jeudi 21 novembre 2019

Refleksyon sou vizit ambasadè Etazini nan Nasyon Zini an #Haiti.- #LeReCit

Refleksyon sou vizit ambasadè Etazini nan Nasyon Zini an #Haiti.- #LeReCit

Kè kontan, bat bravo opozisyon #Haiti pou vizit anbasadè Etazini nan Nasyon Zini an, se prèv ke machin vyolans politik peyi lòk la pagen okenn analiz serye deyè’l.
Tankou yon batiman ki sou lanmè pandan kapitèn li pa konprann kòman pou’l entèprete bousòl, konpa, ni menm pou ka soryente ak lanati tankou zetwal, solèy, van, kouwan lanmè, mouvman "peyi Lòk” la pakonn kote lap mennen peyi-a…

Paske, si nèg yo te ka fè bonjan analiz, yo tap konprann ke vizit sa, se swit lojik :

1- Demand èd imanitè prezidan Jovenel te fè..
—li klè ke se Washington ki te mande’l fè sa pou’l gen dwa foure pye’l sou baz èd bilateral ki vle di relasyon ant 2 peyi, san pase pa oganizasyon intènasyonal kote kapab gen pale anpil, negosyasyon e menm veto.
LaRisi te mande prezidan Siri ak Maduro pou ekri’l mande’l èd dirèk, Etazini fè Jovenel ekri’l mande’l yon èd dirèk tou;
2- Bato lopital la vini.
3- Prezidan Jovenel fè soti yon nòt kote li di li angaje diskisyon pou twouve yon antant sou kriz la; Epipremye etap nan yon seri lòt etap. Eke, li pral fè yon rapò sou katastwòf imanitè ki pral jistifye lòt entèvansyon. Mwen te menm konpare’l ak Bato Allen County ki te vini an 1993 avan envazyon 1994 pou retounen ak prezidan Aristide;

4- Prezidan Jovenel fè soti yon nòt kote li di li angaje diskisyon pou twouve yon antant sou kriz la pou fòme yon gouvènman Inyon nasyonal; Epi

5- Tout swit apre li mande èd Imanitè Nasyon Zini.
— Nou ka wè bagay èd sa poko fini;

6- Nan menm moman sa
a) Nasyon Zini anonse li pral debake èd pa elikoptè;
b) Asistan Sekretè Jeneral Nasyon Zini al vizite fwontyè nan Sendomeng;
c) Menm lè nou pa konnen kisa reyèlman ansyen prezidan François Hollande te al fè Sendomeng,nou dwe konsidere ke yon fransè chita ak dominike sou do #Haiti;

7- Anbasadè Kelly CRAFT rantre nan peyi d’#Haiti pou fè yon travay ke anbasadè ki souplas nan peyi-a teka fè tou. 
— Gen yon estrateji kap pare andedan Nasyon Zini.

Ansanb evènman sa yo pa piti. W dwe mete tout ansanm pou’w konprann.


Mwen panse :

a- Pral gen yon rezolisyon spesyal Nasyon Zini sou #Haiti pou trete nou — fwa sa — jan nou merite’l la. Se pap ti bagay "konseye otorite lokal" tankou jan li ye depi 2004.

b- Etazini ki pa renmen lè dosye rejyonal yo soti sou kontwòl li pou ale nan Nasyon Zini kote w ka gen LaRisi, Chine, Frans kap bay presyon epi oblije’l negosye, sanble pran devan sou dosye #Haiti a.

c- ki vle di, li kapab itilize ansyen metod li yo pou rezoud sa prese prese, evite’l ale pi lwen. Sepa san rezon w tande yap ensiste sou obligasyon prezidan “eli ak konstitisyonèl” Jovenel Moise genyen pou lite kont trafik dwòg

d- Etazini ap pare pou menm si Nasyon Zini pran dosye-a pou’l toujou gen maj manèv rejyonal ak bilareral. Se rezon sa ki fè'w tande rezolisyon OEA sou lit kont kòwipsyon, ak misyon ofisyèl meriken ap miltipliye.

e- Tout fason opozisyon an difikilte, paske koze mande prezidan kite pouvwa sa pa bon pou Larisi non plis, kap sipòte pou pi piti 2 prezidan yap mande demisyone : Nicolas Maduro (Venezuela) ak Bashar al Assad (Siri). Menm Poutine gen plenyen sou fason li kenbe pouvwa depi lontan.

Kidonk, opozisyon sa rantre peyi-a epi twouve’l nan yon enpas kote li poke wè kijan li pral soti.

Sak pi grav la, entènasyonal la ka itilize revandikasyon li yo kont li menm.
Pa egzanp :
- Enpoze peyi-a yon lòt konstitisyon apati de 2e lendi janvye. Lè sa pèsonn pap ka di anyen paske se revandikasyon nou;
- Lit kont kòwipsyon san paspouki, ki vle di nèg kap blanchi lajan, ki gen dosye dwòg tou…sepa sèl #Petrocaribe.


Nou konprann pouki sa nòmalman opozisyon sa pat dwe ap bat bravo. Paske gen yon bann manèv ak “mise en place” ke blan ap fè, san yo pa konsilte’l…mwen pa kwè non plis ke yo konsilte prezidan Jovenel.

Blan an deja ap pwofite de “droit d’ingérence” ke vyolans politik ak katastwòf imanitè ke peyi twouve’l landan’l lan kreye.

Mesye dam kap li teks sa, pa blye ke depi prezidan Donald Trump pran pouvwa, li vini ak yon politik ki gen pou objektif diminye pisans Nasyon Zini; tout konsèvatè ladwat extrèm sou latè pa janm dijere koze Nasyon Zini tou pisan sa epi tou yo kont globalizasyon.
Nan sans sa Trump pa janm sispann fè presyon pou retire #Haiti anba Nasyon Zini. Se politik anbasadè etazini aplike nan Nasyon Zini depi li monte an 2017.

Nan sans sa, nou ka wè kòman li te egzije pou #MINUSTAH fini, pou misyon lapè fini.

Ebyen, se konsa tou, gen yon seri moun nan entènasyonal la ki renmen lè #Haiti anba men Nasyon Zini. Moun sa yo ap goumen pou misyon yo pa janm fini. Yo fè MINUSTAH tounen MINUJUSTH, jodia se BINUH.

Dezòd kap pase nan peyi d’#Haiti aktyèlman ale nan sans enterè politik moun sa yo kap chache rete epi ranfòse titèl entènasyonal sou #Haiti. Eske w konnen ke tout elikoptè Minustah yo se yon konpayi prive Russe kite lwe yo? Epi tou, ak misyon militè Nasyon Zini an #Haiti, se yon bann peyi sou latè ki gen dwe voye solda an #Haiti, ak lòt misyon sekrè ke w pa konnen. Eske w konnen konbyen solda Chinwa kite nan peyi d'#Haiti epi tou ki lòt misyon espyonaj yo te genyen? Chaje bagay nou inyore…. Epi nap fè politik.

Se politik meriken sa ki an difikilte aktyèlman. Politik dezangaje Nasyon Zini an #Haiti ak diminye bidjè Nasyon Zini.

Peyi La Chine anonse jodia ogmantasyon èd manje li pou #Haiti.

Pa sezi wè tout blan kap ankouraje opozisyon an nan kraze brize, bloke peyi, se ajan manipilatè kap chache ranfòse Misyon Nasyon Zini an #Haiti.

Yo konnen trè byen ke pagen mwayen pou fòse yon prezidan eli demokratikman demisyone. Yo jis ap manipile opozisyon an, fè yon bout wout avè’l.

Apre sa, yo pral chita ansanm pou deside fè kèk “Comando Force Speciale” rantre pou netwaye lari-a, retire tout barikab, mache ak lanbilans pou bwote moun yo tire yo.

Lè sa Lapolis #PNH pap menm okouran de travay netwayaj sa yo. Okontrè, si yo fè erè al kanpe devan yo, lap yon domaj kolateral. Epi tou, polisye tèlman mouri Haiti, pagen moun kap konprann sa.

Nan demen matin, tout lidè politik nan “invite du jour” ap voye monte.

Alò, sak pi bèl nan dosye sa, se Youri Latortue ki ale nan reyinion ak yon “Position paper”… 🤣🤣🤣


Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
21 novembre 2019
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
https://reseaucitadelle.blogspot.com

Aucun commentaire: