tag:blogger.com,1999:blog-3233846985552326948.post8952859222476469252..comments2024-01-12T03:24:19.459-08:00Comments on Le Ré.Cit. d’#Haiti - Réseau Citadelle: Paul Denis se retire du ministère de la justiceCyrus Sibert, #LeReCit @ReseauCitadellehttp://www.blogger.com/profile/18235718326922161004noreply@blogger.comBlogger1125tag:blogger.com,1999:blog-3233846985552326948.post-84365446253457067592011-06-29T07:49:16.140-07:002011-06-29T07:49:16.140-07:00OPINION PA-M SOU SEKIRITE AN AYITI!
Pou redwi ens...OPINION PA-M SOU SEKIRITE AN AYITI!

Pou redwi ensekirite ak chomaj an Ayiti me koman m’ wè Prezidan an kapab fè:

1o) Pran 1000 jèn gason nan chak depatman yo, priyorite pou moun kap viv nan katye defavorize yo, sitou moun yo rele chimè yo, nèg ki fè karate ak jido e nèg ki bandi ki pa gen pwoblèm ak lapolis e ak lajistis.
2o) Nan depatman lwès la nou kapab pran 5000.
3o) Mesye sa yo ap pran fomasyon pou kontrekare bandi, volè, kidnapè ak dilè drog
4o) Nap divize 1000 nèg sa yo an 3 group, ki vle di chak group sa yo ap gen 333 jèn gason. Chak group sa yo ap travay 8 è de tan, e 333 a ap divize an 66 group de travay, ki vle di chak group ap gen 5 nèg. Chak group sa yo ap nan 66 zon stratejik.
5o) Pou depatman lwès la 5000 la ap divize an 3 group (5000/3= 1666) e nap divize 1666/5= 333 ti group kap gen 5 nèg nan chak group, ki vle di nap kapab mete 333 group nèg nan 333 zon stratejik nan depatman lwès la.
6o) Chak ti group sa yo ki gen 5 nèg sa yo ap rete stab nan zon nan pandan 8 è de tan ak zam 9 milimèt e kadafi nan men yo.
7o) Lè 8 è de tan-an fini yon lot group vin ranplase-l (chonje nou te divize 1000 ou 5000 nèg la an 3 group) e aprè lot dènie group la vin ranplase dezièm group la, ki vle di zon nan gen sekirite 24/24 .
8o) Ki kote nap jwenn lajan pou peye chèf sa yo ?
A) Tout moun e tout enstitisyon ki dwe peye task dwe peye task
B) Nou dwe identifye tout chèk zonbi
C) Gen plis moun ki pa peye kouran e ki gen kouran lakay yo.E moun sa yo peye moun pou pran kouran pou yo e yo peye raketè chak mwa e raketè yo toujou di moun sa yo fil la boule ou lot moun pran fil la, e moun yo bay lajan pou achte lot fil. Ki vle di yo gen lajan pou peye kouran.
D) Gen anpil million ki toujou al sere nan bank etranje ki se lajan peyi-a,lajan sa yo dwe rete pou sèvi peyi-a.
E) Nou kapab eksplwate richès natirèl peyi-a pou jwenn lajan
N.B.
Ki moun ki plis kreye pwoblèm ensekirite an Ayiti?

- Se yon bann moun ki pap travay
- Se yon bann moun ki pa pè mouri e ki pap travay, moun utilize yo
- Se yon bann moun ki pafwa pote non chimè
- Se yon bann moun kap viv nan katye trè pov, leta bliye yo, e leta chonje yo lè gen eleksyon e lè pouvwa yo menase, yo utilize moun sa yo, bay yo zam e zam sa yo pa antre anko, e moun sa yo chèche manje ak zam sa yo.
Fè yon ti kalkil :
Moun sa yo vin ap travay, e yo konn tout kote pou yo al pran bandi, volè, dilè drog, kidnapè, m’ ba ou garanti Ayiti ap retounen menm jan li te ye anvan 1986 !

Nan ka sa ki pral rol lapolis?

- Polisye yo ap toujou fè patrouy menm jan yo te konn fè-l
- Lè moun sa yo pran yon bandi, volè, kidnapè yap rele lapolis vin pran-l
- Moun sa yo ap gen tit polisye e yap pran fomasyon nomalman menm jan ak tout polisye,sèlman yap stab nan yon zon stratejik pandan 8 è de tan
- Se pa ni yon group milisyen, ni yon group makout ou attaché ou lavalas, se yon group polisye ki kapab gen yon ti non pou idantifye travay spesyal yap gen pou fè nan yon zon spesyal pandan 8 è de tan pou pitit peyi-a kapab viv ak kè poze!
Pasteur Daniel Jn-Francois, Cap-HaitienFONDATION PASTEUR DANIEL JN-FRANCOIShttps://www.blogger.com/profile/01107947197913525395noreply@blogger.com