vendredi 17 août 2018

Kòman mwen fè ateri nan politik, ki sa map chache !!! (Teks Cyrus Sibert), #LeReCit

Depi’m piti mwen toujou renmen libète’m. Mwen toujou yon travayè lib ki gen patnè, asosye, men jamè boss. A 21 an, mwen te pito fè maketing Kapòt Pantè nan tout peyi-a pou’m rete otonòm ak benefis 20 goud sou chak bwat, tan pou’m te chita ap veye koze moun oubyen ranpe. #LeReCit

Apre sa, mwen deside al etidye dwa pou’m ka avoka ki se yon profesyon liberal. An 2002, obligasyon sitwayèn pou enfòme pèp la fas a vyolans ak entimidasyon chimè lavalas Aristide yo mennen’m nan metye jounalis, nan yon moman kote yo tap touye jounalis, fòse yo ekzile, boule radyo

3 desanm 2002 yo rale zam sou mwen ri 16 k-L.
22 desanm 2002 yo bat mwen ak zanmi’m Isaac Marcelin.
Depi lè sa map viv sou menas.
Avril 2003, yo voye achte’m ofri’m job, lajan ak viza pou fanmi’m.
17 desanm 2003, yo kraze Radyo Maxima epi mwen sere jiska 22 fevrye 2004

Pandan mwen nan sere oubyen nan mawon, yo ofri’m viza ak azil politik. Mwen di tout moun paka abandone teren an.
Aristide tonbe, tranzisyon rive, mwen pa janm desann Port-au-Prince pou’m pa mele nan gouvènman Latortue ak tout banbòch ki tap fèt yo. Map tan “Nouvo Kontra Sosyal".

Lè eleksyon rive an 2006, mwen refize sipòte moun kite nan tranzisyon, paske yo te trayi pèp la. Olye yo egzekite pwomès “Nouvo kontra sosyal” Gwoup 184 la, yo prefere al chache privilèj avantaj, banbile nan pouvwa ak kès leta. Mwen te pou tout militan kite pran distans yo.

Mwen te oblije pran libète’m fas a tout moun ki panse yo te ka dikte’m pozisyon politik ak elektoral. Se nan sans sa, apre eleksyon 2006, fas a difikilte pou jwen Radyo pou kontinye batay, mwen deside devlope #ReseauCitadelle #LeReCit sou forum email kote moun tap li’m depi 2002.

An 2008 mwen fè blog http://www.reseaucitadelle.blogspot.com , apre sa mwen kontinye devlope #LeReCit. Gras a platfòm rezo sosyo yo, mwen mennen anpil batay pou defann dwa moun, sekirite, lit kont kidnapin, batay kont kòwipsyon nan lapolis, edikasyon politik, pwomosyon retablisman lame, gouvènans lokal, drenaj Lavalas.

Aktivite maketing Kapot Pantè mwen sispann nan zòn ane 2000. Depi lè sa se fanmi mwen ki sipòte’m, kote manman’m ap retire 50 goud chak jou nan lajan manje, banm peye kamyonèt.
Madanm mwen kitap travay nan DGI, ke chimè #Lavalas te atake an septanm 2003, banm ti kòb lè li touche.

Mwen pase 14 lane lakay papa'm ak madanm, pitit, yon fason pou’m pa pote kwyi mwen devan pòt etranje. Mwen abitye refize kòb, pozisyon ak avantaj. Mwen pa pou vann. Bondye wè kè mwen, li louvri pòt pou mwen.

Li montre’m kòman pou’m transfòme eksperyans maketing, ankèt jounalis, ak konpreyansyon politik #Haiti an sèvis konsèy pou gwo firm avoka etranje, ONG ak dirijan politik ki gen menm pozisyon ideolojik avè’m. Sèvis sa yo ede’m viv nan diyite pandan m’ap chanje listwa peyi’m.

Rann sèvis pa toujou bay chagrin. Li ede’w gen plis eksperyans, li ede’w konn moun. Pafwa kòve konn reprezante yon ouvèti Bondye fè pou’w aprann epi pou’w fè tout moun wè kapasite’w. Se nan ede moun pou gran mesi, san atann anyen, Bondye louvri pòt pou mwen. Li libere’m!

Mwen ekri mesaj sa, pou ede tout piti ki fenk rantre nan politik, ki pa konn moun, konprann ke tout moun pa menm. Depi’m piti fanmi mwen ede’m konprann ke nan lavi gen bagay ki gen plis valè pase lajan. Depi w gen valè ak konesans, lajan ap vini. Si w gen lajan san valè, w pèdi.

Motivasyon politik mwen se ede peyi’m vini tankou Saint-Domingue, Bahamas, ak tout lòt peyi lamerik santwal tankou Costa Rica, kote moun ap fè efò pou viv byen nan peyi yo. Men pou sa fèt, nou dwe konbat demagòg yo kap di nou al kraze brize. Paske nan peyi sa yo ki gen pwogrès, pagen kraze brize.

Mwen pa janm blye gwoup jenn “Bon Repos” ki tap pase ak baton, koulin, 2 men yo, pou al sekirize kay Aristide nan lannwit kou deta 29 septanm 1991. Pi fò nan yo mouri mal pou Aristide. Lè sa, mwen te nan yon bis Okap ak anpil lòt jenn ki tap ale enskri nan fakilte Port-au-Prince.

Se an memwa jenn sa yo ak tout lòt ki mouri pandan 3 lane koudeta ke mwen deside konbat tout demagòg. Mwen pran desizyon sa lè’m wè gagòt #Aristide fè apre li fin retounen sou pouvwa an 1994. Mwen di : mwen pap rete an silans epi kite demagòg manipile pèp #Haiti konsa ankò.

Tout vye pawòl divizyon lit klas sosyal, wòch nan dlo wòch nan solèy, milat kont nwa, se pawòl pou demagòg yo pran woulib sou do pèp la, pran pouvwa, vin rich, apre yo al chache fanm blanch pou “vanje la ras”. Nou dwe rezoud problèm yo tèt frèt, mobilize pou refòm ekonomik ak entegrasyon.

Nou pral fè tankou dominiken yo:
- Sispann vyolans;
- kreye stabilite politik ak kad pou boujwa ak etranje envesti;
- reyòganize gouvènans lokal yo;
- goumen kont kòripsyon ak anpil transparans;
- konbat monopòl;
- kreye opòtinite pou jenn;
- chanje fason pèp la ap mal viv #Haiti

Mwen pa janm blye sa jenn “Bon repos” te reponn lè nou te di yo, militè yo gen gwo zam, yo pral touye yo :
“Zafè! #Haiti va chanje. Li lè pou dezòd sa yo fini.”
Aristide tounen, li transfòme tout OP (Oganizasyon Popilè) an gang chimè. Depi lè sa, pagen konviksyon se lajan.

Epi tout “nul” sa yo panse tout moun menm jan ak yo.
1-Kle kou kominikasyon politik nou bay yo-a, ap rete konsa, jiskaske yo remete pèp la nan mitan tout desizyon kap pran;
2-Nou pap kite yo detri jwè ki gen kapasite bay rezilta; nap demaske tout demagòg;
3-Woulib menas #Lavalas ke mouvman #TETKALE tap pran an, fini. #LeReCit

Cyrus Sibert
Okap, #Haiti
reseaucitadelle@yahoo.fr
@reseaucitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire