vendredi 21 août 2020

PA PRAN NAN MANÈV KAP DI « DEPANS #PETROCARIBE YO PAGEN PYÈS JISTIFIKTIF » !!! SE BLÒF POU’N PA RIVE SOU KONTABILITE KONPAYI PRIVE YO !!!

Cyrus Sibert, Journaliste !!!

PA PRAN NAN MANÈV KAP DI « DEPANS #PETROCARIBE YO PAGEN PYÈS JISTIFIKTIF » !!! SE BLÒF POU’N PA RIVE SOU KONTABILITE KONPAYI PRIVE YO !!! (Teks Cyrus Sibert, #LeReCit )


Pèp aysyen ann serye!

Ki moun ki pral fè nou kwè, pagen pyès jistifikatif pou depans #Petrocaribe yo?

Nan tout radio, sou RFI, Miami Herald, medya aysyen, elatriye, Youri Latortue sou Scoop, tout moun ap di yo pa jwenn pyès jistifikatif.

W ta di yon te fè yon reyinion pou repete menm bagay. Menm « element de langage » oubyen « talking points ».

Bon, lajan leta soti labank pa chèk oubyen vireman de kont a kont. Kidonk, li fasil pou jwen tras depans yo.

Si pou yon dekesman pagen pyès jistifikatif egzekizyon oubyen reyalizasyon pwojè a, sa vle di kòb la toujou twouve’l nan kont ke #BRH, #BNC oubyen #BMPAD te transfere’l la. Se jis fè antrepriz la oubyen firm kite benefisye’l la retounen li kote li soti a oubyen ke yo fè travay la.

Pawòl depans pagen pyès jistifikatif la se manèv pou anpeche ankèt la rive sou FIRME PRIVE yo. Nèg kite cho nan mande kote lajan #Petrocaribe pat panse si nou tap rive la.

N’a sonje mwen te di nou sa! Gen yon ti ekip moun kap chache pwoteje sistèm lan ak yon strateji BOUK EMISÈ. Nou sonje kòman YOURI te kouri ap mande mete aksyon piblik an mouvman kont 2 w 3 grenn minis nan yon strateji pou fè yo pote chay plizyè milyon #Petrocaribe ki depans yo. Li te menm mande jije yon minis sante paske li te peye yon kay 250 mil goud nan kad yon kontra lite siyen ak mèt kay la kite vin mouri avan yo peye’l fèm kay la.

Pandan tan sa, Youri pat janm pale de pwojè RENOUVATION Vil Gonaïves. Jodia, gras a presyon opinyon piblik la, konplo BoukEmisè a echwe. Lakoudekont oblije fè yon rapò preske Global — rete selman yon denye rès ankèt ki pou fèt sou peryòd ant mwa octob 2016 ak fen #Petrocaribe an 2017.

Denyè Rapò sa Lakoudekont pibkyea soti nan lojik bouk emisè a. Li demontre gagòt tout kote nan leta a. Li pa rete sou 2 grenn moun menm jan Youri tap akize yo.

Sa ki pi bèl la Lakoudekont mande ankèt andedan ministè yo pou retwouve lajan #Petrocaribe a. Se sa ki panike nèg yo. Biz oubyen nom anpil politisyen odasye ak boujwa salòp kitap di yo pagen lajan #Petrocaribe nan men yo, site andedan dènye rapò sa.

Tout moun jwenn!

Epi brit sou kou, nou tande nèg yo ap pale di pagen pyès jistifikatif.

Eske nou konprann kisa sa vle di : Sa vle di yap fè nou kwè yo pap ka jwenn tras kote lajan an pase.

#LeReCit di pawòl sa se manti. Lajan an gen tras. Kont konpayi yo ak kont ke konpayi yo transfere kòb nan kad pwojè yo se pyès jistifikatif yo ye.

Pa kite yo fè’n kwè nan sa. Okenn jounalis konsekan pap kite yo fè’l repete sa.

Jan nou te di sa, nou rekonèt ke gen anpil erè ki dwe korije nan rapò Lakoudekont sa.
1- Li pa posib pou yo mete kontra ak depans ki fèt an 2010 sou responsabilite moun ki minis an 2012 e ki pat gen okenn reskonsabilite nan leta an 2010. Bagay sa yo dwe korije.

2- Etandone jij Lakoudekont yo refize kontinye ankèt la pou yo pa rive sou zanmi yo kite nan Tranzisyon, lòt enstitisyon nan Leta ki gen dwa fè ankèt, dwe kontinye ankèt la jiska 2017.

3- Apre sa, jan Lakoudekont mande sa ministè yo dwe chache kote kòb yo pase.

Pagen koze depans pagen pyès jistifikatif.

Pakite yo pran nou pou makak.

Pawòl sa se manipilasyon pou pa rive dou FIRME PRIVE kite resevwa kòb la. Paske depi yo rive sou FIRME sa yo, eta kont yo gen labank ak kaye kontab yo ap bay kote kòb la pase.

Gade byen !

Ti dosye detounman lajan #ONA kite dwe finanse pwogran sosyal manje ak medikaman pou pansyonè ak malere travayè yo bay egzanp konman w ka chache tras kòb ki debloke yo.

Me kòman zòt fè magouy yo :

1- toujou gen yon premye pwojè pou resevwa kòb la ofisyèlman nan men enstitisyon leta yo,
2- apre sa toujou gen yon lòt ti pwojè pèsonèl anba anba pou detounen lajan an ak preteks, premye pwojè a gen pwoblèm li paka fèt ankò.

Men, pwoblèm yo, kelkeswa ministè Oubyen enstriksyon leta kap debloke yon kò, SA TOUJOU FÈT DABÒ nan yon Bank.

Nan kad #ONA, si w al gade w pap jwenn pyès jistifikatif pou pwojè sosyal an favè Pansyonè ak travayè yo, men wap jwenn kòb la te debloke e lè w swiv tras li wap wè ke li nan men Youri Latortue pou pwojè poulaye personèl li.

Pou lòt moun, nan kad lòt pwojè, wap wè tras lajan ale sou kont nan bank prive yo oubyen nan konstriksyon biznis pèsonèl yo, gwo building nan Petyonvil, elatriye. Kidonk, gen tras!

Nou pa egare !

Nèg yo ap pèsekite prezidan Jovenel paske li te resevwa yon gaz #Petrocaribe pou 5 milyon goud, Agristrans dwe bay eksplikasyon pou kòb sa epi tout lòt moun dwe bay eksplikasyon pou tout kòb ki soti nan kès leta atravè #BRH, #BNC, Kont #BMPAD, kont Ministè ak enstitisyon leta, men tout soti apati yon kont Labank.
Ki vle di #GenTras.

Se egzakteman là pou nou mennen demagòg yo, tout volè kitap rele bare volè yo.

Cyrus Sibert,
#LeReCit @reseaucitadelle
WhatsApp : +509 3686- 9669
reseaucitadelle@yahoo.fr

Aucun commentaire: