoiseJovenel kap pran mo anba bouch lepèp kap soufri.

Alòs, pandan jodia prezidan sa deside reveye'l pou chanje moun ki pa itil yo, kesyone kontra Vorbe kap fini an 2020, Boulos ki gen yon moratwa ki fini jodia vendredi 30 septanm lan ki pral oblije kòmanse peye leta lajan li dwe, w panse lepèp t'ap prale rele ABA JOVENEL?

Ann serye! Menm lè nan listwa pèp ki pa konpran konn kite yo touye lidè pwogresis nan men yo, epi se aprè yo regrète, mwen pa kwè pèp aysyen an pa konprann jwèt kap fèt la.

Se pou rezon sa nap di, menm lè nou konn fache ak prezidan Jovenel, sepa nan moman lap pran konsyans epi revòlte-a pou nou lage’l, abandone’l.

Jan yon zanmi di nou sa : Si @MoiseJovenel bezwen dialòg, li dwe sispann peye Vorbe ak Boulos. Paske se yo ki mèt mezon lokasyon manifestasyon yo. Depi li sispann peye yo akoz peyi-a te lòk, yap vini chita dialoge avè'l, yap bay ouvrye politik opozisyon ak palman an lòd pou dialoge tou.

Zanmi an di’m li se yon moun solidè e fidèl ki pa renmen abandone mou, menm lè li konn sibi anpil zak trayizon. Nan ka Jovenel la, sa fè’l mal anpil pou'l wè kòman yo ap jwe ak Prezidan an ki, kòm yon jenn gason, pa merite sa.
Moun nan di’m tou, se lajan ki nanm malfektè yo. Sispann peye yo, yap gen mwens lajan pou chofe lari-a, yap vin chita dialoge.

Sepa nan moman prezidan @MoiseJovenel ap revolte kont fason boujwa salòp yo kidanpe leta ak pouvwa li a, pou yon militan konsekan ak pèp souveren abandone’l. Okontrè, nou dwe pwofite akonpaye’l, bay li kouraj pou li ale pi lwen nan sans pwogrè.

Tranzisyon se piyay pou boujwa salòp ki toujou pwofite bwote sa leta gen pandan lepèp nan mizè !


Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
@Reseaucitadelle #LeReCit
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr

Aucun commentaire: