lundi 4 janvier 2021

Haiti - Sekirite : Strateji "population-centric"….#DGPNH Léon Charles konn sa lap fè-a byen !!!

Lè w rive nan paj 145 liv colonel David Kilcullen ki rele “The Accidental Guerrilla” wap konprann ke Lapolis #PNH anba komandman DG Leon Charles ap mennen yon operasyon “Hautement professionnelle” kont gang yo. Paske gen 2 apwòch pou lite kont teroris : 1- ennemy-centric; 2- population-centric. 

Ennemy-centric : Se kouri deyè bandi. Konsekans : popilasyon an telman viktim nan operasyon yo ke yo vin solidarize ak bandi ki toujou rete kache nan mitan yo. Pagen chwa!

Population-centric : Strateji ya se konsantre’w sou popilasyon an pou libere yo anba dominasyon bandi yo, pemet lavi ak  aktivite reprann, jiskake yo komanse kolabore ak lapolis ak Leta. Eleman endispansab nan operasyon sa se : Fòs yo dwe rete baze an pèmanans nan zòn nan. Pou popilasyon an reprann konfyans. Sa ap izole bandi yo ki pap ka kontinye viv san popilasyon an. Kidonk, sepa pwoblèm si bandi kouri ak zam. Sa ki pi enpòtan se deloje yo pou yo vin vulnerab. Konsa unite spesyalize ak bon ransèyman ap ka kraze yo apre. #LeReCit 




Aucun commentaire: