mardi 5 mai 2020

Move fonksyonnman lajistis ap fini ak peyi dAyiti.- (Teks Cyrus Sibert)


#LeReCit — Zak enjistis ki pase nan kapital #Haiti jodi 5 me 2020 an kote yon jij Delma bay lòd pou arete mare tankou krab, yon sitwayen ki gen anpil laj, yon pèsonaj ki tap egzekite yon desizyon Kasasyon an favè li sou teren li, se prèv eta dekonpozisyon pouriti lajistis an #Haiti.

Nou refize di bagay yo jan yo ye; Men verite a : Lajistis peyi Haiti se yon kansè ki anpeche envestisman ak devlopman ekonomik.

Se chak jou jij ak notè, avoka, isye, grefye ak polisye, mete tèt yo ansanm pou vyole dwa pwopriyete moun...volè tè, volè kay.

Lajistis Haiti vyole dwa moun pi plis pase lapolis. Poutan se #PNH tout moun ap fè rapò sou li.

Pagen okenn moun tèt dwat ki pral envesti yon goud nan yon peyi kote lajistis nan konplo pou pran byen moun oubyen refize tranche daprè sa lalwa di.

Ap toujou gen vanjans, moun sivilize pap janm vini envesti ni kreye travay nan yon peyi konsa.

#LeReCit kont tout demagoji. Nou dwe di bagay yo jan yo ye. Fason lajistis ap fonksyone nan peyi d’#Haiti ap detri peyi-a net ale.

Pi fò moun ap chache lajan nan nenpòt kondisyon.

Ki itilite CSPJ? Daprè mwen bagay sa pagen okenn enpòtans. Se yon “sinécure”. Bagay yo te pibon avan. Paske jij yo te konnen yo ka revoke yo, sa te bay yo lakrent, yo te pridan epi toujou chache gen lalwa bò kote yo.

Bagay CSPJ sa se mete dra blan sou kabann sal.

An 2011, nou te di Prezidan Martelly dwe netwaye jistis la ak bonjan rapò Vetting avan li kreye CSPJ ki se yon desizyon ki kapab konsakre yon bann jij konwonpi andedan sistèm lan. Prezidan Préval te refize kreye CSPJ ak tout blan tap mande sa.

Kòm dabitid moun #Tetkale sa yo pa janm koute nou. Ann di yo koute nou lè yo pran nan cho. Kidonk, yo te inyore nou sou koze jistis sa, menm jan yo pat koute nou sou koze amandman chanpwèl konstitisyon 1987 Préval ak INITE te fè pou ranfòse pouvwa yo.

Jan nou te di sa

1- konstitisyon amande ki pèmet Palman rekipere pouvwa lè prezidan gen pwoblèm, lakòz palman an chita nan konplote koudeta pou jete prezidan selman. Yo refize fè travay palmantè yo, se konplote pou kapote prezidan ak espwa yap ka rekipere palè nasyonal.

2- kreyasyon CSPJ ak yon bann moun kòwonpi andedan sistèm nan, san netwayaj apati bonjan vetting, lakòz lajistis tounen gang kap fè moun enjistis, kenbe malere nan prizon san rezon, fè konbinezon pou vole byen moun, fè konbinezon ak palmantè pou koudeta, elatriye.

Majorite kriminèl ki nan gang, kap touye moun an Haiti, se bandi Lapolis te arete deja men jij te libere ak tout gen prèv kont yo. Lajistis gen yon teknik disparèt rapò lapolis voye bay yo, zam yo sezi ak lòt prèv disparèt. Epi, yo òganize yon jijman san prèv, san yo pa envite viktim ni moun kite pote plent. Epi, bandi libere!

Sepa yon aza si okenn jij pa janm viktim nan men bandi. Sepa yon mirak si fanmi yo ak moun ki pwòch pajanm viktim anba bandi. Tandiske tout moun konnen nan peyi serye kote lajistis ap kwape bandi, jij toujou gen gwo menas sou do yo, nan peyi d’Haiti tout jij kè pòpòz.

Siman kapab gen yonn w 2 jij kap pran presyon paske yo pa nan kòwipsyon. Menm la ankò, se prèv ke majorite jij nan tete lang ak bandi.

Li lè pou’n sispann ak demagoji sa k’ap fini ak peyi-a. Sispann pran pòz nou pa wè.

CSPJ pa pwouve li itil anyen nan fè lajistis fonksyone korekteman;
lajistis se yon kansè kap touye leta d’Haiti.

Nou mèt kontinye fè komsi nou pa wè, pran pòz nou pa konprann oubyen nou pa konsène, nou tout ak pitit nou gen pou peye konsekans yo.

Gen kèk jou depi gras a etid ak rechèch nap fè nou aprann gade bagay yo sou yon angle yo rele : “ Le temps long”. Ki vle di analize evolisyon evènman yo apati analyz listwa ak pwojeksyon sou lavni lwen. Paske si wap gade bagay yo chak jou, w pap konprann anyen. W pap wè nan ki woulo w pran.

An verite map di sa. Aysyen ap travay pou peyi sa fini tankou yon pwovens Repiblik Dominiken.

Paske nou pa serye nan anyen;
nap jwe, ranse betize ak tout bagay. Chita pale anpil, pedi tan ak opòtinite.

Tandiske tan ki pase pap janm tounen.

Pa egzanp, an 2019, lè nou tap pèdi tan bloke peyia, pran plezi nan #PeyiLock, timoun tout lòt peyi tap ale lekòl. Jodia, #Coronavirus bloke lekòl, tout lòt peyi alèz pou kite timoun yo pase klas yo san konpoze. Men nou men aysyen, se an janvye 2020 nou te konmanse ale lekòl. Bagay la anbarasan pou al di etranje yo ke tout timoun pase ak mwens ke 3 mwa lekòl.

Kidonk, si elèv lekòl double ane sa, se opozisyon kraze brize ki lakòz.

Anyway, nou mèt kontinye ranse betize!

Pèsonèlman mwen pagen foli dirije anyen an Haiti. Mwen pagen foli pouvwa. Dayè, mwen panse gen plis prestij nan dirije yon konpayi prive tan pou dirije yon bwat leta an Haiti.

Gen moun ki konn di’m poukisa w pa ale kòm kandida pou Depite oubyen Sena. Mwen toujou reponn : “Si pou’m ta Palmantè sepa pou fè lajan. Paske lajan moun fè nan politik pagen mèt. Nenpòt ti vakabon ki chita ap ranse tout jounen panse li ka derespekte’w pou li. Dayè sa lakòz byen w reyalize nan travay di pase pou bagay w genyen gras a pouvwa.

Kidonk, pou mwen menm, ale pou pòs Palmantè ta dwe gen pou objektif al diskite nan Palman.

Nan sans sa, ki deba serye w wè kap fèt nan Palman an?

Yon bann nèg “ridicul” kap rele fè bri pou moun wè yo. Apre sa chak jou yap fè le kontrè de tout bèl pawòl yap di nan seyans oubyen nan radyo ak televizyon. Ti grenn moun ki kapab yo oubyen ki serye yo pase pami lafoul. Yo pa bay yo tan pou devlope okenn lide, se toujou “YON MOTION Prezidan”, okenn lide paka devlope, apre sa batay mete pye, kowòm kraze, demen maten pifò moun al nan biwo reskonsab yo tap akize oubyen kritike nan seyans oubyen nan radyo, pou negosye kòb oubyen pòs.”

Mwen pa anvi twouve’m nan bagay konsa.

Sa fè’m mal pou moun mwen konnen ki kapab, ki onèt, men ki twouve yo nan asanble sa yo.

Nou pa menm bezwen pale de operasyon bayakou kite fèt nan Sena a.

Zanmi, w pa bezwen joure’m. Mwen reziye’m ak demach nap fè pou #Haiti disparèt la. Paske se sèl pale mwen ka pale.

Men li klè, e pagen okenn dout ke si nap kontinye konsa, Haiti ap disparèt nan enterè Repiblik Dominiken ak tout lòt pèp rasis ki vle pwouve ke nou menm tinèg nwè paka dirije tèt nou.

Yon peyi bezwen envestisman pou kreye travay pou moun travay epi okipe fanmi yo. Li bezwen lekòl pou fòme pwofesyonel ki apresa dwe jwenn travay.

Lajistis se baz pou gen lapè andedan yon sosyete. Lè tout moun konnen gen yon tribunal ki pral tranche sou yon konfli nan sans verite ak sa lalwa di, espwa jistis sa kreye lapè, pagen bezwen vanjans... epi tou se yon gwo garanti pou moun vi’n envesti.

Briganday lajistis lakòz menm pitit peyi-a ki fin bourike nan peyi etranje pa fouti mete pye yo an Haiti pou vini jwi pansyon ak retrèt yo.
Sak kitap bourike nan Nò kote gen fredi tankou Boston, New York, New Jersey, Canada, oblije desann Florida pou pase vyeyès yo anban yon ti solèy. Yo pa fouti rantre an Haiti paske lajistis lage peyi-a nan men bandi, volè ak kriminèl. Pi fò nan yo konplis. Ti gren ki ap fè jefò yo, paka di anyen, yo pap koute yo.

https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1257873395393409024?s=20

Cyrus Sibert,
#LeReCit @reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr
05 Mai 2020
Whatsapp: +509-3686-9669
www.reseaucitadelle.blogspot.com 

Aucun commentaire: