vendredi 20 mars 2020

Mesaj @ReseauCitadelle #LeReCit sou #Coronavirus yo dekouvri an #Haiti.-


#LeReCit @ReseauCitadelle ap konseye tout konpatriyòt aysyen pou yo pa panike devan anons 2 ka #coronavirus yo dekouvri an #Haiti.

Nan peyi Etazini nou obsève se ak tèt frèt yap jere epidemi an. Menm lè yo fèmen kèk kote ki rasanble anpil foul moun, labank, ak administrasyon piblik toujou fonksyone. Yo fè woulman ak pèsonel anplwaye yo, dimininye kantite moun kap vini chache sèvis chak jou, yon fason pou diminye kantite moun ki prezan andedan biwo yo; boutik fonksyone, yo selman mande moun pa kole ak lòt moun, pran yon distans 3 ou 4 mèt, epi lave men souvan, pa mete men nan bouch, ni nan zye ak nan nen.

Apre sa, gen aspè jeyografik la. Ki vle di si gen 2 moun ki malad nan Sid peyia, sa pa vle se tout peyia ki malad. Menm nan vil kote moun sa yo ye, gen aspè katye. Maladi a ka nan yon katye pandan li poko rive oubyen pa janm rive nan yon lòt.
Kontinye lave men, pran distans ak moun, ki vle di pa rete anba bouch moun lè wap pale avèl, pa kite moun touse ni estènen nan figi w.

Jan nou te di sa nan kòmansman mwa mas la, ak pil moun kap travèse fwontyè san rete, bato klandesten kap pran lanmè, sepa ti kontwòl nan ayewopò ki ka anpeche virus la rantre an #Haiti.

Epi tou gwo ekspè nan gwo laboratwa syantifik yo pako menm konnen tout bagay sou #coronavirus la. Se chak jou yap dekouvri plis bagay, yap kourije sa yo te konn di avan. Ki vle di, virus la ka sikile pa bèt tankou zwazo kap vwaye soti nan yon peyi ale nan yon lòt. Nou pako finn konnen.

Lòt bagay, anpil malad geri. Sou chak 100 moun ki gen maladi a gen 95 ki geri. Ki vle di, genyen #coronavirus pa vle di wap mouri. Gen plis moun ki geri pase moun ki mouri. Se vye granmoun ak moun ki gen defans sante fèb yo ki pi frajil. Nou dwe pwoteje yo.

Menmlè nou rekonèt ke machin prive ede anpil ozetazini sitou nan Florida ak Eta kote gen espas pou machin prive parking, nou ka di otorite yo asire yo pou lavi pa kanpe, pou peyi yo pa lòk. Paske pi plis moun ka mouri si yo pa jwenn manje, dlo pou bwè, medikaman, ak lajan travay pou yo achte.

Bòn nouvèl la, frè’m ak sè’m yo, bagay sa pap dire. Se yon kesyon senmenn avan solisyon ak remèd pou maladi a vini rapid rapid.

Si sete ti peyi pòv selman kite viktim, nou te mele. Men #coronavirus soti pou kraze peyi rich yo. Kidonk, yap itilize tout mwayen teknoloji ak lajan pou jwenn solisyon. Kote mwen chita la, mwen deja gen plan vwayaj pou mwa kap vini la yo. Paske mwen prevwa tout bagay pral reprann rapid. Peyi #USA, Angleterre, Europe, China, Canada, Brésil, Russie, Japon, Corée du Sud, Australie, tout gwo peyi rich sa yo pap kite ekonomi yo kraze. Yap degaje yo jwenn yon solisyon rapid rapid.

Nou tande Prezidan Trump gentan ap pale de pwodi remèd tankou Klorokin; Australie dekouvri remèd; Chinwa, Koreyen ak Japonè yo ap itilize yon terapi ki kòmanse bay bon rezilta. Peyi Cuba vwazen nou gen yon remèd tou lap teste.

Sepa Kolera ak Ebola kap touye malere nan peyi PÒV ke peyi rich pa bay enpòtans. #Coronavirus deklanche an Chine kote peyi rich yo pwodi pi fò machandiz pou mond lan. Jodia tout peyi rich yo touche. Kidonk, « gras a diri ti wòch goute grès» nou pral jwenn remèd.

Pa dekouraje!


Source : https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1240791903836258305?s=21

Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
#LeReCit @reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr
19 mars 2020
Whatsapp: +509-3686-9669
www.reseaucitadelle.com

Aucun commentaire: