samedi 12 décembre 2020

Refleksyon sou ANI (Agence Intelligence Nationale). Eksperyans pèsonèl Cyrus Sibert nan batay kont gang kidnapè Willy Etienne.-

[ Si Japonè yo te konnen Etazini pa te gen yon 3e bomb atomik, yo patap janm aksepte depoze zam devan lame ameriken kite nan denyè limit li. Kidonk, yo te ka pa pedi 2e gè mandyal la. ]

Yonn nan defo pouvwa sa : toujou gen yon seri moun andedan’l pou izole prezidan an, anpeche’l konsilte lòt moun sou yon seri desizyon lap pran. Sa’w tande-a, yo gen espas pou gagote tout jefò kap fèt pou ranfòse leta, mete sekirite, rezoud pwoblem, epi kreye kondisyon pou devlopman. Sa vrèman dekourajan ! Sa fè lontan nap mande kreye yo sèvis ransèyman nasyonal pou peyi d’Haiti. Men, nèg yo sanble ap sabote pwojè sa. W ta di se espyon etranje kap travay, pou pase peyi d’Haiti anba rizib. Pa egzanp, nou goumen anpil pou Leta fè rapò sou evènman yo ak objektif pou enfòme enstans entènasyonal yo ak patnè Haiti sou evenman ki pase yo. Men, nèg yo pa janm fè anyen oubyen yo fè yo twò ta. Rezilta, lè wap li kominike depatman trezò meriken sou dosye LaSaline nan, w ka wè se rapò Pierre Espérance yo ke yo kopye. W santi gen yon travay ki pa fèt sou pwen sa. Nèg yo pa menm kite prezidan an wè si prochen etap la pral li menm. Se akize gwoup blakawout ak Lavalas bwezen akize’l direkteman nan dosye sa. Yo pral atake konseye li jiskaske yo kreye pèsepsyon ke lè se li menm kite bay lòd pou masak la. 5e kolòn nan ap byen travay andedan pouvwa sa. Se tankou plent Henry Ceant te pote a. Pami tout konpayi ki gen plizyè milyon dola vèt #Petrocaribe, se nom ti konpayi Prezidan Jovenel ki te gen yon ti kontra kelke milyon goud ke yo te mete. Epi tout moun t’ap di prezidan an “Kite Ceant frape, sa pa konsène’w!” Konsènan ANI kise (Agence Nationale Intelligence), menm jan Repiblik Dominiken genyen ajans ransèyman li, Haïti dwe gen ajans pa li tou. Okenn peyi, oken oganizasyon tankou OEA, ONU, CORE GROUP paka anpeche sa. Nou gen dwa sa kòm yon leta. Nou ka defann sa! Nou dwe defann sa! Men tout pwoblèm lan, se ki fason pou sa fèt? Kijan pou’l fonksyone? Sa ki ekri nan dekrè a demontre klèman ke yo priyorize entèvansyon. Yo di klèman ke ANI ap ka fè travay lapolis, aloske li te pi enpòtan pou konsantre’l sou kolekte ak analize enfòmasyon. Tou dabò, nap di, gen 2 lekòl panse sou kesyon entelijans : 
1- Yon lekòl ki panse ransèyman se operasyon aksyon, 
2- gen yon lòt lekòl ki panse ransèyman dwe chita plis chache ak analiz enfòmasyon. Wap ka li sa nan liv : La CIA et le culte du renseignements, January 1, 1975, ekri pa Victor Marchetti ak John D Marks. Jan mwen wè arete a fèt la, li plis sanble ak yon bagay tankou FBI. Yon sòt de polis sivil. Nan sans sa nap di, si DCPJ deja ap travay tankou yon polis sivil kap ankete, kidonk nan sans sa, ANI pagen enpòtans. W paka kòmanse yon sèvis entèlijans an Haïti ak lojik aksyon entèvansyon. Paske non sèlman nou gen yon istwa diktati ki fè moun pè, men tou, Leta nou-an fèb, enstitisyon yo fèb, lajistis fèb, Lapolis pa travèse yon kriz Fantom 509, Lame fèb, Palman fèb. Sitou lajistis ak lòt enstitisyon kontwòl yo ki nomalman te dwe kapab kontwole derapaj. Epi tou, yon ajans entelijans fè travay sekrè, operasyon klandestin. Se fòs sekirite ofisyèl ki pou aji ouvètman sou baz enfòmasyon li kolekte. Kidonk, yon sèvis ransèyman pou Haïti dwe kòmanse pa devlope kapasite pou kolekte ak analize enfòmasyon ki kapab gide entèvansyon otorite sivil yo, ede Lapolis oubyen Lame fè travay yo. Nou poko nan stad entèvansyon. Paske stad sa mande yon nivo pwofesyonel, disiplin ak anpil sans resposabilite. Dayè Victor Marchetti ak John D Marks di nan liv yo a ke entèvansyon sa yo konn lakòz gwo pwoblèm diplomatik, ak tansyon, pou yo seri de bagay kite ka regle nan negosyasyon. Yo kritike CIA deske li konplike relasyon Etazini ak anpil peyi paske se moun ki kwè nan operasyon entèvansyon klandestin ki toujou ap dirije. Nan sans sa, yo mete plis lajan nan aksyon epi neglije analiz enfòmasyon ki souvan ka pote anpil rezilta. 99.99% aysyen paka kenbe yon sekrè. Tout desizyon andedan Leta ap sikile sou whatsapp ak facebook. Kidonk, li enpòtan pou mete baz yo, disipline ajan yo. Pou entèvansyon, pi devan, nou kapab kreye inite entèvansyon ak polisye ki detache ak ANI. Sa fèt nan tout peyi. Anpil militè oubyen polisye konn dezafekte pou travay ak sèvis ransèyman yo. Ki vle di, #PNH oubyen #FADH kapab mete osèvis ANI moun ki gen fòmasyon ak eksperyans nan mennen operasyon entèvansyon. Lè arestasyon yo fèt, se polisye kap fè yo. Anpil ansyen polisye oubyen ansyen militè ki pagen move dosye kapab travay ak ANI pou kolekte enfòmasyon. Kapab menm gen jij ki spesyalize pou travay ak sèvis ransèyman. Moun sa yo ap aprann kenbe sekrè Leta sou dosye ki sansib. Anpil polisye nan Palè ki fòme an amerik Latin gen fòmasyon ransèyman oubyen entèlijans. Men se ransèyman militè ki diferans de ransèyman sivil. ANI dwe yon ajans ransèyman sivil. Kap ede pouvwa sivil yo gen bonjan enfòmasyon ak bonjan analiz pou fè previzyon. Lapolis #PNH deja gen “Service Renseignements généraux”, li gen “DCPJ” pou ankèt jidisyè. FADH gen yon ofisye ransèyman militè kap travay anba komandman. La ankò se ransèyman militè. ANI li menm, li pral fè ransèyman sivil. Se menm bagay ak yon Jounalis anketè kap travay pou fòse Lapolis, lajistis ak reskonsab gouvènman aji oubyen reyaji. Pèsonelman mwen reyalize plizye misyon konsa ak PNH, MINUSTAH, elatriye. Yon seri kolaborasyon ki te bay bon rezilta tankou arestasyon kont Chèf gang Willy Etienne ki tap fè anpil kidnapin nan Nord sou prezidan Preval. Travay la te senp. Rezo enfòmatè oubyen “source” ke #LeReCit te genyen te pèmet nou piblye yon seri atik ak presizyon sou mouvman gang Willy Etienne nan. Yon bagay kite anbarase Lapolis nan Nord ki te parèt fèb devan gang yo. Travay #LeReCit te fè MINUSTAH wè pwoblèm lan a klè. Enfòmasyon yo te disponib. Men gen Moun andedan Lapolis ki kache yo, paske yo pa enterese, paske yo parese, paske yo pè pran risk, oubyen paske yo te nan zanmitay ak bandi. Se konsa yo te kontakte nou, voye yon ekip spesyal nan Nord, epi oganize yon rankont ak nou menm pou mande nou pataje enfòmasyon nou kolekte ak yo direkteman. Pagay sa te mete anpil presyon sou Lapolis nan depatman Nord a, polisye UNPOL yo te kenbe DG Andresol kout, jiskaske desizyon te pran pou aji, ekate yon seri polisye, yon bagay kite pèmet bon polisye profesyonel SDPJ/Nord fè travay yo, mete konpetans yo deyò, jiskaske yo arete Willy Etienne nan dat 6 septanm 2010. Komisè Divizyonè Caneus kite DDN te mobilize twoup li yo pou di yo, “mwen pap pote chay pou okenn moun. DG mande Willy, degaje nou pou banm Willy”. Jiska prezan, plizyè polisye kite nan UNPOL gen anpil respè pou polisye SDPJ/Nord yo kite montre yo gen anpil kapasite. Sa nou vle di la : travay #LeReCit ki tap kolekte bonjan enfòmasyon te ede mete presyon sou Lapolis ki tap di li pa konnen, li pa kapab. « Kòman Cyrus fè konnen epi w menm ki reskonsab sekirite ap di w pa konnen? Misye gen enfòmasyon yo ak presizyon. Nou dwe ka jwenn Willy », se repons sa polisye UNPOL/MINUSTAH yo tap bay kòmandman Lapolis #PNH. Finalman, olye DDN Canéus te rayi nou oubyen konbat nou, li te envite’m pale avè’m, epi di’m “monchè nou dwe kolabore pou rezoud pwoblèm sa, se aysyen nou ye.” Misye te mete yon ofisye polis pou asire liyezon avè’m, si’m raple’m se te Komisè Bio. Mwen te reponn li, ke “menm lè yon jounalis pa yon enfòmatè Lapolis, nan yon sans patriyotik, mwen paka NEUTRE devan pil kidnapin kap fèt yo. Mwen pa bezwen anyen nan men Lapolis, map kolabore.” Pagen okenn medya ameriken ki pap pataje enfòmasyon ak fòs sekirite yo si yo konnen yon atanta teroris pral komèt. Rezilta-a te pozitif. Sa te ede’m konprann difikilte Lapolis, tou. Tet kase pou mete gaz, jwen machin, elatriye. Pagen kòb pou peye enfòmatè. Api tou, anpil nan enfòmatè lapolis te genyen yo, te twò close ak bandi yo, oubyen te pè denonse yo paske yo tap viv nan menm katye ak yo. Willy Etienne te terib sou pwen sa. Depi w denonse’l, lap touye’w ak gwo spektak pou fè lòt moun pè. Nou pataje eksperyans sa pou demontre ke nou konnen de kisa nap pale a. Travay nou te fè pou konbat kidnapin nan Nord sete yon sakrifis eksepsyonèl kòm sitwayen kite konsyan de absans yon veritab enstitisyon entelijans nasyonal tankou ANI. Haiti bezwen yon enstitisyon konsa, se li ki pou te akonpaye lapolis nan batay kont gang Willy Etienne. Konsa tou, eksperyans sa demontre ke sepa zam kap bay rezilta ni entèvansyon. Men, bonjan travay kiltive yon rezo enfòmatè, kolekte enfòmasyon, verifye enfòmasyon yo, pou ede otorite yo dirije peyi-a, fè previzyon ak planifye bonjan operasyon ak anpil presizyon. Nou pat gen yon zam nan senti nou pou n’ap kouri deyè bandi, ni mache fè wè, fè djòlè louvri kò nou. Sa pat fèt san danje non plis. Yon jou samdi matin, bandi ak zam te sere anba yon touf zèb bò lakay andedan lakou CACH, epi ap tann mwen soti. Sanble li pat rekonet mwen. Mwen te gen yon kaskèt nan tèt mwen epi mwen te nan machin ak papa’m.
Apre bagay sa, chef polis la mande’m si mwen pa bezwen yon zam. Men, sepa sa ki tap banm sekirite. Mwen te jis chanje abitid, deplase mwens, pa rantre Lakay mwen pandan yon bon bout tan, epi tou mache ak plizyè rad ak chapo nan valiz mwen. Pandan tout tan ankèt la tap vanse. Gen yon jou swa mwen te ale sou teren nan zòn Pont Blanc, wout Robillard ak UNPOL/MINUSTAH, mwen pat gen zam. Mwen te jis mete yon jilè pwoteksyon. Yo te oblije mache avè’m paske enfòmatè a pa’t vle pale ave’k okenn moun, si mwen pat la. Nou te menm pran pann kawoutchou, anba lapli, andedan raje sou wout soti kafou Talès pou ale kafou pè.

Menm apre arestasyon Willy, nou te oblije ak kontwole rezo ki abitye ede misye sove kite prizon. Yon nan fanm misye, kite toujou konn ede’l sove, rive jwenn arestasyon’l nan eseye pote telefon pou li pandan li nan "garde à vue”. Pandan polisye yo tap repoze, rezo sitwayen enfòmatè yo te kontinye ap veye tout sa kap di, sa kap fèt, pou bandi-a pa ale. Ransèyman yo te rive jis sou kontak gang lan andedan APENA, ajan ki abitye resevwa bout siy a meto pou li ke fanm li konn mete andedan pen. Menm lè mwen itilize mo enfòmatè, sete jis yon seri sitwayen ki santi lavi yo, lavi pitit yo menase ak koze kidnapin nan. Yo te oblije voye pitit fi yo al sere lavi’l pou bandi pa vyole yo. Se yon seri senp sitwayen kite vle vle kolabore paske yo te santi lavi yo ak lavi fanmi yo menase ak ensekirite. Sitwayen sa yo toujou egziste. Yo la nan tout peyi-a, nan tout katye popilè. Yo selman bezwen garanti ke Leta gen volonte, ke yo pap abandone yo, ke jamè okenn moun pat janm denonse yo. ANI se enstitisyon ki sa kapab fidelize jan de moun sa yo. Remak nou sot fè sou koze zam l’an pa vle di yon ajan ransèyman pa dwe gen zam pou pwoteje tèt li. Men, souvan, yon zam ka anpeche’w travay byen. Depi w gen zam sou w, w gen tandans pa prudan, moun yo ap wè w yon lòt jan, yo ka pè pale avè’w. Sa ka afekte konfyans e menm atire vyolans sou w. Paske bandi yo bezwen zam. Epi tou, li pi bon lè entèvansyon pa soti menm kote ak ransèyman. Sa pemèt rezo enfòmatè yo pa devwale, epi rete disponib pi lontan. Jiska prezan gen nan efòmatè yo kap ekri’m banm nouvel zòn nan. Pou’m fini, m’ap di nèg yo k’ap sabote Prezidan Jovenel yo, pinga yo kwè tout moun se enbesil. Se chans pa yo pou yo gaspiye pouvwa sa, paske prezidan an refize evalye pèfòmans travay moun ki akote’l yo. Bagay sa lakoz Haïti ap soti lèd sou yon bann dosye. Paske lè nap gade byen, se sou preske tout bagay, neg yo fè espre fè yo mal yon fason pou yo echwe epi pou blan ka imilye nou. Cyrus Sibert, #LeReCit @reseaucitadelle reseaucitadelle@yahoo.fr 12 décembre 2020 WhatsApp : + 509 3686 9669

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire