samedi 19 janvier 2019

Lamò jenn gason sa fè'm reflechi anpil sou reskonsabilite moun ki lidè kwayans ak lafwa nan peyi d'#Haiti.-

Lanmò jenn gason sa fè'm reflechi anpil sou reskonsabilite moun ki lidè kwayans ak lafwa nan peyi d'#Haiti.-

[Sa se foto Jacques Makenson ak mwen menm Cyrus Sibert nan dat 29 mas 2016, apre li te fin swiv trètman epi geri.]
-------
Ayè vandredi 18 janvye 2019 la, mwen aprann ak anpil tristès lanmò Jacques Makenson, yon timoun lari, kite nan Pwojè Pyè Toussaint epi kite viktim abi seksyèl anba men reskonsab pwojè a kise Douglas Perlitz, yon sitwayen meriken ke lajistis Etazini kondane 21 desanm 2010, pou 20 lane, apre li te aksepte rekonèt krim li fè sou timoun nan lari vil Okap.

Lamò sa fèm revolte kont elit peyi d’#Haiti ki kontante yo sèlman chita ap reklame dwa, pouvwa ak privilèj san yo pa pran reskonsabilite gide mas pèp la.

Vodouyizan yo pale anpil reklame dwa yo. Men yo pa jwe wòl yo nan louvri zye pèp la, ede yo fè diferans ant sa ki mistik ak obligasyon pou yo respekte sa ki syantifik. Anpil moun ap mouri akòz de yon kwayans ki di “si yon moun malad, w pa dwe ale nan doktè paske remèd doktè ap touye’w.”
Kidonk, bagay sa fè ougan chaje moun malad ki vini devan pòt yo avan menm moun sa yo ale lopital.

Menm lè nou trè kritik kont anpil mechan nan boujwazi ya, nou dwe rekonèt ke elit nan klas mwayèn nan echwe tou. Yon senp ti kout zye nan lajistis ak nan lasante, ki se 2 sektè domine pa klas mwayèn nan, ap demontre ke se yon echèk kolektif de tout elit tout kouch peyi d’#Haiti, ki derefize jwe wòl yo, epi mete nou la.

Fayit nan sante ! Yon jistis ki pa fonksyone byen ! Mantalite ki plis bloke peyi pase ede'l avanse !

Nan lane 2016, pandan yon depozisyon nan peyi Sendomeng devan avoka etranje ak ofisye tribinal meriken, Makenson tap touse san rete. Etranje yo ki tap tande temwayaj li nan kad pwosè pou dedomaje viktim yo te oblije kanpe depozisyon an epi mande’m asire ke sepa tibèkiloz li genyen, epi veye ke li geri avan pou’m retounen ak li Sendomeng pou yo kontinye tande li. Yo te ranvwaye depozisyon an.

( An pansan map di nou ke paske politisyen aysyen ap kraze brize tout tan, se Sendomeng anpil rankont pou yon seri gwo dosye blije fèt. Paske anpil konpayi asirans refize kouvri bagay kap fèt Haiti; sak pi grav la, se yon gwo risk lè yon konpayi voye anplwaye li an Haiti. Paske si yon bagay rive, yo ak atake reskonsab konpayi sa lajistis pou neglijans ki baze sou le fè ke yo te konen risk yo, #Haiti toujou gen kraze brize, lidè politik yo toujou anonse zak vyolans yo. )

Lè’m mande Makenson : sak pase ki fè wap touse konsa? Li reponn mwen : se nan yon "mò touse" yo voye sou li. Li di’m tout remèd li pran bagay sa pa janm pase.
Mwen te eksplike misye ke se lè nou fin fè tout analyz ak konsiltasyon lopital nap ka wè si se bagay mistik ou pa.

Ebyen, lè nou ale lopital Justinien, reskonsab laboratwa yo dekouvri li soufri tibèkiloz. Epi yo refere nou nan Sant Sante CDS ri zero L ki gen yon pwogram trètman maladi sa nan Okap.

Dr Constant te byen akeyi nou. Apre yon bon ti pale de ASC ki se ekip foutbòl li renmen anpil, li rele yon mis reskonsab pwogram lan epi di’l pou pran swen Makenson.

Apre 6 mwa Makenson pase ap vini pran medikaman nan sant lan, misye te geri. Nou te fè plizyè tès ak sètifika medikal voye Etazini pou pwouve ke Makenson geri, li kapab temwaye kòm sa dwa.

Apre sa li reprann aktivite li nan lari-a, ap degaje li pou’l siviv.

Nan mwa novanm 2018 la, lè’m te rantre Okap, mwen wè Makenson gen yon maleng nan men. Mwen di’l sak pase, li reponn se bagay malfektè. Tout sa li mete sou men an pa mache. Mwen bay li presyon pou li ale kay doktè. Li di li pagen kòb. Kòm jij meriken an entèdi mwen menm Cyrus Sibert bay viktim yo kòb paske se klyan fim avoka ke map ede nan dosye a yo ye konnye-a, nou oblije fè anpil strateji pou Makenson jwen mwayen ale wè yon doktè. Fwa sa nou pat la pèsonèlman. Ebyen, nou aprann ke li te ale wè ougan pito pou men an.

Nan sans sa, depi anviwon yon senmenn, yon bon zanmi Makenson rele nou pou eksplike kòman misye pa bon ditou. Sitiyasyon’l tap degrade. Fwa sa, se manje li pat ka vale. Depi li manje, li vomi. Epi lap deperi.

Sak pi grav la, menm zanmi sa di nou, "yo paka ale lopital ak misye paske se bagay malefik. Kidonk, depi doktè mete men sou li, lap mouri."

Lè mwen aprann nouvèl la, mwen di avoka viktim yo sa. Yo fè rezèvasyon avyon pou’m rantre Okap vin ede Makenson gras a kontak pèsonèl mwen gen, menm janm ak lè li te ap touse a. Paske, avoka yo tou, pagen dwa bay viktim yo kòb. Jij meriken an te pran yon desizyon sou sa. Yon bagay ki fè anpil moun ayiti ap kritike di nou di, paske men kob pou achte yon sachèt dlo, nou pagen dwa bay yon klyan. La lwa entèdi sa.

Plan pa’m sete al kote yon reskonsab lopital epi mande’l aksepte Makenson pami malad yo ekzonere, ki vle di malad ki pa peye anyen lopital la. Epi tou, gras a kèk zanmi mwen gen ki nan famasi, mwen tap gade kòman yo ka banm kout men.

Sou pwen sa, pwoblèm lan rete antye. Makenson panse se maladi yo voye sou li. Lè mwen pale ak li, se menm repons lan. Gen yon kolaboratè ki menm di’m, si misye te mouri apre mwen fin mennen’l kay doktè, yo tap di se mwen ki lakòz li mouri.

Bufff !!!

Rezèvasyon gentan fèt pou’m rantre senmenn 21, epi jounen 18 janvye a nou aprann Makenson mouri.

Malgre mwen toujou evite pale de dosye pwosè sa, paske mwen gen obligasyon sekrè, nan dosye ke m’ap jwe wòl ajan anketè ak ankadreman viktim, aspè kwayans sa atire atansyon’m.

Gen anpil moun kap mouri nan peyi-a akoz de kwayans sa yo. Anpil malad rive lopital byen mal pou yon seri de ti maladi ke yo te ka rezoud fasil. Kote yo te ye? Kay bòkò! Sak pi grav la, yon seri pastè legliz rantre nan pratik sa tou. Kote yo di moun yo pa ale lopital, yo ka geri yo.

Pastè sa yo refize konprann ke se Bondye ki bay lòm entelijans, kidonk, Bondye paka kont lasyans depi se byen lap fè.

Pou vodouyizan yo, nou panse, pa dwe gen pwòblèm pou yo wè yon moun ki fi’n wè doktè. Men, di moun ki malad ke li pa dwe ale kay doktè-a, se yon gwo pwoblèm. Se menm yon krim. Sak pi grav la, lajan bòkò ap mande pou trèman, w pa fouti prevwa ki kantite, anplis yo pagen limit nan pri… Sepa bagay malere ka jere ditou. Epi tou, w paka mande yon moun ki pa abitye nan bòkò lajan pou’w ale kay bòkò. Li yon tijan konplike...

Nap mande si pa dwe gen yon lwa ki oblije ougan ekzije papye doktè avan yo resevwa yon moun.

Se bagay grav sa ye !

Nou paka chita ap joure boujwa oubyen palmantè ak ekzekitif kap pale tintin san nou menm nan klas mwayèn nan pa pran reskonsabilite nou nan domèn nou ye yo.

Sa fè’m mal anpil pou Makenson ki mouri.

Moun ki se lidè kwayans ak lafwa nan peyi d’#Haiti dwe reflechi anpil a bagay sa yo.

Yon jenn fanm ki gen yon “tumeur” nan matris ke doktè ka trete fasil, doktè nan gwo lopital Sendomeng pran randevou ak li pou retire boul la, mari fi a chache kòb pou madanm li al pran swen nòmalman, ebyen yon pastè debake epi di li : « Lap fonn "tumeur" a ak lapryè.» Ebyen, yon lane apre, kansè anvayi jenn madanm lan ki mouri kite yon bann timoun piti. Pou kache echèk la, yo di "se manje lòt fanm manje dam lan", "li te manke lafwa"….patati, patata.

Saaaa se yon gwo pwoblèm ki merite rezoud nan peyi d’#Haiti. Lidè peyi sa dwe panse a pwoblèm sa yo : Jistis (eta tribinal yo ak enjistis yap fè pèp la), Sante (eta lopital yo), Mentalite negatif (tout vye kwayans kap bloke devlòpman)

Pou fini, nap di :

Batay pou tout viktim abi seksyèl pwojè Pyè Tousen jwenn jistis ap kontinye. Menm lè sa fè sizyèm viktim ki tonbe pande dezyèm faz pwosè a, menmsi se vre bagay sa yo afekte nou anpil, men nou pap dekouraje. Okontrè, sa ranfòse konviksyon nou nan verite ak jistis. Paske se sèl jistis pou sa ki vivan kap ka sove diyite ak memwa sa ki tonbe pandan batay la.


Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
www.reseaucitadelle.blogspot.com
19 Janvier 2019

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire