vendredi 15 mai 2020

#HaitiFootball : Kelke agiman jwèt anfavè Dr Yves Dadou Jean-Bart.-



Gen yon bann Jounalis aysyen k’ap pedi tout kredibilite yo nan dosye Dadou Jean-Bart a paske yo refize konprann ke metye-a gen spesyalite ladan. Sepa yon kesyon voye monte san rete. Se yon dosye tekinik.

Pa egzanp, yo di’m gen yon GWO jounalis ki di nan radyo :

“Dadou pa menm gen bann epi yap akize’l de vyòl ”.

Mwen pa’t tande ak zòrèy mwen, se rapòte yo rapòte’m. Se sak fè mwen pa site non jounalis la. Men, sa ka rive lide PAGEN BANN sa ap sikile kòm agiman.

Ebyen, koze pagen bann pa vle di yon moun paka vyole ni abize seksyèlman yon lòt moun.

Paske gen sa yo rele atouchman seksyèl tankou moun k’ap mete dwèt yo nan vajin fi oubyen nan dèyè ti gason,
moun kap peze dèyè moun san otorizasyon,
fòse moun fè ti bèf pou yo (mwen pa jwenn lòt fason pou’m di sa an kreyòl),
tout sa yo kapab konsidere kòm abi seksyèl.

Vyòl pa fèt sèlman ak “penis” gason (nap reziye nou pran mo fransè sa)

Epi tou, moun ki pedi bann konn gen tandans devlope yon obsesyon pou sex. Nan sitiyasyon sa yo gen tandans desann nan nivo moun ki pi ba pase yo, moun ki paka gade yo nan zye ni egzije yo pèfòmans lè yap fè bagay.

Ak moun ki pi ba pase yo, yo sèl WA. Se pase lòd : dezabiye’w, kouche la, fè sa epi tout bagay fini. Pase pran ti kòb oubyen ti kado a nan biwo a.

Epi tou, zak yo akize Dadou a kapab te fèt avan li pedi bann. Se pou rezon sa, li pa pridan ni serye pou yon moun, ankò plis yon jounalis chita ap voye monte nan dosye sa.

Li klè ke Dr Dadou Jean-Bart toujou konsidere kòm inosan tout tan yon tribinal pa kondane’l.

Men sa pa anpeche nou kite ankèt yo avanse.

Pou fini, yon ankèt jounalis kapab gide yon ankèt lajistis. Pil vye koze mwen tande yap di kont jounalis yo pako jistifye. Pliske nou pako menm konnen ki sa yo gen nan men yo.

Egzanp pèsonèl :

Nan dosye Douglas Perlitz la, se ankèt Jounalis nou te fè kite bay lòt ankètè yo lide de baz yo.

Nòmalman lòt moun yo te fè travay yo separeman, san yo pat mete nou okouran de sa yap fè.

Men polisye #UNPOL #MINUSTAH kite akonpaye de #PNH/PBM, ameriken yo ( Ambasad Ameriken, FBI, ICE, HomeLand Security ) pat rejte ankèt de baz nou an ni konbat li.

Yo te analize li, apwofondi li, itilize aparèy ak teknik plis pouvwa lalwa yo genyen pou remonte tout istwa a, al fè enteview ak moun nou pat ka jwen tankou moun ki nan prizon depi lontan, koute telefon, analize dokiman elatriye pou yo ka verifye epi jwenn si vrèman yo dwe arete ak pousib akize a devan lajistis.


Gade repotaj CNN sa : https://www.youtube.com/watch?v=6H5CWTuaAJI


Kidonk, zafè lajistis aysyèn aksepte ke Dr Dadou Jean-Bart ak avoka li yo ap intimide jounalis ki ekri atik ki pibliye nan The Guardian nan ak koze plent, pa fè okenn sans.

Tout konpòtman serye e reskonsab dwe chita sou kolabore ak jounalis yo. Apre sa, si pagen anyen vre, prezidan Federasyon Asysyen Foutbòl la a pale de difamasyon.


Cyrus Sibert,
#LeReCit @reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr
15 Mai 2020
WhatsApp : +509-3686-9669
www.reseaucitadelle.blogspot.com

Aucun commentaire: