samedi 16 novembre 2019

Sitwayen, me sa w dwe konnen sou dosye SOGENER a. Ezanp sa ka sèvi’w !


#LeReCit — Sitwayen, me sa w dwe konnen sou dosye SOGENER a. Ezanp sa ka sèvi’w !

1- Tout moun sonje kòman depi 2017, prezidan Jovenel se sèlman denonse li tap denonse kontra blakawout yo ak mande li tap mande pou SOGENER peye leta;

2- Tout moun temwen kòman SOGENER tap pase leta nan betiz, Dimitri Vorbe te menm fè yon tweet pou di leta met koupe kontra yo. Li te panse Jovenel pat ka pran desizyon fèm ni egzekite yo;

3- Apre sa, olye yo montre bòn volonte yo, se chita yo chita ap pase leta nan betiz kote yap voye mande EDH peye yo yon pakèt lajan. Aloske w paka konnen kònbyen EDH dwe SOGENER si gen SURFACTURATION. Si yon moun fè w peye plis ke sa w ta dwe peye, eske w konnen konbyen vrè dèt la ye? Nou sonje tout rizib sa yo Dimitri tap fè sou rezo sosyo yo!

4- Men kontrèman ak lòt konpayi tankou E-POWER, SOGENER gen yon dosye “Surfacturation” ki se yon krim.
Gen yon prensip nan dwa ki di : "Le Criminel tient le civil en l'état”. Ki vle di lè w gen yon dosye sivil, w dwe veye pou’l pagen ladan’l yon dosye kriminel kont w. Paske si sa rive, avoka ki anfas w yo pral devore’w tankou kann ak dosye kriminel la.

Se toukou w deside divòse ak madanm w, men w gen yo dosye kote w te bat fanm lan jiskaske w voye’l lopital. Avoka yo pral chita sou karaktè penal vyolans fizik la pou devore’w nan tribinal.

5- Lè SOGENER tap plede ranse ak koze demand leta fè’l pou peye dèt la, gouvènman an oblije transfere dosye a bay avoka pou yo kapab mennen bagay la nan tribinal pou leta touche.
Kontrèman ak tout voye monte nèg ap fè, w ka reyalize ke se nan tribinal leta ale ak dosye-a. Kidonk, pagen okenn vyolasyon dwa antrepriz jan yap di-a. Menm Leta oblije ale lajistis ak SOGENER.

Se sak fè depi kek tan nou wè se avoka kap pale sou dosye-a. Yon seri avoka ki pagen anyen pou wè ak pouvwa TETKALE, yo jis ap fè travay pwofesyonèl yo.
Sa fè’m kontan pou avoka sa yo tou. Paske se yon gwo dosye. Avoka aysyen dwe manyen gwo lajan tou. Yo paka chita sèlman nan lage volè bannann, ak malere. Jan de dosye milyon sa yo ap bay pwofesyon an plis prestij.

6- Si w dwe yon moun, li ka sèlman ap mande’w peye’l. La nou nan nivo sivil kote moun nan ap reklame kòb li. Men si w kite moun sa al remèt dosye a bay yon avoka, premye bagay avoka a pral fè se gade si pagen yon aspè kriminèl nan dosye-a. Paske depi gen koze kriminèl oubyen penal, dosye-a pral mache vit vit, pral gen manda, ka gen arestasyon epi menm prizon. Kidonk, w gen enterè chache antant ak moun w dwe, pale avè’l.

7- Nan awogans moun SOGENER yo, kòm yo konnen nan peyi d’#Haiti prizon pa fèt pou jan de moun tankou yo, telman yo ranse pase leta nan rizib, yo kite gouvènman an al jwenn plizyè kabinè avoka pou’l touche.

Pwofesyonèl dwa sa yo ki soti nan klas mwayèn peyi-a pa makak. Se pwofesyon yo, kidonk, yo gen posibilite pou yo fè yon bon tikòb nan dosye sa.

Depi’w fin angaje avoka ak bonjan kontra, w paka di yo kite sa. Paske pwofesyonèl sa yo komanse travay. Si pou yo kite sa, se w ki pral peye yo.
E, lè yo gade dosye-a, yap chache estrateji ki bon pou yo. Kidonk, yo soulve koze SURFACTURATION an.

Nan sans sa, pagen ranse ni pale franse. Bagay la chocho, prese prese. Nou wè kòman Jean-Marie Vorbe kouri ekri mande antant.

8- Jodia, prezidan Jovenel poze. Leta aysyen poze tou. Dosye a nan menm avoka pwofesyonèl ki ap chache pi bon mwayen pou leta touche, epi tou pou yo touche. E nan sans sa SURFACTURATION an s.e gwo kado.

9- Sou yon chan batay, gen yon seri solda misyon yo se fè divèsyon ak asèlman (anmède moun) pou distrè w epi evite w kontinye ale dwat sou objektif w.

Tout moun dwe viv, nou konprann ke gen nèg ki ka jwenn kontra voye monte anfavè SOGENER. Men, kontrèman ak manti + divèsyon yap fè, tout desizyon sou koze elektrisite a ale nan sans ranfòse #EDH.
Tout nòt gouvènman an soti mande pou #EDH pran kontwòl Santral Varreux yo ki pou leta aysyen.

Dayè, ti mesye sa yo mal kòmanse pou laj yo. W paka kòmanse karyè w nan bay manti sou tout bagay. Paske avek tan kap pase, tout moun ap fin pa wè se manti w’ap bay epi w pap gen okenn valè.

Paske, depi prezidan Jovenel rive sou pouvwa, se leta lap ranfòse. Li ranfòse CNE, TPTC, Ministè Agrikilti e latriye, izin asfalt, elatriye. Desizyon SOGENER a ale nan menm sans lan. Leta dwe ranfòse. Tout gagòt kite fèt komanse sou tranzisyon Gérard Latortue, agrave sou Préval ak lòt pouvwa, dwe korije.

Erè Dimitri Vorbe fè, li te panse Prezidan Jovenel se jeran Palè Nasyonal ke prezidan Martelly mete la. Li te konprann ke depi li monte Peguy Ville lakay Martelly, tout bagay t’ap regle. Paske Prezidan Martelly ki konnen kòman moun sa yo kontwole peyi-a, toujou renmen evite gwo lese frape ak yo. Se erè sa SOGENER fè. 

An 2015 leta mande renegosye kontra yo. Dimitri mande delè, fè tan pase jiskaske yo pwovoke tranzisyon;

2019, yo panse yo tap ka refè menm chema ak Prezidan Jovenel, chita ap fè dilatwa mande touche tou pandan yap chofe lari-a pou chache yon lòt tranzisyon… Fwa sa yo kwaze ak zo dan grann yo. Non selman yo pap jwenn tranzisyon, men tou avoka yo kenbe yo nan gòj ak koze SURFACTURATION an. Lòt konpayi blakawout kipa nan SURFACTURATION gen plis maj manèv an favè yo.

Ebyen, devan pil pwoblèm peyi-a gen, pèp paka manje, pagen Petrocaribe, leta paka peye anplwaye…., prezidan Jovenel paka tann ankò; fòk gen yon desizyon ki pran. Se Jovenel tout moun ap kritike, se li ki prezidan. Se li ki reskonsab, se li pèp la tann.

Nan sans sa Prezidan Jovenel Moise deside dirije peyi-a kòm sa dwa. Menm lè li toujou pare pou travay ap tout moun, kontrèman a sa zòt te panse, li gen kouraj ak volonte pou dirije. Li ka pran desizyon djam epi kanpe tòff sou yo.

Menm lè li piti, li pa pitimi…

Dezyèm mitan an pap ka jwe menm jan ak premye mitan !

#LeReCit


Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
16 novembre 2019
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
https://reseaucitadelle.blogspot.com

Aucun commentaire: