lundi 2 décembre 2019

Si aysyen ap ranse betize ak dosye Arnel Bélizaire a, sa ka lakoz li ale Guantanamo.- #LeReCit

[ #LeReCit pa ekri pou fè moun kontan, nou jis di bagay yo jan nou wè yo nan kad libète opinyon nou. ]

Chak fwa aysyen chita ap ranse betize ak bagay serye, yo kontribye nan desann eskanp figi leta #Haiti.

Arnel Bélizaire pa janm kache li gen zam ni volonte li pou mennen lit ame. Nan tout entèvansyon li fè toujou gen yon referans zam. Pèsonèlman, mwen pa konprann ki sa ki pran misye, tout jounen li nan radyo ap pale kòman li ka kraze brize, jiskaske li al menase "SOTE” ambasad meriken, ak Union School ki se kote diplomat yo mete pitit yo lekòl.

Jiska prezan, meriken yo trete peyi nou #Haiti tankou yon leta reskonsab. Yo pote plent, manda fèt, epi yo arete Arnel Bélizaire. Pèkizisyon fèt, yap rasanble prèv pou dosye-a fè wout li lajistis.

Men, depi arestasyon an fin fèt, Senatè demagòg Youri Latortue ki toujou ap pwoteje Arnel Bélizaire ak Avoka kòk mò Danton Leger, plis manb opozisyon ap pale tenten nan radio chache minimize tout bagay, di yo arete Arnel lannwit, zam yo pat pou li, arestasyon an pat fè ak jij, elatriye.

Banm di nou ki sa mwen prevwa ki pral pase nan dosye sa : 


Si Anbasad Meriken pran menas Arnel yo oserye jiskaske yo pote plent kont li, se paske Depatman Deta mete menas ke li fè pou SOTE anbasad meriken ak lekòl Union School la nan nivo menas kont enterè Etazini kidonk, yo kalifye’l de menas teroris.

Ki vle di, si yo gade yo wè se ranse nou menm aysyen ap ranse ak dosye sa, yap vin chache Arnel Bélizaire rapid rapid pou ale avèl Guantanamo, epi trete’l tankou tout lòt moun ki menase “SOTE” anbasad meriken menm jan Al Quaida te fè sa nan vil Nairobi nan peyi Kenya ak nan vil Benghazi nan peyi Libye.

Si se ranse nèg #Haiti vle ranse ak dosye serye sa, nou sanlè konplike sitiyasyon Arnel Bélizaire.

Se abitid nou pou ranse ak tout bagay ki fè etranje pap janm pran nou oserye!

Arnel la menm map mande ki foli grandè misye gen pou li al menase SOTE anbasad meriken ak lekòl kote pitit diplomat yo ale lekòl. Misye sanble yon “narcissiste” ki toujou ap pale de li nan radyo, sa’l te fè, sa’l ka fè, kòman li konn batay, elatriye.

Sa ki ka agrave dosye a se asasina enspektè jeneral polis la ke misye te nan diskisyon avèl sou radyo. Meriken yo pral gade dosye sa, e si yo jwenn prèv ke se moun ki pwòch Arnel ki fè sa, bagay yo pral agrave nèt.

Jan nou te di sa, Arnel Bélizaire pa janm kache li gen zam. Jodia w tande yon bann nèg ap ranse nan radyo pran moun pou makak. 

Gen anpil enfòmasyon kap sikile fè konnen ke nèg ki gen konpayi sekirite bay Arnel zam ak katouch pou’l bay gang fè dezòd. Analiz telefon Arnel pral di si se vre, analiz seri zam yo tou pral mete tout sekrè nan lari. Paske anketè meriken yo ap ka remonte jiska izin ki fè zam yo.

Mwen twouve moun kap ranse ak dosye sa kreten anpil. Paske yo ta dwe konprann ke nan nivo sa, si Anbasad meriken rive depoze plent kont Arnel, se paske li gen anpil prèv nan men’l. Mwen te di sa nan yon teks ke mwen te ekri semenn pase. Blan yo ap monitoring tout bagay. Yap swiv deplasman, kominikasyon, fason zak yo komèt, ki moun kap bay lòd, kiyès kap ezekite elatriye. 


Nan nivo dosye sa rive la,  #FBI, sèvis federal pou sekirize tout anbasad meriken, #DIA ki se sèvis ransèyman militè meriken paske se Marines ki chaje defann anbasad, elatriye…. Yo tout ap travay sou dosye a. Anbasad la tou ap pwofite gade kimoun nan peyi-a ki anfavè sekirite sitwayen meriken kap travay nan anbasad la ak ki moun ki prefere defann bandi ak zam kap fè kraze brize. 

Li plis nan enterè Arnel Bélizaire pou lajistis ayisyèn fè travay li kòm sa dwa ke rans mwen tande Youri Latortue ak Danton Léger ap pale nan radyo.

Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
2 Décembre 2019
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
https://reseaucitadelle.blogspot.com

Aucun commentaire: