mercredi 14 août 2019

Pa kite Boujwazi salòp #Haiti fè w menm viktim pase pou koupab ki lakòz peyi-a nan eta li ye la ! #LeReCit

Yonn nan teknik moun ki gen misyon fè pèp yo aksepte mizè yo oubyen fè viktim yo kwè se yo ki lakòz sak rive yo, se pran yon reyalite ke tout ka wè epi retire’l nan kontex istorik li, pou pote yon konklizyon senp san yo pa pale de sistèm ki lakòz sa rive la.

Nan lang moun save, yo rele sa “sophisme” ki vle di yon egzèsis entelektyèl ki parèt senp, lojik e “de bonne foi” tandiske baz refleksyon an fo, kidonk rezilta refleksyon an ap toujou fo. Nan lang save, yo rele baz refleksyon an “prémisse”.

Trump di Haiti se #ShiteholeCountry ki vle di peyi latrin. Anpil aysyen ti lespri tonbe bat bravo di se vre nou dwe rekonèt sa. Alòske, menm lè kondisyon peyi-a sal vre, dominasyon Etazini ak lòt gwo peyi tankou Lafrans, Espay sou Ayiti depi apre lendepandans pa janm bay nou yon chans pou nou pran fòm kò nou. Depi apre batay Vètyè moun sa yo ap chache touye rèv zansèt nou yo.

W pral di’m lidè nou yo responsab tou. Map dakò ke nou gen responsabilite pa nou nan rezilta sa tou. Men, eske nou janm wè gwo peyi sa yo janm sipòte lidè aysyen ki konpetan, pwogresis oubyen ki vle fè yon bagay pou peyi-a? Yo toujou la ap manipile politik andedan peyi d’Haiti : Manipile laprès, entelektyèl, boujwazi salòp la reprezante yo nan aktivite piye Haiti, afebli leta ak kontreban, pa peye taks, finanse enstabilte ak vyolans politik.

Lidè ki te vle fè kichoy pou Haiti yo pa janm jwenn sipò gwo peyi sa yo. Pa egzanp, eske w panse Jeneral Henry Namphy tap janm pran chans jete Manigat si kominote entènasyonal la te sipòte pwofesè-a?

Kidonk, moun ki gen bon konprann pap kouri bat bravo pou Trump. Yap konprann ke se yon apwòch “métaphysique” kote yo retire yon sitiyasyon nan konteks istorik li, kote yo senplifye’l yon fason pou yo ka blame viktim yo epi fè yo aksepte ke se yo ki lakòz.

Gade kantite dilè dwòg ak kriminèl ki nan politik an Haiti, yo nan palman, yo tout kote. W panse blan meriken pa konnen yo? Pouki sa yo pa piblye dosye yo menm jan yo fè pou lòt moun? Poukisa Etazini, Lafrans, Kanada ap kache dosye moun sa yo ak tout yo gen prèv kont yo? Yon politik ki lakóz kriminel ak lajan sal sa yo gen anpil mwayen pou domine politik, kreye gang, simen latwoublay.
Se yon fason pou nou toujou gen dirijan ke yo ka fè tounen maryonèt ak chantaj manipilasyon. Si pa erè yon lidè serye rive pran pouvwa san yo pagen dosye sou li, yap fè opozisyon bay li presyon pandan media kòwonpi ap fabrike manti.

Eske nou janm wè yo sipòte jenn lidè serye, onèt, ki pa nan dwòg, ki pa nan kòwipsyon? Yo te konbat Manigat, yo konbat Gerard Gourgues, yo konbat Gérard Pierre-Charles, yo te konbat Aristide avan li te vin tounen yon ti pope twèl yo ka manipile. Jodia yo kache tout vye dosye li gen. Yo kite’l la pou’l destabilize peyia epi yo pran pòz yo pa konnen.

Se egzakteman sa Kesner Pharel fè lè li oze di vil Okap paka 2e vil ankò devan Delmas ki gen plis moun ak plis lajan.

Li retire sitiyasyon vil Okap la nan konteks istorik li. Li fè yon apwòch “metaphysique”, yon “sophisme” pou blame viktim yo. Epi gen anpil moun ki gentan kouri bat bravo paske yo pa renmen sitiyasyon vil Okap.

Tandiske, lè w fè rechèch, vil Okap sete kote kite gen anpil gwo biznis, anpil travay, touris, gwo biznis kap vann machin, gwo mezon komès, anpil gwo biznis ki jodia nan kapital kòmanse nan vil Okap, anpil gwo mezon komès entènasyonal rantre an Haiti apati de vil Okap. Se vye politik nèg Port-au-Prince ki kraze bagay sa yo, politik monopòl boujwa salòp ki finanse dechoukaj tout gwo biznis nan Okap pou anpeche gen konkirans epi oblije tout moun nan Nò al achte nan men yo kapital. Se monopòl ekonomik boujwazi salòp la ki kraze vil pwovens yo, pou anpeche yo enpòte menm machandiz ak yo nan Port-au-Prince.

An 1991, premye desizyon yo fè Aristide pran sete bloke kontriksyon ayewopò Okap ke Jeneral Avril te pwomèt epi kòmanse fè. Bank ki nan vil Okap yo se zouti pou ranmase lajan moun nan Nò epi al prete boujwa nan kapital.

Nan mwa jiyè ki sot pase la, klèb foutbòl ASE te bezwen yon ti kòb pou al jwe nan lòt peyi nan Karayib la, pagen yon bank kap fè lajan Okap ki te deside ede’l. Menm lè yap fè pil lajan nan vil Okap, se nan kapital yo finanse aktivite kiltirèl, kanaval, elatriye.

Kesner Pharel pase tout vi li ap maske demagoji boujwazi salòp la lè l’ap pale de kwasans ekonomik san li pa denonse e ensiste sou strateji ekonomik anti-nasyonal ti gwoup moun sa yo ki sèlman ap chache lajan fasil san pran risk, san kreye travay. Se nòmal pou jodi-a lap chache fè nou menm viltim kwè ke se nou ki lakòz. Tandiske egzanp lan la akote nou Sendomeng. Boujwazi Nasyonal la devlope yon mache nasyonal ak envestisman ki kreya djòb, li pa ankouraje enstabilite ni finanse koudeta ak vyolans politik, li montre li reskonsab, li gen anpil enterè nan peyi-li.

“Group Croissance” ke Roro Pharel ap dirije se konsiltan boujwazi salòp la. Strateji li se chita ap blame dirijan politik selman, fè divèsyon kite bourik bat makout, aloskò sous pwoblèm lan se konpòtman ireskonsab boujwazi salòp la ki pa rekonèt li nan peyi-a. Pou yo, Haiti se sèlman yon kote pou yo fè lajan nan kelkeswa kondisyon.

Gen yon tandans kap devlope nan peyi sa kote yon seri moun panse yo ka blame viktim yo.

Boulos ap blame moun klas mwayèn ki pa reyisi tankou’l. Li pa janm pale de privilèj sistèm lan ki favorize katagori sosyal li a paske po li klè, menm lè li entelijan, solidarite ti gwoup privilejye ke li benefisye ede’l reyisi kote lòt moun entelijan echwe.

Lè w tande nèg sa yo ap blame leta, wa di se pa yo ki Leta a. Tandiske, non-selman yo se Leta, men Leta-a viktim de yo.
- anpil nan yo pa peye taks,
- anpil nan yo nan kontrebann,
- anpil nan yo jwenn gwo kontra anba tab,
- yo toujou gen rezon devan lajistis,
- se yo ki jwenn lajan prete labank,
- pi fò komès an Haiti gen 2 ou 3 kaye kontabilite pou ede yo chanje chif epi pa peye taks.
- Prezidan Préval fè yo kado tout antrepriz leta Duvalier te konstri yo : Aciérie d’Haiti, Minoterie d’Haiti, Central Electrique Varreux...
- Yo kontwole ladwann, DGI, APN, Commission Nationale Passation de Marché Public, LakouDekont, - yo itilize ekipman leta CNE/TPTC pou konpayi prive yo genyen fò kòb ak menm leta a.

Lèt bèf la pou yo, vyann bèf la pou yo, menm po bèf la ap cheche nan lakou lakay yo, epi yap pale bèf mal.

Se pou rezon sa, nou paka kite yap blame viktim yo ki se Leta ak pitit soyèt ki paka reyisi paske yo pa janm gen chans jwenn okenn avantaj.

Nan eleksyon kap vini la yo pa dwe gen pale franse mete la. Tout kandida depite ak senatè ki paka di bagay yo jan yo ye-a se demagòg pou nou rejte.

Zafè bèl pwogram wout 4 vwa anlè, wout anba, se pawòl pou fè pèp la domi, bay fo espwa fè divèsyon.

Solisyon pwoblèm peyi sa pase pa yon Leta ki gen karaktè pou fè tout moun peye taks ak dwann;
yon polis fò ki gen backup pou arete kelkeswa moun ki vyole lalwa;
yon polis ki gen mwayen ak fòs pou mete sekirite tout kote nan 4 kwen peyi-a;
yon jistis konpetan pou pran desizyon san pati pri.

Pa kite yo manipile lespri’w pou fè w aksepte se w ki koupab aloske se w ki viktim sistèm peze-souse ki fè yo rich nan yon peyi pòv.


Cyrus Sibert
@ReseauCitadelle #LeReCit
WhatsApp : +509-3686-9669
https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10156249085249478/10158914272194478/

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire