dimanche 10 novembre 2019

Analyz — Prezidan Jovenel pap janm demisyone…., Reyinion Hotel Marriot la se yon tan pèdi.-


Anpil moun ap pale de sa’k pase nan Hotel Marriot. Bagay sa pa regade’m. Paske nèg yo fè sa ki pi grav la deja. Yo kraze peyi-a pandan 7 senmenn. Prezidan @MoiseJovenel pa demisyone.
Menm jan ak Préval, Prezidan sa pap demisyone! Sispann depanse kòb nou, sispann fè kòve! #LeReCit

Banm fè kèk ti rapèl pou nou :
A- 30 septanm 1991 yo bay #Aristide kou deta. Paske li pat demisyone, #Haiti konnen anbago, sanksyon jiskaske yo mennen’l tounen ak tout #CIA #DEA te gen rapò kont li.
B- 29 fevrye 2004, li demisyone pagen pwoblèm.

Menm jan vyolans FRAPH pat ka anpeche’l retounen an 1994 sou baz prensip, vyolans teroris operasyon Bagdad pat ka mennen’l tounen apre li fin demisyone. Bagay sa yo pa fè entènasyonal chanje politik yo. Okontrè, sa mennen yo soulve prensip ki di : “Pa janm negosye ak teroris!”

C- Nan lane 2010, Reprezantan Sekretè Jeneral l’ONU an #Haiti Edmond Mulet di prezidan #Peval pou’l demisyone, gen yon avyon k’ap tann li nan ayewopò a. Paske Préval te refize demisyone, epi koresponn ak li, Mulet te oblije chache yon kote mete kò’l. Pagen okenn pwovizyon legal pou sa.

Kidonk, sispann ranse betize, pedi tan nou, fè rizib, fè makak. Prezidan @MoiseJovenel di nou li pap demisyone. Pagen okenn pwovizyon legal pou blan ale avè’l san li pa demisyone.
Nou panse a Aristide 2004, ebyen tout moun ki konnen #Aristide ka di nou ke li se yon lach. #JoMo pa lach!

Menm jan Preval te di blan an: “mwen pa moun ki pral demisyone epi monte yon avyon ale an egzil pou w. Si’w vle, w ka fè vyolans sou mwen ak fòs #MINUSTAH epi lemond a wè se vyolans w fè sou mwen”, Jovenel pap demisyone.
Bagay Préval sa tap yon katastròf pou Nasyonzini. Sepa jodi yo pral fè sa pou opozisyon an!

Kidonk, pa kite yo fè’w fè rizib.
Gen yon bann nèg kap pran pòz sektè prive, yo tout razè. Se non ak aparans yap sove. Yo paka jwenn 10 mil dola U.S. demen maten si yo bezwen.
Yap chache menm jan avè’w. Yo te fè CLED, apre se FORUM ECONOMIK, jodia yo fè PASSERELLE. Yo sou blòf!
Nèg yo ap konte ze nan vant pou’l. 🤣

Pou fini, ann gade konbyen prezidan yap mande kite pouvwa epi ki la toujou :
1- Emmanuel Macron @EmmanuelMacron an #France 🇫🇷 , depi anviwon yon lane #GiletsJaunes ap manifeste;
2- Daniel Ortega @DanielOrtegasa nan #Nicaragua 🇳🇮 depli plis pase yon lane gen anviwon 3000 etidyan ki mouri;

Menm prezidan Bashar al Assad nan peyi Syrie 🇸🇾 ke yo akize de krim kont limanite, oubyen Nicolas Maduro @NicolasMaduro ki soti nan yon eleksyon konteste ap reziste.
Alòs, ki sa ki fè'w kwè se @MoiseJovenel ki pase nan yon eleksyon valide pa entènasyonal, ki pral demisyone pou w?

Sispann ranse betize, fè peyi-a ak timoun yo pedi tan ak jou lekòl pou ryen. Prezidan Jovenel pap demisyone, pagen mwayen nap jwenn sa. Al prepare eleksyon! Epi tou, echèk sa va sèvi leson pou nou sispann mache gaye nan eleksyon, sispann voye yon bann kandida, sispann chita lakay nou jou vòt la. Paske moun ki eli yo ap fini manda yo !

https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1193333906218606593?s=21

Aucun commentaire: